Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
« An nou
sove kò nou devan fas Absalon. Kite Semeyi pou l’ bay madichon, daprè lòd
Granmèt la ».
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 15, 13-14. 30 ; 16, 5-13a
Jou sa yo :
Yon mesaje vin kot David, li di : « Tout
Izrayèl ap suiv Absalon ak tout kè yo ». David di sèvitè l’ yo ki te avèk
li Jerizalèm : « Leve, an nou sove kò nou ; nou p’ap chape devan
Absalon. Fè vit, sòti, pou l’ pa gen tan vin mèt men sou nou, pou l’ pa fè dezas
tonbe sou nou, pou l’ pa frape vil la ak epe ».
David menm t’ap monte sou pwent tèt mòn Olivye yo, li
t’ap redi, li t’ap kriye, li te pye atè, li t’ap mache, san anyen sou tèt
li ; ni tout pèp la, ki te avèk li a, li t’ap monte san anyen sou tèt li,
li t’ap kriye.
Wa David rive jous Baourim, gen yon mesye ki sòti la, nan
ras kay Sayil, yo te rele l’ Semeyi, pitit Gera ; li t’ap mache, toutotan
l’ap mache, l’ap bay madichon, li t’ap voye wòch kont David ak kont tout sèvitè
wa yo. Tout pèp la menm ak tout sòlda yo adwat epi agòch wa a t’ap mache.
Men kijan Semeyi t’ap pale pandan li t’ap bay wa a
madichon an : « Sòti, sòti, kriminèl, pitit Belyal ; Granmèt la
renmèt ou tout san kay Sayil la, sèke ou te pran peyi-wa a nan plas li. Granmèt
la renmèt peyi-wa a men Absalon pitit ou a ; koulye a, malè ou yo ap kraze
ou, paske se kriminèl ou ye ».
Abisayi pitit Sarvi, di wa a: «Pouki chyen mouri sa a ap
madichonnen mèt mwen ki wa a? M’aprale, m’ap koupe tèt li».
Wa a di: «Ki sa k’ genyen ant mwen menm ak nou menm,
pitit Savi? Kite l’ pou l’ bay madichon; Granmèt la kòmande l’ pou l’
madichonnen David; kilès ki gen lodas di pouki l’ap aji konsa a? «Wa a di
Abisayi ak tout sèvitè l’ yo: “Men pwòp pitit mwen, ki sòti nan zantray mwen,
l’ap chèche touye m’; nou pa bezwen mande koulye a atò pou pitit Jemini an. Kite l’ pou l’
bay madichon daprè lòd Granmèt la. Si petèt Granmèt la te kapab konsidere tray
men, pou Granmèt la renmèt mwen byen nan plas madichon sa a jodi a ».
Konsa David te kontinye ap mache, ni moun ki te avèk li
yo sou wout la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 3,
2-3. 4-5. 6-7
R/ Leve, Granmèt, sove m’.
Granmèt, se pa ti kras anpil yo anpil, sa yo k’ap fè m’
pase tray la, yo anpil ki leve kont mwen, yo anpil k’ap di nam mwen : «Pa gen sove pou
li nan Bondye».R.
Ou menm, Granmèt, ou sèvi m’ pwoteksyon, glwa mwen, ou
menm k’ap leve tèt mwen. Vwa m’ rele kot Granmèt la, li koute m’antan l’ sou
mòn li ki sen an.R.
Mwen menm mwen dòmi, mwen nan pwofon somèy, mwen leve,
paske Granmèt la resevwa m’. Mwen pa pè mil pèp k’ap antoure m’.
Leve, Granmèt, sove m’, Bondye mwen.R.
LEVANJIL
«Pati, espri
papwòp, sot nan mesye a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK 5, 1-20
Lè sa a :
Jezi rive avèk disip li yo lòt bò lanmè a nan rejyon
Gerazenyen yo. Kon l’ sot nan batiman an, menm lè a gen yon mesye ki kouri sot
nan kavo yo, li te gen yon espri papwòp, se nan kavo yo li te rete, menm ak
chenn pèsòn pa t’ kapab reyisi mare l’ ; paske anpil fwa, yo te mare l’ak
wonn fè ak chenn, li te kase chenn yo, li te kraze wonn fè yo, pèsòn pa t’
kapab donte l’. Tout tan lajounen ak nannuit, li te ret nan kavo yo ak nan mòn
yo li t’ap rele byen fò, li t’ap blese kò l’ak wòch.
Lè l’ wè Jezi depi byen lwen, li kouri, li adore l’. Li
rele byen fò, li di: «Ki sa k’ genyen ant mwen minm ak ou minm, Jézu, Pitit
Bondié ki anro nèt la? Mouin sipliyé-ou pa pouvoua Bondye, pa fè m’ pase
mati ». Sèke li t’ap di l’: «Pati, espri papwòp, sot nan mesye
a». Li t’ap poze l’ kesyon: «Ki non ou?» Li di l’: «Se lejyon yo rele m’, paske
se anpil nou ye». Li t’ap priye l’anpil pou l’ pa chase l’ sot nan rejyon
an.
Nan kote sa a, sou mòn nan, te gen yon bann kochon, yo te
anpil, yo t’ap manje. Espri yo sipliye l’, yo di : «Voye nou nan kochon
yo, pou nou antre nan yo». Menm lè a Jezi ba yo pèmisyon. Espri papwòp yo sòti,
yo antre nan kochon yo, ak yon gran fòs bann nan plonje nan lanmè a, yo te
anviwon de mil konsa, yo toufe nan lanmè a.
Moun yo ki t’ap gadiyen yo, yo kouri, y’al pot nouvèl nan
vil la ak nan jaden yo. Moun yo sòti, pou yo wè ki sa k’ te rive. Yo vin kot
Jezi, yo wè mesye a demon an te konn ap maltrete a, li te chita, abiye, ak
espri l’ kòrèk, yo sezi. Moun yo ki te wè a, yo rakonte yo sa k’ te rive mesye
a ki te gen demon an, epi kesyon kochon yo. Yo kòmanse mande l’ pou l’ pati sot
nan teritwa yo.
Pandan l’ap monte nan batiman an, mesye a demon an te
konn ap maltrete a priye l’, pou l’akonpaye l’. Li pa aksepte l’, men li di
l’ : «Al lakay ou kot moun ou yo, anonse yo tout sa Granmèt la fè pou ou,
kijan l’ gen pitye pou ou». Li pati, li kòmanse preche nan Dekapòl la tout sa
Jezi te fè ; tout moun te sezi.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON Nan
premye lekti a, nou wè kòman wa David te tonbe nan anpil pwoblèm paske li pa t’
rete fidѐl ak misyon Bondye te konfye l’ la. Se konsa Absalon te tou
pwofite pou l’ etabli rèy li nan mitan pѐp la epi anpil nan yo te deside swiv
li. David te oblije mete deyὸ ansanm ak patizan li yo pou Absalon pa t’ met men
sou li. Pandan yo sou wout la, genyen ki t’ap bay David madichon, men David te
pran konsyans e li te toujou kenbe konfyans nan Bondye, se sa k’ fѐ lѐ patizan
l’ yo te vle frape moun ki t’ap bal madichon yo, li te di kite yo madichonnen
l’, petѐt se Granmѐt la ki vle l’ konsa, pou l’ te kapab repare mal li te fѐ
yo.
Nou menm jodi a, lѐ Bondye konfye nou yon misyon se pou
nou mache daprè lwa Bondye pou malѐ pa fonn sou nou. Lὸt ekzanp nou jwenn ankὸ,
menm lѐ nou wѐ malѐ ta tonbe sou nou nan kèlkeswa sikonstans, nou dwe toujou
espere nan Granmѐt la, li menm ki ka fѐ malediksyon tounen benediksyon pou nou.
Nou konnen majorite sòm yo, se David ki ekri yo, se sa k’
fѐ nan sòm 3 yo pwopoze nou jodi a nou kapab wѐ kòman David ap mande Granmѐt la
sove l’, pwoteje l’anba men moun k’ap pѐsekite l’ yo.
Pi devan, nan Levanjil la, nou wѐ kὸman Jezi libere yon
nѐg ki te gen yon pakѐt lespri move sou li, ki t’ap toumante l’e menm chenn ak
fѐ pa t’ kapab mare l’. Jezi te voye move lespri sa yo nan yon bann kochon e mѐt
kochon sa yo t’ap bay nѐg la pwoblèm antan yo t’ap mande l’ kite zὸn
nan paske yo te bay kochon yo plis enpὸtans pase lavi nѐg la ki te mare anba
men dyab la. Se sa k’ fѐ li te pѐ, li te mande Jezi pou
l’ monte nan bato a avѐ l’ men Jezi te mande l’ pou l’al fѐ fanmi l’ yo wѐ li.
Se konsa nѐg la mache gaye Bὸn nouvѐl la nan tout zὸn
kote l’ te pase, li t’ap fѐ konnen sa Bondye fѐ pou li. Jezi bay lavi anpil
enpὸtans, se pou sa li pase tout lavi li ap geri moun, ap leve moun mouri.
An nou pran ekzanp sou Jezi pou nou kapab bay lavi moun
enpὸtans olye pou n’ap chèche detwi lavi yon frѐ nou. Nou dwe pran ekzanp tou
sou nѐg ki te jwenn gerizon an, pou lѐ Bondye fin fѐ yon mѐvѐy nan lavi nou,
pou nou pa chita men pou nou mache fѐ lὸt moun konnen grandѐ li.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, fѐ m’ rete fidѐl ak misyon ke
ou konfye m’ e si yon jou m’ ta rive enfidѐl, toujou fѐ m’ gen konviksyon ke ou
p’ap janm lage m’ nan mitan tanpѐt lavi a. Amѐn.
PWOPOZISYON : Tankou
Jezi mwen dwe respekte lavi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario