Páginas

LENDI 12


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Antan yo eseye lafwa nou, sa fè nou gen pasyans, pou nou kapab vin kòrèk nèt, pou nou san repwòch ».
KÒMANSMAN LÈT APOT JAK KI SEN 1, 1-11
Jak, sèvitè Bondye ak Granmèt nou Jezikri, pou douz fanmi yo, ki nan ekzil la, sali.
Se pou nou konsidere sa kòm tout kalite kè kontan, frè m’ yo, lè nou tonbe nan divès sikonstans k’ap tante nou, paske nou konnen lè yo tante lafwa nou, sa ba nou pasyans. Pasyans la menm gen yon travay ki kòrèk nèt, pou nou kapab kòrèk nèt, pou nou san repwòch, san nou pa manke anyen.
Si youn nan nou manke sajès, se pou l’ mande Bondye, ki bay tout moun depase mezi, san l’ pa fè repwòch, l’ap ba li. Sèlman se pou l’ mande avèk lafwa, san l’ pa fè ezitasyon ; paske moun k’ap ezite a li sanble ak lanm lanmè, ki kite van an ap souke l’, ap fè l’ fè laviwonn. Moun sa a pa bezwen konprann l’ap resevwa kichòy nan men Granmèt la. Moun ki de kè a li pa fidèl nan okenn chemen l’.
Frè a ki nan kondisyon pòv la se pou l’ leve tèt li nan wotè l’ la ; men rich la li menm se antan l’ rabese tèt li pou l’ jwenn glwa, paske l’ap pase tankou flè zèb. Solèy la leve avèk chalè, li seche zèb la, flè l’ la tonbe, bèl aparans li a fennen : konsa tou rich la ap fennen nan chemen l’ yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 67. 68. 71. 72. 75. 76
R/ Se pou mizerikòd ou yo rive pou mwen, Granmèt, pou m’ viv.
Anvan mwen te rabese a, mwen te pèdi chemen ;
Koulye a menm mwen kenbe pwomès ou a.R.
Ou bon, ou fè dibyen, aprann mwen desizyon ou yo.
Sa bon pou mwen paske mwen te rabese, pou m’aprann desizyon ou yo.R.
Lalwa bouch ou a bon pou mwen, pase milyon lò ak lajan.R.
Mwen konnen, Granmèt, jijman ou yo kòrèk, se nan verite a ou rabese m’.R.
Se pou mizerikòd ou a rive pou l’ konsole m’, daprè pwomès ou bay sèvitè w’ la.R.
LEVANJIL
«Pouki sa ras sa a ap mande siy nan » ?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 11-13
Lè sa a :
Farizyen yo sòti, yo kòmanse ap diskite avèk Jezi, y’ap chèche pou l’ bay yon siy ki sot nan syèl la, pou yo tante l’. Li plenn nan espri l’, li di: «Poukisa ras sa a ap chèche siy nan? Amèn mwen di nou, yo p’ap bay ras sa a siy».
Li voye yo al fè wout yo, li monte ankò nan batiman an, 1’al fè wout li lòt bò lanmè.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Menm si nou se moun ki gen lafwa, anpil fwa nou pase anpil move moman nan lavi nou, nou mande tèt nou kisa nou fè n’ap peye. Poukisa se mwen Bondye kite malè sa a rive? Nou pase tout kalamite: grangou, maladi, imilyasyon lè nou anfème kay epi nou pa kapab peye. Nan sitiyasyon sa yo nou santi se kòmsi Bondye abandone nou, paske nou pa dekouvri prezans li nan tout sa. 
Apot Jak ap di nou nou pa bezwen pèdi lafwa nan detrès lavi nou, okontrè nou dwe kenbe fèm, paske fòk nou pase nan dife difikilte lavi a pou nou kapab rive gen yon lafwa ki solid tout bon vre, pou nou kapab gen matirite. Sa fè nou sonje yon pawòl Alfrèd de Misè, yon gwo save dizuityèm syèk te di: “Lòm se yon etènel apranti, soufrans se mèt li; pèson pa rive konnen tèt li toutotan li pa soufri”.
Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen gen latranblad paske renmen ak mizerikòd Bondye toujou pi fò pase pwoblèm nou yo. Vle pa vle n’ap pote laviktwa, menm jan ak Jezi ki te reziste ak tout imilyasyon, pèsekisyon, mati jou Vandredi Sen an, e ki te triyonfe jou Dimanch Pak la sou tout fòs fènwa yo.
Nan Levanjil Mak nou li jodi a, Jezi ap di nou nou pa bezwen chèche lòt siy prezans Bondye nan lavi nou, paske gen ase. Sèlman nou dwe fè yon jefò pou nou rive dekouvri yo. Èske lè nou lopital Bondye pa vizite nou? Èske lè nou grangou li pa pran swen nou? Èske nou dòmi nan lari? Èske li pa voye mesaje li pou vin ankouraje nou lè nou santi nou vle fou akoz pwoblèm nou yo? Se pou nou kwè ak tout fòs nou epi n’ap wè li fè plis bagay pou nou, se pou nou kwè san ezitasyon, se pou nou sispann fè doutans, n’a wè bèl mèvèy.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki te konnen tout kalite eprèv ak imilyasyon, tanpri ban m’ kouraj ou nan eprèv mwen yo. Ede m’ kenbe ke wòb ou pou mwen kapab triyonfe.
PWOPOZISYON: Vizite yon moun ki lopital oubyen nan prizon, di li yon pawòl ki raple li Bondye prezan; ede yon moun ki gen difikilte nan mezi ou kapab.

No hay comentarios:

Publicar un comentario