Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
« Bondye
li menm pa tante pèsòn »
NAN LÈT APOT JAK KI SEN 1, 12-18
Nou menm mwen renmen anpil la :
Ala kontantman pou moun ki soufri y’ap tante l’, paske,
lè yo fin tante l’, l’ap resevwa kouwòn lavi a, sa Bondye pwomèt moun ki renmen
l’ yo.
Pèsòn, lè y’ap tante l’, pa dwe di se Bondye k’ap tante
l’ : Bondye pa gen lide fè sa k’ mal, li menm li pa tante pèsòn. Chak moun
menm, se pwòp move anvi l’ k’ap tante l’, antan yo redi l’, yo twonpe l’.
Aprè sa, move anvi a, lè l’ jèmen, li anfante peche
a ; peche a menm, lè l’ rive nan bout kous li, li donnen lanmò.
Konsa pa pèdi chemen, frè m’ yo mwen renmen anpil la.
Tout kado ki bon nèt, tout kado ki kòrèk nèt, se anwo a li sòti, li desan sot
nan men Papa limyè yo, kote pa gen chanjman ak lonbraj bagay k’ap pase. Se ak
tout libète l’ li anfante nou gras a pawòl verite a, pou nou kapab vin tounen
kòmansman kreyati l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 93,
12-13a. 14-15. 18-19
R/ Ala kontantman pou moun sa a ou korije
a, Granmèt.
Ala kontantman pou moun sa a ou korije a, Granmèt, ou
aprann li lalwa w’ la,
pou w’ fè l’ ret nan lapè nan move jou yo.R.
Sèke Granmèt la p’ap repouse pèp li a, li p’ap lage
eritaj li a.
Sèke se daprè jistis la jijman an ap tounen, y’ap swiv
li, tout moun ki gen kè yo dwat yo.R.
Si m’ ta di : « Pye m’ap tranble »,
mizerikòd ou a, Granmèt, t’ap soutni m’.R.
Nan pakèt tèt chaje m’ yo ki nan kè m’ nan, konsolasyon
ou yo fè nam mwen kontan.R.
LEVANJIL
«Fè atansyon
leven Farizyen yo ak pa Ewòd la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 8, 14 -21
Lè sa a :
Disip
yo te bliye pran pen, yo pa t’ gen pen avèk yo nan batiman an, sof yon sèl.
Jezi pase yo lòd, li di: «Fè atansyon leven Farizyen yo, ak leven Ewòd la».
Yo
t’ap kalkile youn ak lòt, yo t’ap di: «Se paske nou pa gen pen yo». Li menm li konn
sa, Jezi di yo: «Pouki sa n’ap kalkile di se paske nou pa gen pen an? Èske nou
pa konnen, èske nou pa konprann? Èske kè nou bouche toujou? Èske nou gen je epi
nou pa wè? Èske nou gen zòrèy epi nou pa tande? Èske nou pa sonje? Lè mwen te kase
senk pen yo pou senk mil la, konbyen panye plen moso nou te ranmase»? Yo di-l:
«Douz». «Lè se te sèt pen yo pou kat mil la, konbyen panye moso nou te
ranmase»? Yo di-l: «Sèt». Li t’ap di yo: «Kòman fè nou pa ko konprann toujou»?
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè mwen yo, Jezi t’ap envite nou yè
atravè Levanjil la pou nou dekouvri siy prezans Bondye nan lavi nou.
An nou gade jodi a ki
mesaj Granmèt la pote pou nou. Atravè premye lekti a, Apot Jak ap di nou dwe
aprann reziste ak tantasyon epi nou dwe fè kè nou kontan, paske lè yo fin tante
nou Bondye ap rekonpanse nou. Men tou, l’ap fè nou konnen Bondye pa tante
pèsonn. Vrèman vre nou pa kapab panse Bondye ap tante nou, paske tantasyon an,
se nan ènmi an li soti. Jezi li menm li te sibi tantasyon nan dezè a kote li te
pase karant jou ak karant nuit san manje ni bwè. Nou menm tou, nan dezè lavi
nou nou sibi anpil tantasyon, men sa ki pi enpòtan se rive venk tantasyon sa
yo, antan n’ap priye, n’ap fè jèn.
Anpil fwa nou konfonn
eprèv lafwa ak tantasyon. Fòk nou aprann fè diferans ant de bagay sa yo. Men sa
Apot Jak di nou sou koze tantasyon an: “Chak moun menm, se pwòp move anvi l’
k’ap tante l’, antan yo redi l’, yo twonpe l’.
Aprè sa, move anvi a, lè l’ jèmen, li
anfante peche a; peche a menm, lè l’ rive nan bout kous li, li donnen lanmò”. Kidonk tantasyon se
chemen lanmò, chemen ki fè nou pran wout ki separe nou ak Bondye.
Nan Levanji jodi a, Jezi ap fè nou repwòch, l’ap
di nou kòman fè nou pa ko konprann toujou ? Kòman fè nou pa ko konprann
pouvwa Bondye san limit ? Kòman fè nou pa ko konprann li kapab miltipliye
ti sa nou genyen an ? Kòman fè nou pa ko konprann se nan li sèl solisyon
pwoblèm nou yo ye ? Kòman fè n’ap babye, n’ap bougonnen kont Bondye ki toujou
la ak nou pou ba nou lebra ?An nou mande Bondye Lespri li a pou nou kapab
reziste tout tantasyon lènmi an.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri pa kite nou pran nan pyèj, delivre nou anba tantasyon. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap analize tèt mwen pou mwen wè ki move anvi k’ap tante
mwen e ki fè mwen pa kapab viv an amoni ak Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario