Koulè Vyolèt
MÈKREDI LÈSANN
PREMYE LEKTI
“Chire kè nou,
pa chire rad nou”.
LIV PWOFÈT JOWÈL 2, 12-18
Koulye a, deklarasyon Granmèt la, tounen vin jwenn mwen
ak tout kè nou, nan jèn, ak dlo nan je, nan rèl; chire kè nou, pa chire rad
nou, tounen vin jwenn Bondye nou an, paske li bon, li gen mizerikòd, li gen
pasyans, ak anpil mizerikòd, li siperyè anlè mechanste.Ki moun ki konnen, si l’
ta tounen, pou l’ padonnen, pou l’ kite yon benediksyon apre l’, sakrifis ak
ofrann likè pou Granmèt la, Bondye nou an?
Sonnen tronpèt nan Siyon, deklare yon jèn sakre, rele
foul, rasanble pèp, konsakre kominote, rasanble vye granmoun yo, rasanble
timoun yo ak sa k’ nan tete ; se pou mesye ki marye a kite kabann li, se
pou madanm ki marye a kite chanm li.
Ant kote yo mete rad yo ak lotèl la, se pou prèt yo
kriye, yo menm sèvitè Granmèt la, se pou yo di : « Pitye, Granmèt,
pitye pou pèp ou a, pa renmèt eritaj ou a nan mank dega, pou nasyon yo pa
kòmande sou yo. Pouki pou yo ta di nan pèp yo : Kote Bondye yo
a » ?
Granmèt la vin jalou pou peyi l’ la, li menaje pèp li a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50,
3-4. 5-6a. 12-13. 14 e 17
R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè mizerikòd ou a ; daprè
kantite mizerikòd ou, efase fot mwen an. Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an,
pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen
tout tan. Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, Sa k’ mal devan ou nan mwen fè
l’.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon espri fèm
nan zantray mwen yo.
Pa jete m’ lwen fas ou, Espri Sen ou nan, pa wete l’ sot
nan mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan sove ou sove a, asire m’ak espri ki
pi vif la.
Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen anonse lwanj
ou.R.
DEZYÈM LEKTI
“Rekonsilye ak
Bondye : men tan gras la koulye a.”
DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN 5, 20- 6, 2
Frè m’ yo :
Pou Jezikri, n’ap fè sèvis komisyonè, tankou se Bondye
k’ap ankouraje pa entèmedyè nou. Nou ensiste pou Jezikri : rekonsilye ak
Bondye ; li menm ki pa t’ konnen peche, Bondye fè l’ vin tounen peche pou
nou, pou jistis Bondye te kapab reyalize nan li.
Kòm n’ap plede, nou ankouraje nou, pou nou pa resevwa
gras Bondye a pou granmesi. Sèke li di : « Nan tan gras la mwen
reponn ou, jou sove a, mwen pote ou sekou ». Men li koulye a, tan gras la,
men li koulye a, jou sove a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
« Papa ou,
ki wè nan kote ki kache, l’ap renmèt ou sa ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 6, 1-6. 16-18
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
Fè atansyon, pou nou pa fè aksyon kòrèk nou devan moun
yo, pou yo wè nou; otreman nou pa ta gen rekonpans devan Papa nou ki nan syèl
la.
Lè w’ap fè charite, pa sonnen twonpèt devan ou, tankou
ipokrit yo ap fè nan sinagòg yo ak sou plas yo, pou moun yo kapab fè lwanj yo.
Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm lè w’ap fè charite, pa kite
men goch ou konnen sa men dwat ou ap fè, pou charite ou la kapab ret kache;
konsa Papa ou ki wè nan kote ki kache a, l’ap renmèt ou sa.
Lè n’ap priye, pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen ret
kanpe nan sinagòg yo ak nan kalfou plas yo, pou yo priye, pou moun yo kapab wè
yo. Amèn mwen di nou, yo resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap priye, antre
nan chanm ou, fèmen pòt la, priye Papa ou nan kote ki kache a. Papa ou, ki wè
nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa.
Lè n’ap fè jèn, pa ret chagren tankou ipokrit yo, yo fè
figi yo dekonpoze, pou moun yo kapab wè y’ap fè jèn. Amèn mwen di nou, yo
resevwa rekonpans yo. Ou menm, lè w’ap fè jèn, mèt losyon sou tèt ou, lave figi
ou, pou moun yo pa wè w’ap fè jèn, men pou se Papa ou ki wè, li menm ki nan
kote ki kache a; Papa ou, ki wè nan kote ki kache a, l’a renmèt ou sa ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Jodi
a nou antre nan yon nouvo tan nan Ane Litijik la : Tan Karèm. Se yon tan
fò li ye. Sa vle di se yon moman kote Legliz la envite nou viv yon moman trè
espesyal nan lavi Granmèt nou an, Jezikri. Men nan ki sans Karèm nan se yon tan
espesyal pou nou ? Nou konnen mwa fevriye-mas, se mwa banbòch, mwa
kanaval, mwa plezi kote anpil moun ap pyafe, chante, elatriye. Mèkredi lesann
nan tonbe ekzakteman aprè sa yo rele Madi gra a.
Tan foli a fini, kounye a se dezè ki kòmanse. Ki
dezè ? Dezè n’ap pale a, se dezè Jezi a, kote li te pase karant jou ak
karant nwit, san manje ni bwè, kote dyab la te al tante li, kote li te mete kò
li apa pou li pou kominike ak Bondye Papa, pou li te jwenn fòs nesesè pou
reyalize misyon li te konfye li a, misyon pou sove limanite.
Tan karèm nan, se tan kif è nou sonje Bondye pa bliye
nou, li renmen nou san limit. Kidonk Karèm nan ki vle di karant (li dire 40
jou), li pèmèt nou kontanple 2 reyalite : mizè lèzòm epi renmen ak
mizerikòd Bondye ki manifeste pou limanite.
Nan pratik jèn, lapriyè, pataj (lacharite), n’ap
kontanple lanmou Bondye ki manifeste nan sèl Pitit li a. Kalite ekzijans tan
karèm nan fè nou parèt byen klè pou nou.
Jezi pase karant jou ak karant nuit ap lapriyè Papa, e
nan levanjil la jodi a, l’ap envite nou priye epi l’ap di nou ki atitid nou dwe
genyen lè n’ap fè charite: «Lè w’ap fè
charite, pa sonnen twonpèt devan ou, tankou ipokrit yo ap fè nan sinagòg yo ak
sou plas yo, pou moun yo kapab fè lwanj yo...»; lè n’ap fè jèn: « Lè n’ap fè jèn, pa ret chagren tankou
ipokrit yo, yo fè figi yo dekonpoze, pou moun yo kapab wè y’ap fè jèn…» ; lè n’ap priye :« Lè n’ap priye,
pa fè tankou ipokrit yo, ki renmen ret kanpe nan sinagòg yo ak nan kalfou plas
yo, pou yo priye, pou moun yo kapab wè yo...».
Tan Karèm raple nou cheminman pèp Izrayèl te fè avan li
te rive nan peyi Bondye te pwomèt la. Anpil fwa nan dezè a, li te swaf, li te
grangou, li te fatige. Bondye Granmèt la te fè sa ki te posib pou li, pa
lentèmedyè Moyiz li te fè sous dlo eklate nan wòch la, li te voye lamàn pou pèp
la; men alafen se kò ak san Pitit li a ki pral tounen manje pèp sa a.
Tan Karèm nan pèmèt nou wè a distans solèy rezireksyon an
ki pral leve pou fè disparèt tout fènwa lanmò ki te anpare pitit Bondye yo. Se
poutèt asirans sa Pwofèt Jowèl ap envite nou chire kè nou, sa vle di kite move
abitid nou yo, divòse ak zidòl, pran chemen legliz ak chemen rekonsilyon ak
padon.
Nan menm sans sa a tou, Apot Pòl ap envite nou rekonsilye
ak Bondye, paske se tan gras la ki rive, Bondye fè nou gras, li wete chay peche
a sou tèt nou. Si nou pran wout dezè a ak Jezi, si nou soufri, mouri avèk li,
konsa tou nou va leve byen vivan ak li nan Dimanch Pak la. Viktwa li a sou
lanmò a ak tout fòs fènwa yo, se va viktwa nou tou.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, ba nou sekou fòs
disip Jezikri yo, pou nou kapab kòmanse jèn ki sen yo, konsa, lè n’ gen pou nou
batay kont difikilte espri yo, n’a jwenn fòs sekou antan n’ap metrize kò nou.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Rekonsilye ak Bondye antan mwen rekonsilye ak tèt
mwen epi ak lòt yo ; lapriyè, pataje.
No hay comentarios:
Publicar un comentario