Koulè Vyolèt
JEDI APRÈ LÈSANN
PREMYE LEKTI
« Men m’
prezante devan ou jodi a benediksyon an ak malediksyon an ».
LIV DETEWONÒM 30, 15-20
Moyiz pale ak pèp la, li di :
« Konsidere sa m’ prezante devan ou jodi a: lavi a
ak byen an, epi an fas: lanmò a ak malè a, pou ou kapab renmen Granmèt Bondye
w’ la, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou kenbe kòmandman l’ yo ak seremoni
yo, ak jijman yo, pou ou kapab viv: konsa l’ap fè ou vin anpil, l’ap beni ou
nan peyi a, kote w’a pral antre pou ou posede l’ la.
Sèlman si kè ou vire, ou pa vle koute, ou kite move lide
twonpe ou, ou adore dye etranje, ou sèvi yo, mwen deklare ou davans jodi a w’ap
peri, nan yon ti moman w’ap mouri nan peyi a, lòt bò Jouden an, kote w’ap antre
pou ou posede l’ la.
Jodi a mwen pran syèl la ak tè a pou temwen, mwen
prezante devan nou lavi a ak lanmò a, benediksyon an ak malediksyon an. Chwazi
lavi a, pou ou viv ansanm ak ras ou; pou ou renmen Granmèt la Bondye ou la, pou
ou obeyi vwa l’, pou ou kole sou li (se li menm vrèman vre ki lavi ou ak longè
jou ou yo), pou ou abite nan peyi a, sa Granmèt la te fè sèman bay papa ou yo,
Abraam, Izaak ak Jakòb, li t’ap ba yo a ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1,
1-2. 3. 4 e 6
R/ Ala kontantman pou moun ki met Granmèt
la kòm esperans li.
Ala kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa
kòrèk yo, ki pa kanpe nan chemen pechè yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase
Bondye nan rizib yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’
la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap
donnen fwi l’ nan tan li ; li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa kòrèk yo, se pa konsa, men
y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk
yo : men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
“Moun ki pèdi
lavi l’ poutèt mwen, l’ap sove li”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 9, 22-25
Lè sa a :
Jezi di disip li yo : Pitit moun nan gen pou l’
soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt yo ak skrib yo kondane l’ pou l’
resisite sou twazyèm jou a.
Li t’ap di yo tout : « Si yon moun vle vin apre
m’, se pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’ chak jou, pou l’ suiv
mwen. Moun ki vle sove lavi l’ l’ap pèdi l’ ; sèke moun ki pèdi lavi l’
poutèt mwen, l’ap sove l’. Sa sa sèvi yon moun si l’ posede tout
tè a, epi li pèdi pwòp tèt li, li okazyone malè li»?
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Moyiz, anba pouvwa Lesprisen an, ap anseye pèp
Izrayèl la vrè chemen delivrans lan. Chemen ki mennen nan renmen tout bon vre
a. Chemen ki kondwi kay Papa a. Men li pran swen tou pou li anonse yo ke chemen
fènwa a ekziste tou. Menm jan ke chemen limyè a se yon reyalite, konsa tou
chemen fènwa se yon reyalite tou. Se sa ki fè fòk nou kapab chwazi avèk tout
libète nou ki chemen n’ap pran. Moyiz di pèp la : si nou chwazi chemen
limyè a, sa vle di viv selon kòmandman Granmèt la, nou va genyen pou nou viv
pou toutan, men si nou chwazi chemen fènwa, sa vle di adore zidòl, nou va
genyen pou nou mouri pou toutan. Mesaj la klè epi li dirèk. E Jezi ale pi lwen
pou li di nou pi klè toujou ekzijans chemen lavi a. Li presize : «Si yon moun vle vin swiv mwen, se pou l’ renonse
ak pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’ chak jou». Jezi klè, chemen lavi a, genyen anpil
difikilte, anpil pwoblèm, se yon « kwa ». E li mete nou an gad « moun ki vle sove lavi l’ l’ap pèdi l’ ». Men Jezi bay yon
asirans, yon garanti pou moun ki aksepte soufrans ak mati akòz non li :“ moun ki pèdi lavi l’ pou mwen, l’ap sove l’”.
Sa fè nou konprann sèl chemen pou nou genyen lavi ki p’ap janm fini an, se nan
Jezi. Yon envitasyon pou nou, remèt tout lavi nou nan men Granmèt la, kite l’
transfòme kè nou. Tankou sòm lan di nou an : «Ala kontantman pou moun ki mèt Granmèt la kòm esperans li ».
Chemen lavi a, se mete tout bagay nan men Granmèt la, paske se nan li ki genyen
lavi. Mwen envite n’ panse sou kesyon sa : « Sa sa sèvi yon moun si
l’ posede tout tè a, epi li pèdi pwòp tèt li ?
LAPRIYÈ :
Granmèt Bondye lavi a, Bondye Izrayèl la, ede m’ pran chemen limyè a chak jou.
Banm mwen fòs ak kouraj pou mwen ka pote kwa m’ap rankontre sou wout sa a.Pa
pouvwa Jezikri, Pitit ou.
PWOPOZISYON : M’ap gade kisa ki ka anpeche m’ genyen lavi ki
p’ap janm fini an pou m’ ka chanje konpòtman mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario