Koulè Vyolèt
VANDREDI APRÈ LÈSANN
PREMYE LEKTI
«Èske se pa sa
a pito : jèn nan mwen chwazi a »?
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 58, l-9a
Men pawòl Granmèt Bondye :
« Rele, pa sispann, tankou yon twonpèt, leve vwa
ou ; anonse pèp mwen an krim yo fè ak kay Jakòb la peche yo fè. Chak jou
y’ap chèche m’, yo vle konnen chemen m’ yo, tankou yon nasyon k’ap fè sa k’
kòrèk, ki pa lage jijman Bondye l’ la. Y’ap mande m’ jijman jistis, yo vle
pwoche kot Bondye :
« Pouki sa n’ap fè jèn, epi ou pa gade ; nou
rabese nam nou, ou pa konnen » ?
Men li : jou jèn nou an, se volonte nou n’ap fè,
n’ap reklame tout moun ki dwe nou yo. Men li : se nan batay ak diskisyon
n’ap fè jèn, n’ap frape ak kout pwen san pitye. Pa fè jèn tankou nou fè jous
jodi a, pou yo kapab tande vwa nou nan syèl la.
Èske se kalite mòd jèn sa a mwen chwazi, pou yon moun ap
maltrete nam li tout lajounen ? Èske se balanse tèt li tankou yon boul,
mare ren l’ak sak ak sann ? Èske se sa nou rele jèn ak jou ki fè Granmèt
la plezi ?
Èske se pa sa a pito: jèn nan mwen chwazi a? Defèt chenn
ki fè nou pa kòrèk la, demare pakèt k’ap peze sou tèt la, ranvwaye sa k’ kraze
yo nan libète, kraze tout chaj; separe pen ou avèk moun ki grangou a, fè pòv la
ak moun ki pa gen kay la antre nan kay ou; lè ou wè yon moun ki ni-kò, kouvri
l’, pa meprize pwòp chè ou.
Lè sa a, limyè ou ap eklate tankou granmaten, sante-ou ap
leve byen vit, jistis ou ap mache devan fas ou, bèlte Granmèt la ap vlope ou.
Lè sa a w’ap lapriyè, Granmèt la ap koute, w’ap rele, l’ap di : « Men
mwen ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50,
3-4. 5-6a. 18-19
R/ Yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye pa
meprize l’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou ; daprè
jan ou sansib anpil, efase fot mwen an.
Lave m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan
peche m’ nan.
Sèke fot mwen an mwen konnen l’, peche m’ nan kont mwen
tout tan.
Se kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan ou
nan mwen fè l’.R.
Ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si
m’ofri l’, li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki
kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
« Lè y’ap
pran mesye marye a nan men yo, lè sa a y’a fè jèn ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 14-15
Lè sa a : Kòm Jezi te rive lòt bò lanmè, nan rejyon
Gerazenyen yo, disip Jan yo pwoche kote l’, yo di : « Pouki sa nou
menm ak farizyen yo, n’ap fè jèn souvan, epi disip pa ou yo menm, yo pa fè
jèn » ?
Jezi di yo : « Èske pitit yo ki avèk mesye
marye a, yo kapab chagren, toutotan mesye marye a avèk yo? Men gen jou k’ap
rive, lè y’ap pran mesye marye a nan men yo, lè sa y’a fè jèn ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Patizan Jan yo vin bò kot Jezi, yo di :
«Poukisa nou ansanm ak farizyen yo fè jèn, epi disip ou yo pa fè
sa ? » Jodi a Jezi prezante tèt li kòm
nonm k'ap marye a epi nou konprann ke, nan kontèks sa a, se pa tan pou fè jèn.
Sansibilite Bondye a antoure nou,
li bon pou nou kole sou moun ki fè nou gade nan pwofondè a. Bondye se mesye
marye pèp la, li vle reveye tout kapasite renmen nou jwenn nan kè nou nan
limanite, madanm li.
Jezi manyen ak geri kote
patikilyèman ki te blese nan limanite. Kè moun nan souvan pote soufrans, blokaj
ak anpil kè enkyetid. Sa a tou se plas angajman nan fidelite. Vin goute pou nou
wè jan Granmèt la bon. Moun yo envite nan nòs la pa kapab fè jèn lè Mari a
ansanm avèk yo. Sou tè a, malgrè fènwa lafwa nou, Jezi toujou montre jan Bondye
bon, jan li renmen nou.
Menm jan Apot Jan di sa, nou
bezwen pou nou pirifye nou pandan n’ap tann vizyon byenerez Granmèt la. Jezi di
nou, gen yon tan k’ap vini kote Mari a ap leve. Anlèvman sa a, gen plizyè
ekspresyon ladan l’ ; lè Laza te malad, sè li yo te avèti Jezi :
« zanmi w’ lan malad ». Yo fè jèn epi Jezi rete kote yo pou li fòme
vrè Apot li yo pou vrè lavi a ; li kondwi yo nan pèspektiv rezireksyon an,
Mat avèk Mari menm soufri nan absans Jezi a : « mèt si w’ te la frè
nou an pa t’ap mouri ». Ebyen rezireksyon Laza montre vrè rezon reta Jezi
a. «Men gen yon jou k’ap rive mesye
marye a ap monte avèk yo ; yap kontinye fè jèn ».
Nan lanmou Bondye nou
eksperimante nan fènwa lavi nou, lafwa nou ankouraje nou mete nou nan sèvis lòt
yo. Lanmou fratènèl se siy lanmou Bondye nan mitan nou. Pòv yo ap toujou avèk
nou ! Y’ap montre nou kouman nou kapab sèvi Jezi nan sa k’ pi piti
yo : «tout sa nou fè pou youn nan pi
piti yo, se pou mwen menm nou fè li».
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, travay penitans la ki kòmanse
a, fè nou favè kontinye l’avèk bon kè ou. Konsa, konduit n’ap obsève ak kò nou
an, n’a kapab reyalize l’avèk yon kè ki sensè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Fè kè nou kontan ak lòt
yo pou nou montre Jezi prezan, li vivan nan mitan nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario