Koulè Vyolèt
SAMDI APRÈ LESANN
PREMYE LEKTI
« Lè w’ap
vide nam ou bay moun ki grangou a... limyè w’ ap leve nan fènwa yo ».
LEKTI LIV PROFÈT IZAYI 58, 9b-14
Men pawòl Granmèt la:
« Si ou weete chenn nan sot nan mitan ou, epi ou
sispann lonje dwèt ou, ni pale bagay ki pa sèvi; lè w’a vide nam ou bay moun ki
grangou a, lè w’a plen nam moun ki nan lapenn nan, limyè ou ap leve nan fènwa
yo, fènwa ou yo ap vin tankou midi. Granmèt la ap toujou ba ou repo, l’ap plen
nam ou ak klète, l’ap delivre zo ou ; w’ap tankou yon jaden ki byen wouze,
tankou yon sous dlo, ki p’ap manke dlo.
Y’ap bati savann lontan yo nan mitan ou, y’ap leve
fondasyon jenerasyon ak jenerasyon, y’ap rele ou sila a k’ap bati miray ki te
tonbe yo, sila a k’ap drese santye yo pou lapè a.
Si ou sispann fè pye ou fè lwanj li, antan ou pa fè wout
ou yo, antan volonte ou pa parèt, pou ou ap pale pawòl ou : lè sa a w’ap
jwenn plezi ou nan Granmèt la, m’ap pote ou anlè wotè peyi a, m’ap ba ou manje
nan eritaj Jakòb, papa w’ la. Se bouch Granmèt la menm ki pale ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 85,
1-2. 3-4. 5-6
R/ Aprann mwen chemen ou, Granmèt, m’a
antre nan verite w’ la.
Panche zòrèy ou, Granmèt, koute m’, paske mwen malere, mwen
pòv. Prezève nam mwen, paske mwen sen ; sove m’, Bondye mwen, mwen espere
nan ou.R.
Pitye pou mwen, Granmèt, paske m’ap rete kote ou tout
lajounen. Fè nam sèvitè ou la jwenn kontantman, paske se kote ou, Granmèt, mwen
leve nam mwen.R.
Paske Granmèt, ou bon, ou dou, ou gen kè ou sansib anpil
pou tout moun k’ap rele ou. Koute lapriyè m’, Granmèt, ak zòrèy ou, koute vwa
lapriyè m’.R.
LEVANJIL
« Mwen pa
vin rele sa k’ kòrèk yo, men sa k’ nan peche yo, pou yo fè penitans ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 27-32
Lè sa a:
Jezi wè yon pibliken yo rele Levi, ki chita nan biwo
ladwán nan, li di l’: « Suiv mwen ». Li kite tout
bagay, li leve, li suiv li. Levi fè yon gran resepsyon lakay li. Te gen yon
pakèt foul pibliken ak dòt moun ki te atab avèk yo. Farizyen yo t’ap babye, ni
pwofesè yo, yo t’ap di disip li yo: «Pouki sa n’ap manje, n’ap bwè ansanm ak
pibliken yo ak pechè yo»?
Jezi pran lapawòl, li di yo: «Se pa moun ki an sante ki
bezwen doktè, men se moun ki malad. Mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men se
moun ki nan peche yo mwen vin rele pou yo fè penitans».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: « Levi t’ap fè yon gwo fèt lakay li, epi te
gen yon pakèt pibliken ak anpil lòt moun ki t’ap swiv li, ki t’ap manje avèk li
tou. »
Zanmi Jezikri yo, reyònman lanmou Bondye a nan kè
moun nan se medikaman ki pou geri. Levi (Matye), tout moun nan antouraj li
te konsidere l’ tankou yon vòlè epi yon pechè.
Depi lè Jezi te di l’ « swiv mwen », li pa fè tèt di,
li swiv li. Epi solèy jistis la ta pral leve sou wout li. Lanmou Bondye bay yon
reyon limyè ! Limyè te pase nan lavi Matye epi li transfòme l’, li santi
l’ se yon lòt moun. Non sèlman Matye resevwa limyè, an menm tan tou li transmèt
limyè sa a bay lòt moun ki te nan fènwa.Sa etone anpil moun nan antouraj li,
pakse yo te abitye avè l’epi yo te konnen jan li konn ap fè zak malonèt. Lanmou
Bondye reveye lanmou ki t’ap dòmi nan kè Matye. Jezi li menm te temwen lanmou
sa a ak transfòmasyon li antre nan fèt la.
« Farizyen yo t’ap babye, ni pwofesè yo, yo
t’ap di disip li yo : «Pouki sa n’ap manje, n’ap bwè ansanm ak pibliken yo
ak pechè yo»?
«Granmèt, tanpri reponn mwen, mwen se yon pòv
malere, pran pitye pou mwen, chak jou m’ap rele w’ ! Yon miwa nan lannwit
rete opak, men si solèy la leve li resevwa limyè epi li pwojte
li. ».Pwofèt Izayi di nou : « ou pral libere epi geri, si w’
retire tout vye pawòl malfezan ki nan kè w’, si w’ gen bon kè, limyè w’ap klere
nan mitan lanwit.» Jezi mete limyè li
nan fènwa nou, li mete lanmou li nan rankin nou, li mete verite li nan yon mond
ki chaje ak mansonj. Nou vle pou n’ rankontre li menm jan ak Matye, pou nou
resevwa yon reyon lanmou ak limyè.
« Jezi pran
lapawòl, li di yo : «Se pa moun ki an sante ki bezwen doktè, men se moun
ki malad. Mwen pa vin rele moun ki kòrèk yo, men se moun ki nan peche yo mwen
vin rele pou yo fè penitans».
Lanmou Bondye ak lanmou pou pwochen nou, se menm
lanmou an. Lè miwa kè nou briye li bay yon reyon limyè. Reyònman sa a, se
reyònman Bondye pou mond la; si nou touche pa lanmou Bondye a, tout relasyon nou ap transfòme,
paske lanmou sa a kapab transfòme nou! Lanmou sa pran chè epi li fè nou vin fèt
yon lòt fwa : Si nou gen bon kè, si nou retire vye pawòl ki kapab detwi
lòt yo, si nou retire vye jès ak menas, lè sa a, n’ap vin tou nèf !
Granmèt la ap ranpli nou, epi n’ap tounen yon sous ki bay kè kontan. Fènwa nou
yo ap vin tounen limyè ak sèl ki klere e ki bay tè a gou.
LAPRIYÈ:Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, ou
menm ki la depi tout tan e pou tout tan, fè kè ou sansib pou ou gade feblès
nou, lonje men ou ki plen fòs la, pou ou kapab defann nou. Pa pouvwa Jezikri...
PWOPOZISYON: Pran konsyans de tèt mwen, pou mwen kapab konprann lòt yo
pi byen nan feblès yo, pou mwen kapab pi toleran anvè yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario