Páginas

LENDI 22

Koulè Wouj
Sen Vensan, Dyak e mati (Memwa)
PREMYE LEKTI
« Se ou menm k’ap okipe pèp mwen Izrayèl»
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 5, 1-7. 10
Jou sa yo :
Tout ras Izrayèl yo rive kot David Ebwon, yo di : « Men nou se zo ou ak chè ou. Depi ni yè ni avantyè, lè Sayil te wa sou nou an, se ou menm ki t’ap kondui Izrayèl antre-sòti ; Granmèt la di ou : « Se ou menm k’ap kondui pèp mwen Izrayèl, se ou menm k’ap chèf sou Izrayèl ».
Ansyen Izrayèl yo vin kot wa a tou Ebwon, David pase yon alyans avèk yo Ebwon devan Granmèt la, yo sakre David kòm wa sou Izrayèl.
David te gen trantan lè l’ te kòmande kòm wa epi pandan karantan li kòmande kòm wa. Nan Ebwon li kòmande kòm wa sou Jida pandan sètan ak si mwa ; nan Jerizalèm menm li kòmande kòm wa pandan tranntwazan sou tout Izrayèl ak Jida.
Wa a ak tout mesye yo ki te avèk li yo, y’al Jerizalèm kot Jebizebyen an ki te abite peyi a ; yo di David : « Ou p’ap antre isit la, sof si ou wete avèg yo ak moun k’ap bwate yo, sa vle di : « David p’ap antre isit la ». Men David pran sitadèl Siyon an : sa a se vil David la.
Li t’ap reyisi avèk siksè tout tan pi plis, Granmèt Bondye lame yo te avèk li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88, 20. 21-22. 25-26
R/ Verite m’ak mizerikòd mwen ap avèk li.
Lè sa a ou pale nan vizyon avèk sen ou yo, ou te di : « Mwen mete sekou a nan yon moun ki fò, mwen leve yon moun mwen chwazi nan pèp la.R.
Mwen jwenn David, sèvitè m’ nan ; ak luil mwen ki sen an mwen sakre l’. Men m’ap ret fèm ak li, bra m’ ap ba li fòs.R.
Verite m’ ak mizerikòd mwen ap avèk li, o non m’ l’ap leve kòn li. M’ap enstale men l’ sou lanmè a, men dwat li sou rivyè yo ».R.
LEVANJIL
« Satan jwenn finisman l’»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 22-30
Lè sa a :
Skrib yo, ki te desann sot Jerizalèm yo, yo t’ap di : « Se Bèlzeboul li genyen, se gras a chèf demon yo l’ap chase demon yo ».
Li rele yo, li di yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan? Si yon peyi-wa divize anndan l’, peyi-wa sa a pa kapab kanpe. Si yon kay gen divizyon anndan l’, kay sa a pa kapab kanpe. Konsa si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa kapab kanpe, li jwenn finisman l’. Pèsòn pa kapab antre nan yon kay avèk zam, pou l’ piye, si l’ pa kòmanse mare moun ki gen fòs la, aprè sa, 1’a piye kay li a.
Amèn mwen di nou, tout peche pitit moun yo fè, y’ap padonnen yo, ni blasfèm ki sèvi yo blasfeme yo; men moun ki blasfeme kont Espri Sen an, li p’ap janm gen padon, men l’ap koupab yon peche pou tout tan”. Sèke yo t’ap di: “Se yon espri papwòp li genyen”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan  Levanjil jodi a nou wè kijan yo t’ap kritike Jezi; yo t’ap di «Se Bèlzeboul li genyen, se gras a chèf demon yo l’ap chase demon yo ». Jezi te di yo : «Kijan Satan kapab chase Satan? Si yon peyi-wa divize anndan l’, peyi-wa sa a pa kapab kanpe. Si yon kay gen divizyon anndan l’, kay sa a pa kapab kanpe. Konsa si Satan leve kont pwòp tèt li, li divize, li pa kapab kanpe, li jwenn finisman l’. Pèsòn pa kapab antre nan yon kay avèk zam, pou l’ piye, si l’ pa kòmanse mare moun ki gen fòs la, aprè sa, 1’a piye kay li a
Atravè parabòl sa a Jezi ap envite n’ pou nou viv nan inite antan nou rekonèt otorite li menm ki se sèl Granmèt.
Jezi aji antan ke Pitit Bondye. Pouvwa li a se nan Papa a li sòti. Aksyon Jezi, pouvwa ak otorite li kapab fè nou konnen kilès li ye. Li se Pitit Bondye Papa ki vin sove nou. Si nou pa ta rekonèt li kòm Mesi a, kòm sila ki vini sove nou, ebyen nou ta fè pi gwo erè nan lavi nou.
Ann mande Bondye pou l’ ba nou lespri bon konprann k’ap fè n’ kite dèyè tout fòs bèlzeboul ki sou wout nou, tankou: kritik, pale moun mal, manke respè youn pou lòt, ipokrizi, egoyis, koripsyon, vyolans, jalouzi, divizyon, rankin, elatriye, dekwa pou nou kapab dekouvri prezans  Jezikri nan lavi nou e an menm tan pou n’ viv jan li pase nou lòd pou nou viv, sa vle di nan tèt ansanm ak nan renmen youn pou lòt.
LAPRIYÈ: Bondye, ou gen tout pouvwa, ou ekziste tout tan. Fè mizerikòd pou nou; vide Espri ou nan nou. Enbibe kè nou ak fòs renmen sa a ki fè Vensan jwenn kouraj sibi mati pou ou. Li ranpòte viktwa sou tout soufrans yo fè l’ pase nan kò l’. Li vin sen. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:Mwen pran dezisyon pou m’ kite bay manti, pou m’ viv nan senserite ak verite ak pwochen mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario