Koulè Blan.
Sen Alfons, Evèk.
PREMYE LEKTI
« David ak
tout Izrayèl t’ap kondui ach alyans Granmèt la avèk fèt »
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 6, 12b-15. 17-19
Jou sa yo :
David pati, li kondui ach Bondye a sot kay Obededòm nan
vil David la avèk kè kontan. Avèk David te gen sèt gwoup k’ap danse avèk
sakrifis towo. Moun yo k’ap pote ach Granmèt la, lè yo te fin fè sis pa, yo
ofri bèf ak kabrit. David menm t’ap vòltije ak tout fòs li devan Granmèt
la ; David te vlope tay li avèk yon etòf ki fèt ak twal koton. Ni David ni
tout kay Izrayèl la t’ap kondui ach alyans Granmèt la nan fèt avèk son twonpèt.
Yo fè ach Granmèt la antre, yo mete l’ nan plas li nan
mitan tant la, David te drese pou li a ; David ofri sakrifis antye ak
sakrifis lapè, li beni pèp la o non Granmèt lame yo. Li fè separasyon bay tout
foul Izrayèl la, ni gason ni fi, chak moun jwenn yon kouwòn pen, yon moso vyann
bèf griye, ak yon moso vyann bèf ki fri nan luil. Aprè sa tout pèp la tounen
chak moun nan kay li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23,
7. 8. 9. 10
R/ Kilès wa glwa sa a? se Granmèt la li
menm.
Pòt yo, leve tèt nou, leve nou, pòt tout tan yo, pou wa
glwa a antre. Kilès wa glwa sa a ? Se Granmèt la ki gen pouvwa nan batay
la.R
Pòt yo, leve tèt nou, leve nou, pòt tout tan yo, pou wa
glwa a kapab antre. Kilès wa glwa sa a?, se Granmèt lame yo, se li menm wa glwa
a.R.
LEVANJIL
« Moun ki
fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ak sè m’ak manman m’ ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 3, 31-35
Lè sa a :
Manman Jezi ak frè l’ yo rive ; yo kanpe deyò a, yo
voye kote l’ pou yo rele l’. Te gen yon foul ki te chita alantou l’, yo di
l’ : «Men manman ou ak frè ou yo deyò a y’ap chèchè ou ».
Li reponn yo, li di: “Kilès ki manman m’ ak frè m’?” Li
vire gade alantou l’, sa yo ki te chita toutotou l’ yo, li di: “Men manman m’
ak frè m’ yo. Moun ki fè volonte Bondye, se li menm ki frè m’ ak sè m’ ak
manman mwen”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pèsonn p’ap rive jwenn
vrè sans lavi li, si li pa chèche li nan relasyon ak Kreyatè a.
Nan premye lekti
a nou dekouvri yon pèp ansanm ak tout wa li k’ap ekzèse yon sèvis relijye pou
fè lwanj ak konpliman pou Bondye. Se te nan tan wa David la, yon wa ki
t’ap viv daprè sa Bondye te mande l’, yon wa ki t’ap viv nan imilite ak nan
jistis.
Nan gran pwosesyon sa a nou wè se
tout yon fèt, kote Wa a rive beni pèp la nan non Granmèt la epi li rejwi ak pèp
la devan prezans Bondye nan Ach Alyans la. Tout moun te reyini, yo t’ap pataje
sa yo gen bezwen ki pou kenbe lavi yo sou tè sa a men yo te kenbe kontak tou
avèk Sila a ki te ba yo lavi a. Kilè nou te kapab rive viv nan kominote nou yo
bèl manifestasyon sa a? Kòman nou kapab fè pou n’ ede pèp nou yo konsyan de sa
yo ye, sa Bondye rezève pou yo, kòman yo kapab viv nan kè kontan nèt ale? Nou
kwè se yon reyalite ki posib si nou tout nou bay Bondye premye plas nan lavi
nou, lè nou kite se limyè pawòl Bondye a ki klere chemen n’ yo, ki klere
relasyon n’ yo, lè sa a nou kwè nou kapab viv reyalite Wayòm nan depi jounen
jodi a. Lè sa a nou kapab sote ponpe devan Bondye nan Sen Sakreman an, nou
kapab sote ponpe devan tout bèl temwayaj frè ak sè n’ yo ap bay pou edifye nou.
Nan levanjil la nou dekouvri yon
epizòd nan lavi Jezi, ki enpòtan anpil pou nou menm kretyen ak pou lòt moun tou
ki pa ko fè eksperyans ak Jezi men ki kapab rankontre ak li nan lekti ak
meditasyon Pawòl Bondye a (Lectio Divina). Nou kapab frè Jezi, nou kapab sè
Jezi, nou kapab manman Jezi sèlman lè nou fè sa Bondye Papa a mande n’ fè!
Sètènman anpil moun mal konprann pasaj sa a, kote yo di Jezi fè manman l’
malonèt, men yo pa konsyan yo vle fè Jezi pase tankou yon moun ki pa obsève
youn nan kòmandman yo ki te di pou yo respekte manman ak papa nou! Vrè reyalite
a, se pandan Jezi pale de moun ki dwe fè volonte Papa l’ la li vle onore yon
fason espesyal zantray fanm sa a ki te fè l’ tou piti pou te akeyi volonte
Bondye nan lavi li. Mari te fè youn ak sa Bondye te mande li, li te kopere,
kolabore ak Bondye jous li vin tounen Madanm Bondye, Manman Jezikri, Pitit
Bondye a, li vin tounen fanm ki te bay satan pi gwo souflèt ki te kapab ekziste
akoz “wi” li a. Mari se sila a ki plen ak lagras la, li plen ak prezans Bondye
nèt ale, li menm Lespri Sen an te anvayi pou fòme nan li menm Sèl gren Pitit
Bondye a.
Nan repons sa a Jezi te bay la, li te
vle fè moun yo sonje li enpòtan pou yo louvri kè yo ak reyalite Pawòl Bondye a
menm jan ak manman li, pou lavi yo kapab reyèlman chanje, pou Bondye kapab
reyalize volonte l’ nan yo menm, pou yo kapab fè pati ekip moun ki sòti nan
fènwa a pou yo rantre nan limyè a.
Repons Jezi bay moun yo fè n’ sonje
anpil fwa n’ap sèvi Bondye, nou nan legliz, men lespri nou an deyò sa Bondye
mande n’ nan. Nou kite sosyete a distrè nou ak anpil bagay nou kapab rele
“zidòl” ki pa ba nou tan vrèman pou nou mete sa Bondye mande nou yo nan premye
pozisyon, kifè si n’ pa viv jan Bondye vle, nou sèten nou p’ap kapab chanje,
nou p’ap kapab benefisye oubyen patisipe nan Wayòm li an. Se pou nou louvri kè
nou pi plis toujou pou Lespri Bondye a ki te vlope Mari a kapab rive reyalize
anpil mèvèy nan lavi nou, dekwa pou n’ rive di menm jan avè l’: «Nanm mwen ap
sote devan Granmèt la, Lespri m’ kontan nan Bondye ki sove m’ nan!».
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri,
ede nou fè volonte ou chak jou nan lavi nou. Amèn!
PWOPOZISYON: Nan Legliz la
mwen p’ap konsidere mwen pi bon pase lòt, paske nou tout se yon sèl fanmi. Nou
gen yon sèl Papa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario