Koulè Blan
FRANSWA DE
SAL, KI SEN, Evèk e Savan sakre Legliz
la
(Mema)
PREMYE LEKTI
« M’ap
leve desandans ou apre ou, m’ap asire peyi-wa li »
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 7, 4-17
Jou sa yo :
Men pawòl Granmèt la bay Natan, li di: “Al di David
sèvitè m’ nan: Men pawòl Granmèt la? “Èske se ou menm k’ap bati yon kay ban
mwen, pou m’ abite? Mwen pa t’abite nan kay, depi jou mwen te fè pitit Izrayèl
yo sòti nan peyi Ejip la jous jodi a ; men mwen te pwomennen nan tant ak
nan tonnèl.Nan tout kote mwen te pase avèk tout pitit Izrayèl yo, èske mwen te
janm pale avèk youn nan ras Izrayèl yo, sa m’ te pase lòd pou okipe pèp mwen
Izrayèl, pou mwen te di : Pouki sa nou pa bati yon kay bwapen pou mwen?
Koulye a men sa w’a di sèvitè m’ David. Men pawòl Granmèt
lame yo : « Se mwen menm ki te pran ou sot nan savann zèb la, lè ou
t’ap suiv bann mouton yo, pou ou te kapab vin chèf sou pèp mwen Izrayèl, mwen
te avèk ou nan tout okazyon tout kote ou te pase, mwen te touye tout ènmi ou yo
sot devan fas ou ; mwen te fè ou vin gen yon non ki gran tankou non gran
pèsonaj yo ki sou tè a. M’ap mete yon kote pou pèp Izrayèl, m’ap plante l’,
l’ap abite la, li p’ap nan kè sote ankò ; pitit mechanste yo p’ap vin pou
yo trakase l’ tankou anvan, depi jou mwen te enstale jij yo sou pèp mwen
Izrayèl la.
M’ap ba ou repo anba men lòt ènmi ou yo, Granmèt la avèti
ou davans l’ap fè yon kay pou ou. Lè jou ou yo ap rive nan bout yo, lè w’a dòmi
avèk papa ou yo, m’ap leve desandans ou aprè ou, k’ap sòti nan vant ou, m’ap
asire peyi-wa li. Se li menm k’ap bati yon kay pou non m’, m’ap asire twòn
peyi-wa li pou tout tan. M’ap yon papa pou li, li menm l’ap yon pitit pou mwen.
Si l’ fè bagay ki pa kòrèk, m’ap korije l’avèk bagèt moun yo, ak chatiman pitit
moun yo. Men kanta pou mizerikòd mwen an, mwen p’ap retire l’ sot nan li, jan
m’ te wete l’ sot nan Sayil la, li menm mwen rejte sot devan fas mwen an. Kay
ou a ap fidèl, ni peyi-wa w’ la jous pou tout tan devan fas ou, twòn ou a ap
solid pou tout tan ».
Daprè tout pawòl sa yo epi daprè tout vizyon sa a, se
konsa menm Natan pale ak David.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 88,
4-5. 27-28. 29-30
R/ Pou tout tan m’ap kenbe mizerikòd mwen
pou li.
« Mwen pase alyans avèk sa a mwen chwazi a, mwen fè
sèman bay David, sèvitè m’ nan : Pou tout tan m’ap asire desandans ou,
m’ap drese twòn ou pou jenerasyon ak jenerasyon ».R.
Li menm l’ap rele m’ : Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ak
kachèt k’ap sove mwen. Mwen menm m’ap mete l’ kòm premye pitit, pi wo pase wa
yo sou tè a.R.
Pou tout tan m’ap kenbe mizerikòd mwen pou li, alyans
mwen an ap fidèl pou li.M’ap mete desandans li pou tout tan gen tan, ak twòn li
tankou jou syèl yo ».R.
LEVANJIL
« Moun
k’ap simen an, li sòti pou l’ simen »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 4, 1-20
Lè sa a :
Jezi kòmanse bay ansèyman ankò bò lanmè a ; anpil
foul rasanble kote l’, atèl pwen li blije monte nan batiman an, pou l’ chita
sou lanmè, tout foul la te sou bò lanmè a, atè a. Li t’ap ba yo ansèyman an
parabòl sou anpil bagay, li t’ap di yo nan ansèyman l’ nan :
« Koute : men moun ki konn simen an sòti pou l’
simen. Pandan l’ap simen, gen yon pòsyon ki tonbe bò wout la, zwazo syèl yo
rive, yo manje l’. Yon lòt pòsyon tonbe sou kote ki gen wòch, kote pa t’ gen
anpil tè ; menm lè a li leve, paske pa t’ gen pwofondè tè. Lè solèy leve,
li boule, epi, kòm li pa t’ gen rasin, li seche. Yon lòt pòsyon tonbe nan pikan
yo, pikan yo monte, yo toufe l’, li pa bay fwi. Yon lòt pòsyon tonbe nan bon tè
a, li bay fwi k’ap monte, k’ap devlope; li donnen yon pati trant, yon lòt
swasant epi yon lòt san”. Li t’ap di: “Moun ki gen zòrèy pou koute, se pou l’
koute”.
Lè l’ te pou kont li, douz yo ki te avèk li yo, yo poze
l’ kesyon sou parabòl la. Li di yo: “Nou menm yo ba nou pouvwa pou nou konnen
mistè peyi-wa Bondye a; yo menm menm, sa k’ deyò yo, se an parabòl tout bagay
fèt pou yo, pou yo gade byen gade, san yo pa wè, yo tande byen tande, san yo pa
konprann, otreman yo ta chanje konduit, yo ta padonnen peche yo”.
Li di yo: “Nou pa konprann parabòl sa a? Ebyen kijan n’ap
fè konprann tout parabòl yo?
Moun nan k’ap simen an, se pawòl la l’ap simen. Sa yo ki
sou bò wout la, kote pawòl la simen an; lè yo tande, menm lè a Satan rive, li
wete pawòl la, ki te simen nan kè yo a. Menm jan an tou sa k’ simen sou kote ki
gen wòch yo, kon yo tande pawòl la, menm lè a yo resevwa l’ ak kè kontan, men
yo pa gen rasin, se pou yon tan yo ye, aprè sa, lè tray vin leve, ak pèsekisyon
poutèt pawòl la, menm lè a yo bite. Lòt ki simen nan pikan yo ; se sa yo
ki tande pawòl la, men prewokipasyon syèk sa a avèk atirans richès avèk lòt
move lanvi yo antre, yo toufe pawòl la, li rete san fwi. Sa yo menm ki simen
sou bon tè a, se moun ki tande pawòl la, yo resevwa l’, yo donnen yon pòsyon
trant, yon lòt swasant, yon lòt san ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Frè ak sè m’ yo, Bondye se sila
ki sousye de pòsyon pèp li a (Izrayèl), e nou wè Granmèt la se pa sila ki mande
nou pou nou fè bagay ki ekstrawòdinè pou li; okontrè se li ki antre nan
kondisyon lavi nou pou li ba li yon vrè sans.
David se youn
nan ekzanp nan premyè lekti a : yon senp gadyen mouton, Bondye chwazi l’
pou l’ vin wa e li ba l’ yon jenerasyon k’ap dire pou tout tan. Sa ki pa itil
oubyen ki pa gen gwo valè nan je lèzòm, Bondye sèvi avè l’ pou li manifeste pwisans
li. Pèp Izrayèl la, se yon ekzanp nan zye tout nasyon.
Nan istwa pèp sa
a gen yon veritab chanjman ki fèt ; li te yon pèp nomad, sa vle di, li pa
t’ gen yon pozisyon fiks. Men kounye a li vin tounen yon pèp ki òganize sou yon
tèritwa ak pwòp otorite yo.
Nan levanjil la nou wè Jezi itilize yon parabòl pou
anonse rèy Bondye a, men se avèk yon imaj li montre nou kòman rèy nan ap
develope pami nou. Imaj la, se te yon semè ki sòti al simen grenn. Travayè sa a
kan menm ap tann lè moman rekòt la rive, paske pa gen moun ki travay ki p’ap
tann rekòt. Men semè sa levanjil la ap pale nou an se Jezi : li sòti pou’l
simen. Se misyon an menm, semans lan se pawòl Bondye a, kote grenn yo tonbe a
(tè a), se kè lèzòm, fwi yo se developman wayòm Bondye nan lavi moun ki aksepte
l’e moman rekòlt la, se finisman mond lan.
Jodi a, nou menm ki gen chans tande pawòl la, Jezi ba nou
yon avètisman : li di nou: louvri zòrèy nou e louvri kè nou pou pawòl
Bondye a donnen nan lavi nou.
Envitasyon pou nou tande pawòl la, se yon envitasyon tou
pou mete l’an pratik. Sa montre si lòm nan li menm li bati lavi l’ sou Bondye,
lavi l’ap bèl, lavi l’ap fleri e l’ap jwenn siksè ; men si li bati lavi l’
san Jezi, l’ap tankou grenn yo ki tonbe nan wòch yo, nan pikan, nan move tè yo.
Kòm konsekans se mizè, traka ak soufrans k’ap depafini ak lavi li.
LAPRIYÈ :
Granmèt, aprann mwen viv nouvo lavi ou pote pou mwen chak jou a ; ban m’
yon kè nouvo pou m’ ka dekouvri prezans ou nan tout moman nan lavi mwen. Ede m’
viv jan w’ mande nan levanjil la. Amèn.
PWOPOZISYON : Swiv
Jezi, koute pawòl li yo, epi viv selon pawòl la, dekwa pou m’ kapab rekòlte bon
fwi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario