Páginas

MADI 6


Koulè Wouj
PÒL MIKI AK KONPAYON L’ YO KI SEN, Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Ou te di: Non m’ap isit la, pou ou koute priyè pèp ou Izrayèl ».
NAN PREMYE LIV WA YO 8, 22-23. 27-30
Jou sa yo :
Salomon kanpe devan lotèl Granmèt la an fas pèp Izrayèl la, li lonje men l’ nan syèl la, li di : « Granmèt Bondye Izrayèl, pa gen dye ki sanble avèk ou nan syèl la anlè a ni sou tè a anba a, ki kenbe alyans ak mizerikòd pou sèvitè ou yo, k’ap mache devan ou ak tout kè yo. Konsa èske ou kwè reyèlman Bondye ta abite sou tè a ? Si syèl la ak syèl syèl yo pa kapab kenbe ou, kòman kay sa a mwen bati a ta kapab kenbe ou! Men voye je sou priyè sèvitè w’ la ak sou sa l’ap mande ou yo, Granmèt Bondye mwen. Koute kantik ak priyè sèvitè w’ la ap priye devan ou jodi a. Se pou je ou louvri sou kay sa a nannuit ak lajounen, sou kay sa a ou te di osijè l’ la : « Non m’ap isit la » ; pou ou koute priyè sèvitè w’ la ap fè nan kote sa a ba ou a. Pou ou koute priyè sèvitè w’ la ak pèp ou a Izrayèl, tout sa y’ap mande nan kote sa a. Koute nan kote ou abite a, nan syèl la, epi, antan ou koute, padonnen ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 83, 3. 4. 5 e 10. 11
R/ Ala renmen nou renmen tant ou yo, Granmèt lame yo !
Nam mwen anvi, l’ap deperi pou kay Granmèt la.
Kè m’ak chè m’ap danse pou Bondye vivan an.R.
Menm ti zwazo jwenn yon kay pou li, toutrèl la jwenn yon nich, kote li depoze ti pitit li yo : lotèl ou yo, Granmèt lame yo, wa m’ak Bondye m’.R.
Ala kontantman pou moun ki abite nan kay ou a, pou tout tan y’ap fè lwanj ou.
Ou menm k’ap pwoteje nou, gade, Bondye, voye je sou fas Kris ou a.R.
Sèke yon jou nan kay ou yo pi bon pase mil, mwen chwazi ret sou papòt nan kay Bondye m’ nan, pase pou m’abite nan tant pechè yo.R.
LEVANJIL
« Nou lage kòmandman Bondye yo, nou kenbe abitid moun yo »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK   KI SEN 7. 1 -13
Lè sa a:
Farizyen yo rasanble vin kot Jezi avèk kèk nan skrib yo ki te vin sot Jerizalèm. Kòm yo te wè kèk nan disip li yo ki t’ap manje avèk men yo sal, sa vle di san lave, yo fè yo repwòch. Sèke Farizyen yo ak tout Juif yo, si yo pa lave men yo souvan, yo p’ap manje, pou yo kenbe abitid ansyen yo. Lè yo sot deyò, si yo pa lave kò yo, yo p’ap manje ; pou yo kenbe anpil lòt bagay yo te transmèt yo : lave gode, krich, vèso an kuiv ak kabann.
Konsa Farizyen yo ak skrib yo mande : « Pouki sa disip ou yo pa mache daprè abitid ansyen yo, men y’ap manje manje yo ak men yo sal » ?
Men li menm li reponn, li di yo : « Izayi te pale byen sou nou kòm pwofèt, bann ipokrit, jan sa ekri a. « Pèp sa a se ak po bouch l’ap fè lwanj mwen, men kè yo lwen m’. Se pou granmesi y’ap ofri m’ sèvis antan y’ap bay ansèyman ak kòmandman moun ». Nou kite kòmandman Bondye a, nou kenbe abitid moun yo : N’ap lave krich, gode ak dòt bagay konsa n’ap fè an kantite ».
Li t’ap di yo : « Nou anile kòmandman Bondye a byen pwòp, pou nou kenbe abitid pa nou. Moyiz te di : « Respekte papa ou ak manman ou » ; epi : « Moun ki madichonnen papa oubyen manman l’, se pou l’ mouri byen mouri ». Nou menm menm nou di : « Si yon moun di papa l’oubyen manman l’ : Kòban (sa vle di kado), tout sa m’ genyen pou m’ te ba ou a » ; nou pa kite l’ fè anyen ankò pou papa l’oubyen manman l’, nou chire pawòl Bondye a pou abitid pa nou, sa nou menm nou transmèt ; epi se konsa nou fè anpil bagay ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Mwen avèk nou toulejou jiska lafen dimond.
Jodi a, n’ap sonje Pòl Miki ak konpayon li yo, mati nan peyi Japon depi nan sèzyèm syèk. Tankou onz apot yo jou Lasansyon Jezikri a (Mt 28,17), mesye sa yo yo menm tou yo te monte «tèt mòn nan»: nan ka pa yo a se mòn lakwa yo monte nan vil Nagasaki. Pap Franswa di nou, lè n’ap sonje sila yo ki mouri mati yo, sa fè nou sonje «sa ki fè bèlte istwa Legliz la, se paske se yon istwa sakrifis».
Istwa sen sa yo ki mouri mati a dekri pou nou anbyans lapriyè yo te ye lè yo te klouwe yo tou vivan sou kwa a. Ki pi bon adorasyon ki genyen ke sila ki konfye nan lapriyè a, lè yo t’ap bay temwayaj renmen Bondye a ki depase tout bagay, e menm pwòp lavi yo? Gen yon frè yo rele Martin ki te chante kèk sòm pou di Bondye mèsi pou jan Li Bon e li te ajoute: « In manus tuas, Domine», sa vle di «nan men ou Granmèt mwen». A la bon sa bon lèt nou gen yon konfyans total nan Bondye ki fè nou kapab remèt tout bagay nan men li!
Menm istwa rakonte nou kòman Pòl Miki, antan li sou lakwa a, li pwofite yon dènye moman pou li eseye fè asasen li yo vin pi pre Bondye: «Mwen padone wa a ak tout sila yo k’ap touye mwen an, e mwen priye nou pou nou resevwa batèm nan Kris la». Tout sitiyasyon, tout sikonstans, menm si li parèt difisil, nan yon fason oubyen nan yon lòt, se yon opòtinite pou levanjelize. Nan sans sa a, Pap Franswa di nou nou dwe gade sitiyasyon sa yo kòm defi pou nou ka grandi. Nou p’ap janm manke konkou; Jezi pa voye nou nan misyon nenpòt fason. Li menm menm di nou: « Mwen avèk nou toulejou jiska lafen dimond» (Mt 28,20).
LAPRIYÈ : Bondye, se ou menm ki fòs tout sen yo. Ou rele Pòl avèk konpayon l’ yo pou yo antre nan lavi a sou wout kwa a. Yo pase mati pou ou, yo vin sen, y’ap plede kòz nou. Tanpri, n’ap lapriyè ou. Lafwa n’ap deklare a, fè nou kenbe l’ fèm jous nou mouri. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Tankou Pòl Miki, mwen p’ap pèdi lafwa nan difikilte lavi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario