Páginas

LENDI 5


Koulè Wouj
AGAT KI SEN, Vyèj e Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Yo pote ach alyans la nan Sen Sen yo, nyaj la plen kay Granmèt la »
NAN PREMYE LIV WA YO 8, 1-7. 9-13
Jou sa yo :
Tout chèf Izrayèl yo rasanble avèk chèf ras yo ak chèf fanmiy pitit Izraèl yo, yo vin kot wa Salomon Jerizalèm, pou yo pote ach alyans Granmèt la sot nan vil David la, sa vle di Siyon. Tout Izrayèl rasanble kot wa Salomon nan mwa Etamin pi gran jou fèt la (se setyèm mwa a).Tout ansyen yo nan Izrayèl, yo rive, prèt yo pran ach la, yo pote ach Granmèt la ak tant alyans la ak tout veso tanp la, ki te nan tant la, prèt yo ak levit yo t’ap pote yo.
Wa Salomon ak tout foul Izrayèl la, ki te vin kote l’ la, yo t’ap monte avèk li devan ach la ; yo t’ap sakrifye mouton ak bèf san yo pa kapab kalkile pri yo ni kantite yo. Prèt yo fè ach alyans Granmèt la antre nan kote pou l’ te ye a, nan plas priyè tanp la, nan Sen Sen yo, anba zèl Cheriben yo ; konsa Cheriben yo te louvri zèl yo anlè kote ach la te ye a, yo t’ap pwoteje ach la avèk bawo l’ yo ki te anlè l’ yo. Nan ach la menm pa t’ gen anyen sof de galèt wòch, sa Moyiz te depoze ladan l’ nan Orèb la, lè Granmèt la te ekri alyans la avèk pitit Izrayèl yo lè yo t’ap sòti nan peyi Ejip la.
Rive, lè prèt yo antre nan tanp la, nyaj la plen kay Granmèt la, prèt yo pa t’ kapab kanpe pou yo fè sèvis la akoz nyaj la ; sèke glwa Granmèt la te plen kay Granmèt la.
Lè sa a Salomon di : «Granmèt la di pou l’abite nan nyaj la. Mwen bati yon kay pou ou abite, se twòn ou ki solid pou tout tan ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 131, 6-7. 8-10
R/ Leve, Granmèt, al nan repo ou.
Men nou tande li nan Efrata, nou jwenn li nan bwa Yaa yo.
An nou antre nan joupa l’ la.
An nou adore nan macheskalye pye l’.R.
Leve, Granmèt, nan repo ou, ou menm ak ach fòs ou a.
Prèt ou yo abiye ak jistis, sen ou yo kontan.
Poutèt David, sèvitè w’ la, pa vire fas Kris ou a.R.
LEVANJIL
«Tout moun ki te touche l’, yo te sove ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK 6, 53-56
Lè sa a :
Lè Jezi avèk disip li yo fin travèse lòt bò lanmè a, yo rive nan peyi Jenezarèt la, yo akoste.
Pandan y’ap sòti nan batiman an, menm lè a yo rekonèt yo; moun yo kouri nan tout rejyon sa a, yo kòmanse pote moun ki te malad yo sou kabann, kote yo te tande li te ye. Kote l’ te antre, nan bouk yo, nan abitasyon yo oubyen nan vil yo, yo te konn plase malad yo sou plas yo, yo te konn ap priye l’, pou l’ kite yo touche ti fil rad li. Tout moun ki te konn touche l’, yo te konn sove.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, nou wè jan Bondye Granmèt la te pran desizyon abite nan mitan pèp li a, depi nan tan Ansyen Kontra a. Li la avèk yo, li mache ansanm avèk yo, li pèmèt yo antre nan prezans li. Pèp la kontan, yo fè fèt pou Granmèt la, yo fè yon kay pou li rete avèk yo pou tout tan.
Aprè sa, menm Bondye sa a te tounen yon moun parèy nou, nan Jezikri, pou li te ka pi pre nou toujou. Lè moun yo te wè sa, yo te gen yon lespwa. Yo te konnen se Bondye ki te ka sove yo, se li menm ki te ka geri malad yo. Yo te kwè depi yo touche l’, menm si se fil rad li sèlman yo touche, y’ap bon.
Frè mwen, sè mwen: nan batèm nou an, nou te resevwa Lespri Sen an, pou n’ kontinye misyon Kris la; sa vle di, se nou menm ki pou bay yon lespwa pou malad yo, ak pou tout moun ki gen pwoblèm. Se nou menm ki pou montre yo Bondye pa janm bliye yo, Li se yon Bondye vivan. Misyon sa a pa fasil. Se pa de moun k’ap tann yon siy, se pa de moun ki bezwen gerizon, ki bezwen sove. Men nou pa bezwen pè : Pa gen anyen ki enposib pou Bondye (Lik 1,37).
Depi nou kenbe lapriyè epi nou aji tankou moun de byen, piti piti lavi nou ap vin sanble plis ak lavi Jezikri, epi moun ki bezwen wè l’ yo ap ka rekonèt li nan nou. Konsa, y’a konnen li pa bliye yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, tankou Agat ki sen, vyèj e mati, mwen disponib pou sèvis ou: fè m’ tounen yon zouti nan men ou. Vide Lespri Sen w’ lan nan mwen pou m’ ka fè sa ou mande m’. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Gen anpil moun k’ap soufri. Si m’ pa ka ba yo anyen materyèl, m’ap priye pou yo?

No hay comentarios:

Publicar un comentario