Páginas

DIMANCH 4


Koulè Vèt
SENKYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ-ANE B
PREMYE LEKTI
"Mwen plen ak doulè jous nan fè nwa yo".
LEKTI LIV JÒB 7, 1-4. 6-7
Jòb pale, li di:
"Lavi yon moun sou tè a se sèvis lame, jou l’ yo se tankou jou moun k’ap travay pou touche chak jou. Tankou yon sèvitè anvi lonbraj, tankou yon anplwaye ap tann travay li fini, konsa tou mwen menm mwen te gen mwa yo vid, mwen te konte nuit yo ki rèd.
Si m’ap dòmi, mwen di: «Kilè pou m’ leve»? Aprè sa m’ap tann aswè, mwen plen doulè jous nan fè nwa yo.
Jou m’ yo travèse pi vit pase twal k’ap kouri nan men moun k’ap fè l’ la, yo fini san okenn esperans. Sonje se van lavi m’ ye, je m’ p’ap tounen pou l’ wè byen yo ankò".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 146, 1-2. 3-4. 5-6 (r.: cf. 3a)
R/ Fè lwanj Granmèt la, li menm ki geri kè ki kraze yo.
Fè lwanj Granmèt la, paske sa bon pou yo chante pou Bondye nou,
Paske sa bon pou fè lwanj.
Granmèt la bati Jerizalèm, li rasanble moun Izrayèl yo ki te gaye yo.
Li menm ki geri kè ki kraze, ki panse kote yo blese yo;
Ki konte kantite zetwal yo, ki rele yo tout sou non yo.R.
Granmèt nou an gran, pouvwa l’ gran, yo pa kapab sonde sajès li;
Granmèt la soutni moun ki dosil yo,
Men li rabese pechè yo jous atè.R.
DEZYÈM LEKTI
"Madichon pou mwen, si m’ pa preche levanjil la".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 9, 16-19. 22-23
Frè m’ yo:
Si m’ap preche bòn nouvèl la, se pa yon tit lwanj li ye pou mwen, se yon nesesite ki tonbe sou mwen. Madichon pou mwen, si m’ pa preche !
Si m’ fè sa ak pwòp volonte m’, mwen resevwa rekonpans ; men si se yon obligasyon, se sèvis Bondye konfye m’ nan mwen fè. Ki rekonpans mwen ? Sèke antan m’ap preche bòn nouvèl la, mwen bay bòn nouvèl la san m’ pa chèche enterè, pou m’ pa fè ekzijan sou pouvwa mwen genyen nan bòn nouvèl la.
Sèke, malgre mwen lib pa rapò a tout moun, mwen vin tounen sèvitè tout moun, pou m’ kapab pran tèt anpil moun. Mwen vin fèb avèk sa yo ki fèb yo, pou m’ kapab pran tèt sa k’ fèb yo, mwen adapte m’ak tout moun, pou m’ kapab sove tout moun. Mwen fè tout bagay poutèt bòn nouvèl la, pou m’ kapab jwenn pòsyon pa m’ nan li.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Li geri anpil moun ki te trakase avèk anpil kalite maladi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 1,29-39
Lè sa a:
Jezi sòti nan sinagòg la, li rive nan kay Simon ak Andre ak Jak ak Jan. Bèlmè Simon an te kouche avèk lafyèv, menm lè a yo pale l’osijè l’. Li pwoche, li soulve l’, li kenbe men l’; menm lè a lafyèv la pati, epi li t’ap sèvi yo.
Lè aswè rive, pandan solèy la t’ap kouche, yo mennen tout moun ki malad ba li, ni moun ki gen demon ; tout vil la te rasanble devan pòt la. Li geri anpil moun ki t’ap soufri avèk divès maladi, li chase anpil demon ; li pa t’ kite yo pale, paske yo te konnen l’.
Granmaten li leve, li sòti, 1’al nan yon kote ki dezè, epi li t’ap priye la. Simon menm rapousuiv li, ni moun ki te avèk li yo; lè yo jwenn li, yo di l’: «Se tout moun k’ap chèche ou».
Li di yo : "An al nan bouk yo ki tou pre yo ak nan vil yo, pou nou preche la; se pou sa menm mwen vini. Li t’ap preche nan sinagòg yo, ak nan tout Galile a, li t’ap chase demon yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Premye lekti a ke nou li nan liv Jòb la, se yon leson sajès pou nou kapab medite sou sans ekzistans nou sou tè a. Yo konpare lavi moun nan ak lavi yon sòlda, yon moun ki nan sèvis militè. Se yon fason pou nou konprann, nou chak ki sou tè a se lite n’ap lite, se militan nou ye. Gen yon chan nou abitye chanje konsa : «Redi, redi, lavi a pa fasil zanmi ; pa pè, pa pè Gran Frè [Jezi] ou la»… Nou jwenn chan sa nan liv yo rele N’AP REGLE.
Nan menm sans sa a Adler, yon sikològ di nou : «Lavi se yon konba ki kòmanse depi lè nou nan vant manman nou e ki fini nan tonm nou». Nou tout nou konsyan se lite n’ap lite pou nou viv, men sa ki enpòtan nou dwe toujou konte sou konkou lagras Bondye. Si Bondye pa la, nou echwe, nou p’ap ka avanse pi lwen.
Nan Levanjil jodi a, nou wè Jezi nan Kafanawòm, se la ki sant ministè li, e nou jwenn li ekzakteman lakay Simon Pyè : «Jezi sòti nan sinagòg la, li rive nan kay Simon ak Andre ak Jak ak Jan» (Mt 1,29). Se la li jwenn fanmi sila yo ki koute Pawòl li a e ki mete li an pratik (cf. Lik 8,21). Bèlmè Pyè a malad e Jezi ale, li pwoche, li soulve li, li kenbe men li; menm lè a lafyèv la pati epi li t’ap sèvi yo.
Jezi pwoche bò kote pòv yo ak moun k’ap soufri ke yo mennen ba li e li sèlman lonje men li sou yo, li geri yo. Yon senp ti kontak ak Jezi, ki se Sous Lavi a, sa sifi pou libere epi sove moun ki te antrave anba maladi.
Anpil moun ap chache Jezi, genyen ki fè li akòz yon obligasyon, gen lòt ki fè li antan yo pa menm konsyan, puiske «kè nou pa gen repo jiskaske li repoze nan Granmèt la» (Sen Ogisten).
Men, menm jan n’ap chache li pou li libere nou anba mal la ak Lènmi an; Li menm li pwoche pou rann posib sa nou pa ta kapab fè ak pwòp kapasite pa nou. Li fè tèt li pase pou moun ki fèb pou li sove nou, nou menm ki san fòs.
Gen yon men ki lonje sou nou, nou menm ki akable ak tout kalite mal, sèlman nou dwe lonje men pa nou ba li epi n’ap kanpe e n’ap kapab reprann tout okipasyon nou yo. Nou kapab lonje men nou nan lapriyè, antan nou pran ekzanp sou Granmèt la: «Granmaten li leve, li sòti, l’al nan yon kote ki dezè, epi li t’ap priye la» (Mk 1,35).
Anplis, Lekaristi chak dimanch se rankont avèk Granmèt la ki vin leve nou pou fè nou tounen temwen vivan yon rankont ki renouvle nou san rete, e ki rann nou vrèman lib avèk Jezi.
LAPRIYÈ:Granmèt, tanpri lonje men w’ sou mwen, pou lavi m’ ka chanje.
PWOPOZISYON:Chèche fè yon vrè rankont ak Bondye nan lapriyè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario