Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«W’ap bay
sèvitè w’ la yon kè ki dosil, pou l’ jije pèp ou a»
NAN PREMYE LIV WA YO 3, 4 -13
Jou sa yo :
Salomon al Gabaon pou l’ sakrifye la ; kote sa a se
te yon wotè ki te gen enpòtans anpil. Se mil sakrifis nan sakrifis antye
Salomon ofri sou lotèl sa a nan Gabaon. Granmèt la parèt devan Salomon nan rèv
nan nuit, li di: «Mande sa ou vle pou m’
ba ou».
Salomon di : Ou te fè mizerikòd anpil avèk sèvitè ou
David, papa m’, jan l’ te mache devan fas ou nan verite ak jistis ak yon kè ki
dwat avèk ou; ou kenbe gran mizerikòd ou a pou li, ou ba l’ yon pitit ki chita
sou twòn li an, jan sa fèt jodi a. Koulye a, Granmèt Bondye, ou fè sèvitè w’ la
kòmande nan plas David papa m’. Mwen mem mwen se yon ti moun piti, mwen pa
konnen ni sòti ni antre m’. Sèvitè w’ la nan mitan pèp la ou chwazi a, yon pèp
yo pa kapab konte, yo pa kapab ni konte l’, ni kalkile l’ tèlman li anpil. W’a
bay sèvitè w’ la yon kè ki dosil, pou l’ kapab jije pèp ou a, pou l’ konprann
diferans ant byen ak mal. Sèke kilès ki kapab jije pèp sa a, pèp ou sa a ki
anpil la »?
Pawòl la fè Granmèt la plezi, sa Salomon te mande nan
kalite jan sa a.
Granmèt la di Salomon: «Poutèt ou mande bagay sa a, ou pa
t’ mande lavi long ni richès ni lavi ènmi w’ yo, men ou te mande sajès pou w’
kapab konprann jijman: men mwen fè pou ou daprè pawòl ou yo, mwen ba ou yon kè
ki gen sajès ki entelijan, atèl pwen pèsòn anvan ou pa t’ sanble ou, ni aprè ou
p’ap genyen k’ap leve. Men ni bagay sa yo ou pa t’ mande a, mwen ba ou yo tou,
sa vle di richès ak glwa, pou pa gen pèsòn ki te tankou ou nan wa yo nan tout
jou ki fin pase yo ».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 118,
9. 10. 11. 12. 13. 14
R/ Aprann mwen desizyon w’ yo, Granmèt.
Kòman pou yon jenòm kapab nèt nan chemen l’ ? Antan
l’ kenbe pawòl ou yo.R.
Ak tout kè m’ mwen te chèche ou, pa kite m’ pèdi wout
lwen kòmandman ou yo.R.
Nan kè m’ mwen kache pwomès ou yo, pou m’ pa fè peche
kont ou.R.
Konpliman pou ou, Granmèt aprann mwen desizyon w’ yo.R.
Nan bouch mwen mwen detaye tout jijman bouch ou yo.R.
Nan wout temwayaj ou yo mwen jwenn plezi m’ tankou nan
tout kalite richès.R.
LEVANJIL
«Yo te tankou
mouton ki pa gen gadyen»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 30-34
Lè sa a:
Apot yo rasanble kot Jezi, yo rakonte l’ tout sa yo te
fè, ak sa yo te anseye. Li di yo: «Vini apa, yon kote ki pa gen
pèsòn, pran yon ti repo». Sèke moun yo ki t’ap vini, ki t’aprale, yo te anpil,
pa t’ gen espas pou yo te manje.
Yo monte nan batiman an, y’al nan yon kote ki dezè, ki
apa. Lè yo wè y’a prale, anpil moun konprann; yo sòti a pye nan tout vil yo, yo
vin rankontre yo la, yo rive anvan yo.
Lè Jezi sòti, li wè anpil foul, li pran pitye pou yo,
paske yo te tankou mouton ki pa gen gadyen, li kòmanse ba yo ansèyman anpil.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Wa Salomon se pitit David, li monte kòm wa
aprè lanmò Papa l’, li te apèn yon ti jèn gason. Istwa Sakre a fè konnen li te gen anpil sajès.
Se pa t’ yon sajès ki vini konsa, men se paske li te mande Bondye fè l’ kado
Lespri Sajès la, dekwa pou l’ te kapab mennen pèp la nan bon direksyon. Li te
santi ke se te yon gran responbilite ki te sou zèpòl li e li pa t’ap kapab si
Bondye pa akonpaye li.
Moun k’ap gouvènen yon pèp pa dwe gonfle lestomak pou chante kantamwa
li, paske premye responsablite li se sèvi. Nan istwa lemond nou gen anpil
ekzanp rezilta lògèy moun k’ap di yo pa bezwen Bondye, moun ki di yo pa gen
krentif pou Bondye, se sou chemen lagè ak soufrans yo mete pèp yo.
Nan levanjil la, Jezi pran disip yo, li mennen yo al repoze, men lè yo
rive foul moun yo te deja ap tan yo. Anpil moun t’ap mache dèyè Jezi, paske yo
te wè zèv li: li t’ap geri malad yo; gen dòt ki t’ap swiv li paske li te ba yo
manje, gen lòt se paske yo te renmen tande mesaj li a. E mwen menm, e ou menm:
poukisa n’ap suiv Jezi?
Nan Jezi, tout moun
jwenn kichòy. Li te
preche anpil, men lavi li se te pi gwo mesaj, paske se te siy rèy Bondye pami lèzòm. Pawòl
l’ap di nou jodi a, se sous lespwa pou nou tout ki kwè nan li.
LAPRIYÈ: Granmèt, m’ap
lapriyè w’ pou tout moun ou depoze avni tè a nan men yo.Tanpri fè yo kado
Lespri Sen an pou yo travay pou lapè ak jistis blayi toupatou. Amèn.
PWOPOZISYON:
Poto mitan sosyete a, se fanmi an; kidonk si fanmi n’ mache byen sosyete a deja
fè yon gran pa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario