Koulè Vyolèt
MÈKREDI
PREMYE SEMÈN KARÈM
PREMYE LEKTI
“Moun Niniv
yo chanje konduit sot nan move chemen yo”.
LEKTI LIV PWOFÈT JONAS 3, 1-10
Rive pawòl Granmèt la di Jonas:
«Leve, al Niniv, gran vil la, preche prèch la mwen te pale w’ la ladan li».
Jonas leve, 1’al Niniv daprè pawòl Granmèt la. Niniv se yon gran vil ki te
mande twa jou pou travèse l’. Jonas kòmanse antre nan lavil la, li mache pandan
yon jounen; li rele byen fò, li di: «Aprè karant jou, Niniv ap detwi».
Moun Niniv yo kwè nan Bondye, yo
preche yon jèn, yo abiye ak sak sot depi pi gran an jous pi piti a. Pawòl la
rive kot wa Niniv la, li leve sot sou fotèy li, li wete rad li, li abiye ak yon
sak, li chita nan sann. Li fè deklarasyon, li pale nan Niniv, nan bouch wa a ak
chèf li yo, li di: «Ni moun ni bèt, ni bèf, ni mouton p’ap goute anyen, p’ap
manje zèb, p’ap bwè dlo; y’ap kouvri ak sak, ni moun ni bèt, y’ap rele kot
Granmèt la avèk fòs, se pou chak moun kite move chemen l’ ak peche l’, ki nan
men l’. Kilès ki konnen si Bondye p’ap chanje, si l’ p’ap padonnen, si l’ p’ap
tounen sot nan chalè kòlè l’ la, pou nou pa peri»?
Bondye wè aksyon yo, kijan yo chanje
sot nan move chemen yo, Bondye pran pitye osijè malè li te di li t’ap fè a, li
pa fè l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
50, 3-4. 12-13. 18-19.
R/
Yon kè ki
kraze, ki rabese, Bondye pa meprize l’.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè
sansib ou; daprè jan ou sansib anpil, efase fot mwen an.
Lave m’ byen lave sot nan fot mwen
an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye,
refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’ lwen fas ou, lespri sen
ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Ou p’ap pran plezi nan sakrifis,
sakrifis antye, si m’ ofri l’ li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou Bondye, se yon lespri
ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye, ou p’ap meprize l’.R.
LEVANJIL
«Yo p’ap bay
jenerasyon sa a dòt siy pase siy Jonas la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 11, 29-32
Lè sa a:
Pandan foul yo t’ap rasanble, Jezi
kòmanse di: «Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki move; l’ap chèche siy, men yo
p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la. Sèke menm jan Jonas te sèvi moun Niniv
yo kòm siy nan, konsa tou Pitit moun nan ap sèvi siy pou jenerasyon sa a.
Larèn nan Sid la ap leve jou jijman
an ansanm avèk moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li vin sot nan bout
tè a pou l’ koute sajès Salomon, epoutan gen plis pase Salomon isit la.Moun
Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm avèk jenerasyon sa a, y’ap kondane l’,
paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epoutan gen plis pase Jonas isit
la».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Pandan foul yo t’ap rasanble, Jezi kòmanse di:
«Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki move; l’ap chèche siy, men yo p’ap ba l’
siy, sof siy pwofèt Jonas la». Menm jan Jonas te yon siy pou abitan Niniv yo, se
konsa tou Jezi pral yon siy pou jenerasyon sa.
Malgre Jezi te opere anpil mirak, sa
pa t’ anpeche yo mande li «yon» siy. Ebyen siy yo ba nou an, sèke Jezi vini nan
mond la. Anpil fwa nou menm tou, frè ak sè m’ yo nou konn mande Bondye yon siy
pou li kapab rekonfòte nou, pou li montre nou li tande rèl nou.
Konsa nou kapab mande Granmèt la
limen dife renmen li nan kè nou pou nou kapab rankontre li. Fòk nou vin tounen
moun ki nouvo antan n’ap fete Pak la, fòk nou deja resisite. Kantite peripesi,
traka, mizè, soufrans ak kalamite nou pase nan lavi nou! Jonas travèse lavil
Niniv, kote moun yo abiye ak rad dèy, y’ap fè jèn e yo t’ap mande Bondye pote
yo sekou. Nou menm tou, nou rele bay Bondye ak tout enèji lafwa
nou.
«Larèn nan Sid la ap leve jou jijman an ansanm avèk
moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo.» Vrèman vre,
Rèn nan sòti byen lwen pou li vin koute Sajès Salomon, men li jwenn plis ke
Salomon.
Chak moun bezwen devlope pou li
kapab vin plis moun, pou li konble vid li pote nan li menm. «Fè nou kase tèt
tounen vin jwenn ou, n’a sove». Konvèsyon an se pa sèlman yon bagay pèsonèl,
men tou se yon bagay kominotè. Pawòl Bondye a, se Sajès nou, li chanje nou epi
li chanje kominote nou an. Men fòk nou tout ansanm nou kwè nan li.
Tan Karèm nan envite nou ouvri kè
nou pou nou kapab ranpli ak kè kontan Pak la; plonje nan lavi Jezi, nan lanmò,
soufrans ak rezireksyon li.
«Moun Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm avèk
jenerasyon sa a, y’ap kondane l’». Vrèman,
anpil moun te konvèti «paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epoutan gen
plis pase Jonas isit la». Jezi se siy nan. Li renmen mond nou an, li vini, li
soufri pou li ak pou nou chak. Li te bay lavi li pou mond la te kapab genyen
lavi. Nou kwè Jezi ap transfòme nou gras a Lekaristi a, Pen Vivan nou resevwa
a. Jezi ba nou yon lavi tou nèf pou nou viv nan imilite ak senplisite nan sèvis
lòt yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, voye je ak bon kè
sou pèp ou a k’ap devwe tèt li. L’ap frennen kò l’ antan l’ap metrize tandans
li; fè lespri l’ vin refè avèk rezilta bon aksyon li. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Antan nou kwè Jezi renmen nou tout bon vre, an
nou kominike lanmou sa a bay lòt yo atravè yon aksyon konkrè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario