Koulè Blan
FOTÈY PYÈ KI SEN, Apot.
Fèt
PREMYE LEKTI
«Mwen ansyen
ansanm avèk nou, mwen temwen soufrans Jezikri yo».
NAN PREMYE LÈT APOT PYÈ KI SEN 5, 1-4
Nou menm mwen renmen anpil la:
Ansyen yo, ki nan pami nou yo, mwen priye nou, mwen menm
ki ansyen ansanm avèk nou, ki temwen soufrans Jezikri yo, k’ap kominike glwa l’
la ki gen pou l’ devwale apre a: okipe bann mouton Bondye yo ki nan mitan nou
yo, prevwa sa l’ bezwen san yo pa bezwen fòse nou, men avèk tout kè nou daprè
Bondye, san nou pa chèche avantaj malonnèt, men ak tout bòn volonte nou; san
nou pa kòmande kòm mèt sou moun yo nou responsab la, men antan nou vin tounen
modèl pou bann mouton yo ak tout kè nou. Konsa, lè chèf gadyen yo ap parèt, n’a
resevwa kouwòn glwa ki p’ap fennen an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22,
1-3. 4. 5. 6
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke
anyen.
Granmèt la ap kondui m’, anyen p’ap manke m’; nan zèb vèt
li enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nam mwen.
Li kondui m’ nan santye jistis poutèt non l’.R.
Sèke menm si m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen
p’ap pè malè, paske ou avèk mwen.
Baton
ou ak bagèt ou, se yo k’ap konsole m’.R.
Ou
pare yon tab devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray la; ou swen tèt
mwen ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman
se bon kè ak mizerikòd k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’ m’ap abite nan kay
Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
«Ou se Pyè, m’ap ba ou kle peyi wa
syèl la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 16, 13-19
Lè sa a:
Jezi rive nan rejyon Sezare Filip
la, li poze disip li yo kesyon, li di: «Ki sa moun yo di Pitit moun nan ye»?
Yo
menm yo di: «Genyen se Jan-Batis, dòt menm se Eli, dòt ankò se Jeremi oubyen
youn nan pwofèt yo».
Jezi
di yo: «E nou menm ki sa nou di mwen ye»?
Simon Pyè pran lapawòl, li di: «Ou
se Kris, Pitit Bondye vivan an».
Jezi pran lapawòl, li di l’: «Ala
kontantman pou ou, Simon, pitit Jan, paske se pa ni chè ni san ki fè ou konn
sa, men Papa m ki nan syèl la. Mwen menm mwen di ou ou se Pyè, sou wòch sa a
m’ap bati Legliz mwen an, pòt lanfè yo p’ap ranpòte viktwa kont li; m’ap ba ou
kle peyi wa syèl yo, tout sa w’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la, tout sa
w’ap lage sou tè a, l’ap lage nan syèl la tou».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a 22 fevriye, Legliz la ap fete Fotѐy Sen Pyѐ.
Pyѐ ak Fotѐy
li a tounen wὸch Granmѐt
la bati Legliz li a, avѐk pwomѐs
ke menm pouvwa lanfѐ p’ap ka fѐ
l’ anyen. De mil an aprѐ yon senp eleksyon de Pyѐ,
kretyen nan tan pa nou an, nou temwen ke devan tout fὸs
advèsѐ, tout tantasyon, devan
tout sa nou pa ka konprann, Legliz Jezkri a kanpe pi rѐd
e li kontinye ap pwoklame avѐk
menm fὸs la, ke Jezi se Mesi a,
Pitit Bondye vivan an, pandan n’ap tann jou l’ap retounen an.
Nan gran fѐt
sa a n’ap fete ekzistans Legliz ke JeziKri te fonde a, Legliz sa a ke y’ap
atake chak jou, tout kote nan lemond, men ki pa janm ebranle, ki toujou rete
solid paske li gen rasin li plante nan Jezikri.
N’ap selebre Legliz katolik ki fѐ
nou sonje sa Jezi te di Pyѐ:
«Ou se wὸch e se sou wὸch
sa a m’ap bati Legliz mwen an».
Vrѐman,
depi Jezi te fin jwe avѐk mo sa a yo, pou l’ te
bay Pyѐ gwo responzabilite sa
a, sa vle di, li te rele l’ ansanm ak tout moun k’ap vini aprè l’ yo pou yo
dirije avѐk anpil renmen nan kѐ
yo Legliz sa a, Legliz katolik ke Jezi sѐl
chѐf li. Wi se Jezi ki chѐf Legliz la epi Pap la
li menm, se tѐt vizib Legliz la a.
Jezi
te chwazi Pyѐ pou dirije Legliz la, aprè Pyѐ fin mouri, fὸk te gen lὸt moun ki ranplase l’
pou kontinye travay la; ebyen se sa k’ fѐ nou gen pѐsonaj sa a nan tѐt Legliz la ki rele Pap
e chak fwa youn mouri, yo eli yon lὸt pou ka kontinye sa
Jezikri li menm li te fѐ pou mete Legliz li a kanpe.
Donk sou tout sa nou konn tande kѐk moun ki pa konnen
reyalite Legliz katolik la ap di, jodi a reyalite a se sa li ye. Syѐj Sen Pyѐ a
li nan vil Wὸm, kote moun ki vini aprè l’ la chita, men li anbrase tout Legliz
atravѐ lemond, se sa k’ fѐ nou di, Legliz katolik la li inivѐsѐl (Se sa mo
katolik la vle di menm, depi nan rasin li).
Nou menm ki se kretyen katolik, lѐ nou gade kὸman Legliz
nou an pran nesans, lѐ nou sonje ki moun ki chѐf dirѐk Legliz sa a e moun ki
dirije l’ la se siksesѐ moun Jezi menm te mete nan tѐt li a, nou dwe fyѐ pou
nou di nou se kretyen katolik.
Men anpil fwa nou pito kache idantite nou, nou wont di se
katolik nou ye, paske nou pѐ yon seri de moun k’ap atake nou ke menm yo menm yo
pa konnen fondman Legliz pa yo a.
An avan kretyen katolik, li Labib nou, chѐche konn
reyalite Legliz nou an, konsa n’ap ka defann nou, defann Legliz nou an, bѐl
Legliz sa a Jezi te kite pou nou an.
LAPRIYÈ : Granmѐt Jezi, nou di w mѐsi pou bѐl Legliz sa a ou ban
nou. Mѐsi pou tout dirijan nou yo : Pap la, evѐk yo, pѐ yo, dyak yo ou
chwazi pou kontinye ban nou bon ansѐyman w’ yo. Mѐsi pou Legliz la w’ap fὸtifye
chak jou devan tout pѐsekisyon l’ap sibi, mѐsi pou souf Lespri Sen an k’ap
soufle anndan Legliz la e k’ap soutni l’ jous tan an yo rive bout. Amѐn
PWOPOZISYON : Lapriyѐ
chak jou pou Legliz la epi pou tout dirijan li yo. Angaje mwen pou travay pou
Legliz la ka pi bèl chak jou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario