Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
“Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa
kòrèk la, èske se pa pito pou l’ chanje sot nan wout li yo epi pou l’ viv”?
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 18, 21-28
Men sa Granmèt Bondye a di:
«Si moun ki pa kòrèk la fè penitans
sot nan tout peche l’ yo, sa l’ te fè yo, epi li kenbe tout kòmandman m’ yo, li
fè jijman ak jistis, l’ap viv byen pwòp, li p’ap mouri. Tout sa l’
te fè pa kòrèk yo, yo p’ap sonje yo; se nan jistis li a reyalize a l’ap viv.
Èske volonte m’ se lanmò moun ki pa kòrèk la, deklarasyon Granmèt Bondye a,
èske se pa pou l’ chanje sot nan chemen l’ yo, pou l’ viv?
Sèlman si moun ki kòrèk la vire do
bay jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk daprè tout kalite peche moun ki pa
kòrèk la konn fè yo, èske l’ap viv? Tout jistis li yo li te reyalize yo, yo
p’ap sonje yo; se nan revòlt li fè a, ak nan peche li fè a, se nan yo l’ap
mouri.
Epi n’ap di: «Chemen Granmèt la pa
dwat». Koute non, kay Izrayèl: Èske se chemen m’ ki pa dwat, èske se pa pito
chemen pa nou yo ki move?
Sèke si moun ki kòrèk la vire do bay
jistis li a, epi li fè sa k’ pa kòrèk, li mouri nan yo, se nan sa k’ pa kòrèk
li fè yo l’ap mouri. Men si moun ki pa kòrèk la vire do bay sa l’ fè ki pa
kòrèk la, li reyalize jijman ak jistis, li menm l’ap fè nam li jwenn lavi; sèke
antan l’ ekzamine, li vire do bay tout sa l’ te fè ki pa kòrèk yo, l’ap viv
byen pwòp, li p’ap mouri».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS
129, 1-2. 3-4ab. 4c-6. 7-8
R/
Si ou kenbe
fot yo, Granmèt, Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Nan bafon yo m’ap rele kote ou,
Granmèt; Granmèt, koute vwa m’.
Se pou zòrèy ou panche nan vwa
lapriyè m’ nan.R.
Si ou kenbe fot yo, Granmèt,
Granmèt, ki moun k’ap kanpe?
Paske kote ou se padon, nou respekte
ou.R.
M’ap tann ou, Granmèt; nam mwen ap
tann nan pawòl li, nam mwen espere nan Granmèt la.
Plis pase yon santinèl k’ap espere
devanjou, se pou Izrayèl espere nan Granmèt la.R.
Paske kot Granmèt la se kè sansib,
se delivrans an kantite kote l’.
Se li menm k’ap delivre Izrayèl sot
nan tout fot li yo.R.
LEVANJIL
«Al kòmanse
rekonsilye ak frè w’ la».
MEN BÒN NOUVÈLJEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 5, 20-26
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Si jistis nou pa depase pa pwofesè
yo ak farizyen yo, nou p’ap antre nan rèy syèl yo.
Nou te tande yo te di ansyen yo: «Pa
touye»; paske moun ki touye, li merite jijman. Mwen menm mwen di nou: Tout moun
ki fè kòlè kont frè l’, li merite jijman. Moun ki di
frè l’: «Tèt vid», li merite tribinal. Moun ki di: «Moun fou», li merite boukan
dife a.
Konsa, si w’ap ofri kado ou devan
lotèl la, epi lè ou rive la, ou sonje frè ou gen kichòy kont ou, kite kado w’
la la menm devan lotèl la, al rekonsilye avèk frè w’ la anvan; aprè sa w’a
vini, w’a ofri kado w’ la.
Mete ou dakò avèk lènmi w’ nan byen
vit, pandan ou sou wout avèk li; pou lènmi w’ nan pa renmèt ou nan men jij la,
pou jij la pa renmèt ou bay gad la, pou yo pa voye ou nan prizon. An verite
mwen di ou, ou p’ap sòti la, joustan ou renmèt dènye santim nan».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Bondye nou, an
se yon Bondye kè sansib. Nan tout demach, li toujou fè premye pa pou nou,
malgre tout sa nou fè ki pa kòrèk, li toujou la pou l’ padone nou. Padon Bondye
se yon kado gratis ; yon sèl bagay fòk nou dispoze epi fòk nou vle tou.
Bondye pa fòse pèsonn; si li menm ki Bondye li padone nou, nou menm se pou nou
fè tankou li, li menm li pa janm bouke padone, pafwa kè nou yon tijan di, pou
kisa nou oblige di tou otan 10 liv tè pa sou lestomak nou, nou p’ap padone: men
jodi a pawòl Granmèt la envite nou pou nou padone chak fwa yon okazyon
prezante.
Paske Bondye konnen nou plis pase nou menm, li konnen se
pechè nou ye, se pou sa li pran pasyans pou l’ renmen nou, paske non l’ se
Bondye ; li konnen fèblès nou, epi li la ap tann nou pou l’ padone n’ chak
fwa nou vin kote li. Se sa k’ fè m’ di nan lavi a, li pa janm twò ta pou yon
moun jwenn reparasyon : nou kapab fè sa ki mal, konsa tou nou kapab fè sa
ki bon.
Yon sèl bagay, fòk nou pran konsyans ke sa nou fè a pa
bon.Wi, si nou vle nou kapab chanje mal la an byen, sa pa dwe rete la
sèlman ; fòk nou pran konsyans ke lè nou fè yon bagay ki pa bon, epi pou
nou fè jefò pou nou chanje fason n’ap viv la, se pou nou gen yon konpòtman ki
fè Bondye plezi, chanje fason nou panse. Se pou nou gen charite youn pou lòt,
nou wè bagaye sa yo, se sa ki baz chanjman nou, pou nou kab jwenn padon gratis
Bondye a. Epi se tout bagay sa yo k’ap fè Bondye resevwa kado n’ap ofri l’ yo.
Jodi a, se yon envitasyon Jezi fè nou, pou pa gen
ipokrizi nan relasyon nou kòm frè ak sè. An nou pwofite tan Karèm nan ki se yon
tan fò, yon tan pou n’ kase tèt tounen vin jwenn Bondye.
Si n’ vle gen Dimanch Pak la, fòk nou prepare l’ depi
kounye a, aksepte antre nan dezè a avèk Jezi, pou n’ kab rive nan dimanch Pak
la avèk li. Pou kont nou, nou p’ap kapab, ann mande l’ ba nou fòs Lespri Sen an
pou n’ rive jis nan bout.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, nou konnen kijan kè w’
sansib pou nou, ba nou fòs pou n’ kab aprann padone, sitou pandan tan Karèm
nan ; se ou ki sèl fòs nou, nou konte sou ou paske se ou menm ki kapab ede
nou fè yon vrè chanjman nan lavi nou, konsa n’a ede lòt yo chanje tou. Amèn.
PWOPOZISYON : Gade pou mwen
wè pandan tan Karèm nan, ak ki moun mwen pa alèz, pou m’ kab apwoche l’ puiske
Granmèt la aksepte m’ jan m’ ye a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario