Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Pou ou kapab
vin tounen pèp sen Granmèt Bondye w’ la».
LEKTI LIV DETEWONÒM 26, 16-19
Moyiz pale ak pèp la, li di :
«Jodi a Granmèt Bondye ou la pase ou lòd, pou ou reyalize
kòmandman sa yo ak desizyon yo, pou ou obsève yo, pou ou reyalize yo ak tout kè
ou, ak tout nam ou.
Jodi a menm, ou chwazi Granmèt la, pou l’ vin tounen
Bondye ou, pou ou mache nan chemen l’ yo, pou ou obsève kòdmanman l’ yo, lòd li
yo ak desizyon l’ yo, pou ou obeyi lòd li. Granmèt la chwazi ou jodi a, pou ou
vin tounen pèp li yon fason espesyal, jan l’ te di w’ la, pou ou obsève tout
lòd li yo ; pou l’ fè ou pi wo pase tout nasyon yo li te kreye yo nan
lwanj ; nan non l’ak nan bèlte l’, pou ou vin tounen pèp ki sen pou
Granmèt Bondye w’ la, jan l’ te pale a».
Pawòl Granmèt la.
PSÒM RÉPONS
118, 1-2. 4-5. 7-8
R/ Se chans pou moun yo k’ap mache nan
lalwa Granmèt la.
Se chans pou moun ki entak nan chemen an, k’ap mache nan
lalwa Granmèt la.
Se chans pou moun yo ki kenbe temwayaj li yo, k’ap chèche
l’ak tout kè yo.R.
Ou pase lòd pou yo obsève kòmandman ou yo.
Mwen swete pou chemen m’ yo dirije
pou m’ kenbe desizyon ou yo.R.
M’ap fè lwanj ou nan kè ki dwat,
paske mwen aprann jijman ou yo ki kòrèk yo.
M’ap kenbe desizyon ou yo, pa lage
m’ pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Se pou nou
kòrèk nèt tankou Papa nou nan syèl la».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 5, 43-48
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Nou te tande yo te di: «Se pou ou
renmen pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou».
Mwen menm mwen di nou: «Renmen lènmi
nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo,
k’ap fè manti sou nou; pou nou kapab vin tounen pitit Papa nou ki nan syèl la,
li menm ki fè solèy li leve sou bon yo ak move yo, ki fè lapli tonbe sou moun
kòrèk yo ak sou mechan yo.
Si nou renmen sila yo ki renmen nou,
ki rekonpans nou genyen? Èske pibliken yo pa fè sa? Si nou salye frè nou yo
sèlman, ki sa nou fè an plis? Èske payen yo pa fè sa?
Konsa se pou nou kòrèk nèt, tankou
Papa nou ki nan syèl la li kòrèk nèt».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Nou te tande yo te di: «Se pou ou renmen
pwochen ou, pou ou rayi lènmi ou». Sa se kalite edikasyon yo te ba nou. Men
Jezi li menm li vin di nou: « Renmen lènmi nou, fè dibyen pou moun ki rayi nou
yo, lapriyè pou moun k’ap pèsekite nou yo, k’ap fè manti sou nou…».
Kòm mou ki konvèti, ki kite fènwa
peche, ki pran wout limyè, nou dwe divòse ak vye koutim nou yo, nou dwe chanje
vye manyè nou yo, pou nou kapab tounen sèl ki bay lavi lòt yo gou, pou nou
kapab tounen limyè k’ap klere yo.
Kòm patizan Jezikri, nou dwe
kominike lavi nou resevwa nan pwòp kò ak san li. Nou kontanple Jezi, e nou vle
viv menm jan ak li, nan fidelite renmen Papa. Nou dwe swiv ekzanp Jezi a, li
menm ki te renmen nou san mezi, li renmen nou jiskaske li mouri pou nou, malgre
nou te lènmi li, nou te rejte li, nou te trayi li; granmesi soufrans li ak
pasyon li, nou te jwenn favè merite lanmou enfini Bondye a ankò.
Konsa, an nou mande Bondye fòs ak
kouraj pou nou kapab fè sa li mande nou fè, pou lavi nou kapab tounen yon
temwayaj renmen ak mizerikòd lanmou san limit li a, gras a konkou Lespri renmen
li a k’ap klere nou.
LAPRIYÈ: Papa, ou menm ki ekziste tout tan, vire
kè nou nan direksyon ou, pou nou kapab chèche sèl sa ki nesesè a tout tan, pou
nou aji avèk charite, pou ou mete nou apa pou sèvis ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : M’ap pran
konsyans Bondye renmen mwen pou m’ ka konnen kijan mwen dwe renmen pwochen
mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario