Koulè Vyolèt
SENKYÈM DIMANCH KARÈM-ANE B
PREMYE LEKTI
"M’ap pase yon nouvo kontra, mwen p’ap sonje
peche a ankò".
LEKTI
LIV PWOFÈT JEREMI 31,
31-34
"Men
jou k’ap rive, deklarasyon Granmèt la, m’ap pase yon kontra nouvo avèk Izrayèl
la, avèk kay Jida a ; se pa tankou kontra a mwen te pase avèk zansèt yo a, jou
mwen te pran men yo a, pou m’ kondui yo sot nan peyi Lejip la, kontra sa a, se
yo menm ki te kase l’, mwen menm mwen te fè yo santi pouvwa m’, deklarasyon
Granmèt la.
Men
se sa a k’ap kontra a m’ap pase avèk kay Izrayèl la aprè jou sa yo, deklarasyon
Granmèt la: m’ap mete lalwa m’ nan nan zantray yo, m’ap ekri l’ nan kè yo, m’ap
Bondye yo, yo menn; y’ap pèp mwen.
Pèsòn
p’ap anseye pran l’ak frè l’ankò, antan l’ap di : "Se pou ou konnen
Granmèt la"; Sèke tout moun ap konnen m’ depi pi piti nan yo jous nan pi
gran an, deklarasyon Granmèt la ; paske m’ap padonnen fòt yo, mwen p’ap sonje
peche ankò".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 3-4. 12-13. 14-15 (r: 12a)
R/ Kreye yon kè nèt nan mwen,
Bondye.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou; daprè
kantite bon kè ou, efase fot mwen an.
Leve m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan
peche m’ nan.R.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refe yon lespri
fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’ lwen fas ou, Lespri Sen ou nan, pa wete l’
sot nan mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan delivrans ou a, asire m’ ak
lespri ki pi vif la.
M’ap aprann moun ki nan peche yo chemen ou yo, mechan
yo ap tounen vin jwenn ou.R.
DEZYÈM LEKTI
"Li aprann obeyisans, li vin tounen koz delivrans
ki p’ap janm fini an".
LEKTI
LÈT POU EBRE YO
5,7-9
Frè
m’ yo:
Jezikri,
nan jou li te pase nan chè a, li te ofri priyè ak plent avèk gran rèl ak dlo
nan je kot sila a ki te kapab sove l’ sot nan lanmò a, priyè l’ la jwenn
rezilta poutèt respè l’. Malgre se Pitit Bondye li te ye a, li te aprann
obeyisans nan sa l’ soufri yo, lè l’ rive nan bout chemen pou l’ te rive a, li
vin tounen koz delivrans tout tan pou tout moun k’ap obeyi l’, Bondye rele l’
prèt an chèf nan ran Mèlkisedèk.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Si
grenn ble a ki tonbe nan tè a mouri, l’ap donnen anpil fwi".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 12,
20-33
Lè
sa a:
Te
gen kèk payen nan moun ki te monte pou yo adore nan jou fèt la. Yo rive kot
Filip, ki te moun Betsayid Lagalile, yo lapriyè l’, yo di: "Mèt, nou vle
wè Jezi". Filip vini, li di Andre sa, Andre menm ak Filip di Jezi sa. Jezi
menm reponn yo, li di:
"Lè a rive pou yo wè sa Pitit moun nan ye. An
verite, an verite, mwen di nou, si grenn ble a ki tonbe nan tè a pa mouri, l’ap
ret pou kont li; men si l’ mouri, l’ap donnen anpil fwi. Moun ki renmen nam li,
l’ap pèdi l’, men moun ki rayi nam li sou tè sa a, l’ap kenbe l’ pou lavi ki
p’ap janm fini an. Si
yon moun ap sèvi m’, se pou l’ suiv mwen; kote m’ ye a, se la tou sèvitè m’ nan
ap ye. Si yon moun ap sèvi m’, Papa m’ ap fè l’ jwenn konsiderasyon.
Koulye a nam mwen twouble: ki sa pou m’ di? Papa, sove m’ sot nan lè
sa a. Men se pousa mwen vin nan lè sa a. Papa, fè wè bèlte non ou".
Yon
vwa rive sot nan syèl la. "Mwen fè wè bèlte l’, m’ap fè wè bèlte l’
ankò". Foul la menm, ki te kanpe, ki t’ap koute, li t’ap di se yon kout
loraj ki rive; dòt menm t’ap di: "Yon mesaje ki pale avèk li". Jezi
reponn, li di: «Se pa poutèt mwen vwa sa a rive, men poutèt nou. Koulye a se
jijman tè a, koulye a chèf tè sa a, yo jete l’ deyò. Mwen
menm menm, lè y’ap leve m’ sot sou tè a, m’ap redi tout bagay vin jwenn mwen».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
"Si grenn ble a ki tonbe nan tè a mouri, l’ap
donnen anpil fwi"
Jodi a, nan dènye pati Karèm nan, Levanjil la pwopoze
nou tèks sa yo nou sot li yo, pou nou kapab fè yon bon preparasyon pou dimanch
Ramo a epi viv an pwofondè mistè sa yo ki enpòtan nan lavi nou kòm patizan
Jezikri. Pou yon kretyen, Chemen Lakwa a (Vía Crucis) se yon chemen limyè (vía
lucis), lanmò a se yon renesans epi plis toujou, pou nou viv lavi nou an plen
fòk nou mouri.
Nan premye pati Levanjil la, Jezi di apot li yo: « An
verite, an verite, mwen di nou, si grenn ble a ki tonbe nan tè a pa mouri, l’ap
ret pou kont li; men si l’ mouri, l’ap donnen aupil fwi (Jn 12, 24). Sen
Ogisten fè kòmantè sa a: «Jezi rele tèt li li menm «grenn» ki dwe sakrifye pou
li kapab miltipliye; li te dwe sakrifye akòz enfidelite juif yo e li te dwe
miltipliye pou lafwa tout pèp yo». Pen Lekaristi a ke yo fè ak grenn ble a, li
miltipliye epi yo pataje li pou li ka tounen nouriti pou tout kretyen. Lanmò
mati a se yon bagay ki toujou pote fwi; se poutèt sa, yon fason kontradiktwa,
moun ki renmen lavi, li pèdi l’. Kris la mouri pou san li te kapab pote fwi:
nou menm tou, nou dwe imite li pou nou ka leve byen vivan avèk li e, avèk li
nou dwe donnen fwi. Konbyen ki bay vi yo an silans pou byen frè yo? Nan silans
ak senplisite nou dwe aprann tounen grenn ki mouri pou nou kapab pote fwi.
Levanjil nou li jodi a fini avèk yon ankourajman pou
nou kapab mache nan limyè Pitit la ke yo leve anwo tè a: «… Mwen menm menm, lè
y’ap leve m’ sot sou tè a, m’ap redi tout bagay vin jwenn mwen" (Jn 12,
32)».
Nou dwe mande Granmèt la pou li fè disparèt tout fènwa
move santiman ki ranpli kè nou. Kounye a, se moman pa
Granmèt la, an nou pa kite li pase! «N’ap dòmi? Tan yo ba nou an ap pase!» (Sen
Anbwaz de Milan). Nou pa kapab sispan klere mond nou an. Menm jan lalin nan
reflete limyè solèy la, nou dwe reflete limyè Bondye a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mèsi poutèt
ou ba nou Jezikri, sèl Pitit ou a. Tanpri fè nou renmen li epi fè nou ofri li
pwòp tèt pa nou nan sèvis lòt yo.
PWOPOZISYON: Nan mitan pwoblèm yo,
kenbe fèm nan lapriyè, paske delivrans nou pa lwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario