Koulè
Blan
JOZÈF KI SEN
(Gran
Fèt)
PREMYE LEKTI
"Granmèt
Bondye ap ba li twòn David papa l’ la"
NAN DEZYÈM LIV
SAMYÈL 7, 4-5a. 12-14a.
16
Jou
sa yo:
Men
pawòl Granmèt la di Natan: "Al pale ak David sèvitè m’ nan: Men pawòl
Granmèt la: “Lè jou w’ yo ap rive bout yo, lè w’ap dòmi avèk zansèt ou yo, m’ap
fè yon desandans leve aprè ou, se nan vant ou l’ap sòti, m’ap asire peyi wa l’
la. Se li menm k’ap bati yon kay pou non m’, m’ap fè twòn peyi wa li ret fèm
pou tout tan. M’ap yon papa pou li, l’ap yon pitit pou mwen.
Kay
ou ap fidèl, ni peyi wa ou pou tout tan devan fas ou, twòn ou ap toujou ret
fèm".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 88, 2-3. 4-5. 27 e 29
R/ Ras li ap dire pou tout tan.
Mizerikòd Granmèt la se
tout tan n’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite ou nan
bouch mwen.
Sèke mwen di: "Se pou tout tan mizerikòd la bati", nan syèl la mwen asire verite ou.R.
Sèke mwen di: "Se pou tout tan mizerikòd la bati", nan syèl la mwen asire verite ou.R.
"Mwen pase alyans
mwen avèk sa a mwen chwazi a, mwen fè sèman bay David sèvitè m’:
Pou tout tan
mwen asire desandans ou a, m’ap bati pou jenerasyon ak jenerasyon fotèy ou
a".R.
"Li menm l’ap rele
m’: "Se papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen".
Pou tout
tan m’ap kenbe mizerikòd mwen pou li, kontra m’ nan ap fidèl pou li".R.
DEZYÈM LEKTI
"Malgre espwa a, li kwè nan espwa a".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN AN, POU WOMEN YO 4, 13. 16-18. 22
Frè m’ yo:
Pwomès ki te fèt bay
Abraam oubyen desandans li a, pou l’ te eritye tè a, se pa daprè lalwa a li te
fèt, men se daprè jistis lafwa a.
Konsa se daprè lafwa a,
pou pwomès la kapab asire pou tout desandans la daprè favè a, pa sèlman pou
sila a ki pitit Abraam daprè lalwa a, men pou sila a tou ki pitit Abraam daprè
lafwa a, li menm ki papa nou tout (daprè sa k’ ekri a: "Mwen mete ou kòm
papa tout pakèt nasyon yo") devan Bondye, Bondye sa a li te met lafwa a
nan li a, Bondye sa a ki fè mò yo viv la, li menm tou ki rele sa k’ pa t’
ekziste yo tankou sa k’ te ekziste yo. Sila a ki kwè malgre espwa a nan espwa
a, pou l’ te kapab vin papa tout pakèt nasyon yo, daprè sa k’ ekri a: "Se
konsa desandans ou ap ye".
Se pousa yo konte sa pou
li kòm jistis.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Gade, papa ou avèk
mwen menm, nou t’ap chèche ou ak kè n’ sere".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
2, 41-51a
Chak ane paran Jezi yo te
konn al Jerizalèm pou fèt Pak la. Lè Jezi vin gen douzan, yo monte Jerizalèm,
jan yo te konn abitye fè a pou jou fèt la; lè yo tounen, ti Jezi te ret
Jerizalèm, san paran l’ yo pa t’ konnen. Yo te konprann li te nan pami vwayajè
yo, yo mache pandan yon jounen; yo chèche l’ nan pami fanmi ak zanmi. Yo pa
jwenn li, yo tounen Jerizalèm ap chèche l’.
Aprè twa jou, yo jwenn li
nan Tanp la, li te chita nan mitan savan yo, li t’ap koute, li t’ap poze yo
kesyon. Tout moun ki t’ap
koute l’ te sezi poutèt entelijans ak repons li. Lè yo wè l’, yo sezi.
Manman
l’ di l’: "Pitit, ki sa ou fè nou konsa? Gade, papa ou avèk mwen menm, nou
t’ap chèche ou ak kè n’ sere".
Li
di yo: "Pouki rezon nou t’ap chèche m’? Èske
nou pa t’ konnen se nan zafè Papa m’ mwen gen pou m’ rete"?
Yo menm yo pa t’ konprann
pawòl li t’ap pale ak yo a.
Li desann avèk yo, li vin
Nazarèt; li te ret obeyisan vizavi yo.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
a n’ap fete yon potorik gason nan listwa delivrans nou menm lèzòm. Moun sa a se
Jozèf. Jozèf, jan nou konnen sa a deja, lè li te aksepte Mari ansent, san se pa
t’ pou li, ebyen li te kolabore ak Bondye pou plan delivrans li a te kapab rive
jwenn nou. Sa a fè nou wè Bondye ki itilize moun li vle pou delivre nou. Konsa
nou dwe toujou atantif ak evènman lavi nou pou nou ka konprann kisa Granmèt la
vle nou fè nan istwa delivrans la.
Bondye
te pwomèt Abraam l’ap gen yon gran desandans, yon bagay wa David te konprann
byen. Lè y’ap fè istwa zansèt Jezi a yo selon
lachè, yo wè moun sa yo. Jezi se yon moun nan desandans Bondye te pwomèt la pa
sèlman daprè lalwa men sitou nan lafwa, paske se sèlman ak lafwa nou ka
konprann kokenn chenn evènman Enkanasyon an ak lavi Jezi menm depi li te tou
piti. Jan Levanjil la, montre nou an, li rete nan tanp la ap koute savan yo epi
poze yo kesyon. Devan etònman paran li yo ki pa t’ konnen kote li te ye, li di
yo se travay papa li l’ap fè. Ouf! Nou imajine kòman pawòl sa yo te dwe twouble
paran li yo anpil.
Nou menm tou, nan lafwa,
se desandan Abraam nou ye. Jan yo abitye di sa nan ti katechis, Abraham se papa
nou nan lafwa. Nou kapab di Jezi konfime lafwa nou nan Bondye, paske li se moun
Bondye voye a ki sòti tou nan desandans Abraham. Lafwa nou se yon kado Bondye
ban nou, an nou fè jefò pou nou pran swen li.
LAPRIYÈ:
Mèsi Granmèt pou Jozèf ki te aksepte
kolabore ak ou pou plan delivrans ou a te ka rive jwenn nou. Ede nou gade nèg
sa a tankou yon modèl kolabaratè ak ou menm. Amèn
PWOPOZISYON:
Pandan jounen an m’ap fè silans pou konprann kolaborasyon Bondye mande mwen pou
wayòm li an kapab rive tabli sou tè a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario