PREMYE LEKTI
"Moun ki te pike,
kon l’ gade sèpan an kuiv la, li viv".
LEKTI LIV NONB
21, 4-9
Jou sa yo:
Ebre
yo pati sot sou mòn Or la, nan chemen ki kondui nan lanmè wouj la, pou yo fè
tout tou peyi Edòm nan. Pèp la kòmanse fatige ak vwayaj li ak tray. Li pale
kont Bondye ak Moyiz, li di: "Pouki nou te fè nou sòti Lejip, pou nou
mouri nan savann nan? Pa gen pen, pa gen dlo, nam nou kòmanse degoute avèk
manje fad sa a".
Se pousa Granmèt la voye
koulèv mechan k’ap flanbe nan pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun
yo mouri, anpil moun vin kot Moyiz, yo di: "Nou fè peche, paske nou pale
kont Granmèt la ak kont ou menm: lapriyè pou l’ wete koulèv mechan sa yo sot
kote nou". Moyiz lapriyè pou pèp la.
Granmèt la pale ak li:
"Fè yon koulèv mechan ak kuiv, mete l’ kòm yon siy: moun koulèv mechan yo
mòde, lè l’ gade l’, l’ap viv". Moyiz fè yon koulèv avèk kuiv, li mete l’
kòm siy, kon moun koulèv te mòde yo gade l’, yo vin geri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 101, 2-3. 16-18. 19-21 (r.: 2)
R/ Granmèt, koute
priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou.
Granmèt,
koute priyè m’, fè rèl mwen an rive kote ou.
Pa
kache fas ou lwen m’; nan nenpòt jou m’ap pase tray la, panche zòrèy ou kote
m’.
Nan
nenpòt jou mwen rele ou, fè vit reponn mwen.R.
Nasyon
yo ap respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte bèlte ou la;
paske
Granmèt la ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’.
L’ap
voye je sou lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se
pou yo ekri bagay sa yo pou lòt jenerasyon an, pèp k’ap kreye a, l’ap fè lwanj
Granmèt la.
Sèke li panche sot nan
kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a antan l’ nan syèl la;
Pou l’ koute rèl prizonye
yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
LEVANJIL
"Lè n’a leve Pitit
moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN JAN 8, 21-30
Lè sa a Jezi di farizyen
yo:
"M’aprale, epi n’ap
chèche m’, men n’ap mouri nan peche nou. Kote m’a prale a, nou menm nou pa
kapab vini".
Juif yo t’ap di:
"Èske l’a pral touye tèt li, ki fè l’ap di: "Kote m’a prale a, nou
menm nou pa kapab vini an"?
Li t’ap di yo: "Nou
menm se anba nou sòti, mwen menm se anwo mwen sòti; nou menm se sou tè sa a nou
sòti, mwen menm mwen pa sòti sou tè sa a. Mwen di nou n’ap mouri nan peche nou
yo; si nou pa kwè se mwen menm, n’ap mouri nan peche nou".
Yo t’ap di l’: "Ou
menm ki sa ou ye"?
Jezi di yo: "Kòmansman an, k’ap pale avèk nou an.
Mwen gen anpil bagay
pou m’ di sou nou, pou m’ jije. Men sila a ki voye m’ nan, li vre; mwen menm se
sa m’ tande nan men l’, se sa mwen di sou tè a". Yo pa t’ konprann li t’ap
di Bondye se Papa l’".
Jezi di yo: "Lè n’a
leve Pitit moun nan anlè, lè sa a n’a rekonèt se mwen menm, mwen pa fè anyen ak
pwòp fòs mwen; men se jan Papa m’ aprann mwen an, se konsa mwen pale. Sila a ki
voye m’ nan, li avèk mwen, li pa kite m’ sèl, paske mwen menm se sa k’ fè l’
plezi se sa mwen fè tout tan". Lè l’ di sa, anpil moun vin kwè nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, senkyèm madi nan
tan Karèm nan, kote nou rete yon sèl semèn pou nou kontanple Soufrans Granmèt
la, Li envite nou gade li lè l’ap libere nou an sou lakwa a: «Jezikri se Gran Prèt nou an, kò li ki si
tèlman gen valè a se sakrifis nou ke li te prezante sou lotèl Lakwa a pou tout
moun kapab sove» (S. John Fisher).
«Lè
n’a leve Pitit moun nan anlè…» (Jn 8, 28). Vrèman vre, Kris la yo klouwe a —
Kris la yo leve anlè a — se pi gran siy definitif lanmou Papa a pou limanite ki
te tonbe plat atè a. Bra li yo ki ouvè a ant syèl la ak tè a, trase siy amitye
li pou tout tan avèk nou menm, moun. Lè
nou wè kijan yo leve li anlè devan je nou ki plen peche a, nou va konprann de
Li menm li se sila ki toujou la (cf. Jn 8,28). Epi se konsa, menm jan ak juif
yo ki t’ap koute li, nou menm tou nou va kwè nan Li.
Se sèl zanmitay ki
mankonnen avèk lakwa ki kapab fè nou konprann tout bon vre pwofondè kè Redanmtè
a. Se pou rezon sa ki fè nou pa kapab pale de yon levanjil san lakwa, yon
levanjil ki pa mele ak santiman mòtifikasyon kretyen an, oubyen ki kontamine
nan anviwònman payen an, ki anpeche nou konprann enpòtans soufrans la genyen
pou liberasyon nou.
An
nou gade kwa Jezi a nan yon atitid kontanplasyon. San nou pa fè bwi ak pawòl
nan bouch nou, nou kapab mande Jezi: «Kilès ou ye? » (Jn 8, 25). L’ap reponn
nou: «Mwen se Chemen an, Verite a ak Lavi
a» (Jn 14, 6). Jezi ap di nou li se pye rezen an, si nou menm branch yo pa
kole sou li, ebyen nou p’ap kapab pote fwi, paske se Li menm ki gen pawòl lavi
ki p’ap janm fini an. Si nou pa kwè li menm li
la, ebyen n’ap mouri nan peche nou yo. Men, si nou aprann tande li k’ap ba nou
asirans ke Papa nan mitan nou e li p’ap janm abandone nou, ebyen n’a viv e,
depi sou tè sa a nou va kòmanse goute lavi syèl la. Se konsa li enpòtan pou nou imite Pitit la
antan n’ap fè sa ki fè Papa a plezi.
LAPRIYÈ:Granmèt, tanpri, koute priyè m’, fè rèl mwen an rive
kote ou. Pa kache fas ou lwen m’; nan nenpòt jou m’ap pase tray la, panche
zòrèy ou kote m’. (Sòm 101)
PWOPOZISYON: M’ap pran tan pou koute yon moun ki nan difikilte.
M’ap ede li nan mezi mwen kapab.
No hay comentarios:
Publicar un comentario