Páginas

MЀKREDI 21


PREMYE LEKTI
"Li voye Mesaje l’ la, li delivre sèvitè l’ yo".
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL  3, 14 -20. 91-95
Jou sa yo: Wa Nabikodonozò di: "Eske se vre, Sidrak, Mizak avèk Abdenago, nou pa sèvi dye m’ yo, nou pa adore pòtrè mwen fè avèk lò a? Koulye a, si nou pare, nenpòt kilè n’ap tande sonnen twonpèt, flit, gita, mandolin, bandjo, akòdeyon avèk tout kalite mizik, se pou nou ajenou, pou nou adore pòtrè a mwen te fè a. Si nou pa adore l’, menm lè a m’ap lage nou nan boukan dife a k’ap chofe byen fò a epi kilès Bondye k’ap delivre nou sot nan men m’?
Sidrak, Mizak avèk Abdenago reponn, yo di Wa Nabikodonozò: "nou pa bezwen reponn ou sou kesyon sa a; men Bondye nou an, li menm n’ap sèvi a, li kapab delivre nou sot nan boukan dife cho a ak nan men ou, mon Wa, l’ap delivre nou. Si l’ pa vle, ou mèt konn sa, mon Wa, nou p ap sèvi dye ou yo, epi pòtrè ou fè ak lò a, nou p ap adore l’. Lè sa a, Nabikodonozò vin plen ak raj, aparans figi l’ vin chanje sou, Sidrak, Mizak avèk Abdenago; li pase lòd pou yo chofe boukan an sèt fwa plis pase jan yo konn abitye chofe l’; li pase lòd pou mesye ki gen fòs nan lame l’ la, yo mare pye Sidrak, mizak avèk Abdenago, pou yo jete yo nan boukan dife k’ap boule a. Apre sa, Wa Nabikodonozò vin sezi, li leve byen vit, li di minis li yo: "Eske nou pa t’ lage twa mesye yo nan mitan dife a avèk pye yo mare"? Yo reponn Wa a, yo di: "Se vre, mon Wa". Li pran lapawòl, li di : "men mwen wè kat mesye ki lib, k’ap mache nan mitan dife a, yo pa gen okenn dega nan yo, aparans katriyèm nan sanble ak yon pitit Bondye". Nabikodonozò leve li di: "Konpliman pou Bondye yo a, Bondye Sidrak, Mizak avèk Abdenago, li menm ki voye Mesaje l’ la, li delivre sèvitè l’ yo, ki te kwè nan li, yo dezobeyi pawòl Wa a, yo renmèt kò yo, pou yo pa sèvi, pou yo pa adore lòt dye, sof Bondye yo a". Sa se pawòl Granmèt la ki gen tout pouvwa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM Dn 3, 52- 56
R/ Konpliman pou ou, Granmèt, Bondye zansèt nou yo, konpliman pou non bèlte ou la ki sen an.
Li merite lwanj, li anlè nèt pou toutan. R.
Konpliman pou ou nan kay sakre bèlte ou la ki sen an. R.
Ou merite lwanj anlè nèt ak bèlte anlè nèt pou toutan. R.
Konpliman pou ou sou fotèy reny ou a. R.
Ou merite lwanj, anlè nèt, ou anlè nèt pou toutan. R.
Konpliman pou ou, ou menm ki sonde bafon yo, ou menm ki chita anlè cheriben yo. R.
Ou merite lwanj, ou anle nèt pou toutan. R.
Konpliman pou ou nan platfòm syèl la. R.
Ou merite lwanj, ak bèlte pou toutan. R.
LEVANJIL
"Si Pitit la delivre nou, n’ap lib tout bon vre".
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRE JAN  8, 31-43
Lè sa a: Jezi t’ap di Jwif yo ki te kwè nan li yo: “Si nou rete nan pawòl mwen an, n’ap patizan m’ tout bon vre, n’ap konnen verite a, verite a ap delivrenou”. Yo reponn li: "Se ras Abraam nou ye, nou pa janm esklav pèsòn; kòman ou fè di: N’a vin lib! Jezi reponn yo: "Anverite, anverite mwen di nou, tout moun ki fè peche, li esklav peche a. Men esklav la pa ret nan kay la toutan; se pitit la ki rete toutan. Konsa si nou menm, Pitit la delivre nou, n’ap lib tout bon vre. Mwen konnen se pitit Abraam nou ye; men n’ap chache touye m’, paske pawòl mwen pa pran nan nou. Mwen menm se sa m’ wè kay Papa m’, se sa mwen pale, men nou menm se "sa nou wè kay papa nou, se li menm n’ap fè". "Yo pran lapawòl: yo di l: "papa nou se Abraam". Jezi di yo: "Si nou te pitit Abraam, nou t’a fè travay Abraam. Koulye a, men n’ap chache touye m’, mwen menm yon moun k’ap pale nou laverite mwen fin tande kot Bondye a; bagay sa a, Abraam pa t’ fè l’. Nou menm n’ap fè travay papa nou". Yo di l’: "nou menm se pa nan move relasyon nou fèt: se yon sèl papa nou genyen, se Bondye". Jezi di yo: "Si Bondye te papa nou, nou t’a renmen m’ sètènman; mwen menm se nan Bondye mwen soti pou m’ vini. Mwen pa vini ak pwòp fòs mwen, men se li menm, ki voye m’". Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Anpil fwa, lè  bagay yo malouk oubyen makawon,  nou konn panse ke  Bondye  bliye nou oubyen l’ap dòmi. Nou konn pèdi lafwa ak lesperans. Men, lè  nou reflechi, nou rann nou kont ke Bondye toujou prezan ak nou nan tout sitiyasyon n’ap travèse e ke se nou menm ki konn absan. Bondye se  yon Bondye Vivan  kidonk, li pa janm ap dòmi. E li toujou pare pou delivre tout moun ki mete  tout konfyans yo nan li. Se eksperyans sa a 3 ti jennjan yo: Sidrak, Mizak ak Abdenago  te fè, jan  pwofèt Danyèl ap montre nou nan premye lèkti, kote Granmèt la te  ba yo lavi, apre wa Nabikodonozò  te  fin lage yo nan founèz la pou kangannen yo poutèt yo te  refize  adore zidòl li yo.
Nan asirans yo, yo te  pito aksepte kondanasyon wa a olye ke yo te vire do bay Bondye. E jan yo te kwè l la, nou wè  kouman Bondye te  delivre yo. Tout sa  montre nou  ke anyen pa enposib pou Bondye e ke  mèvèy li  pa  gen limit pou tout moun ki kwè nan li. Nou gen anpil rezon pou n’ apiye nou sou li, pou n’ chèche fè volonte l’ chak jou nan lavi nou, pandan n’ap eseye  konbat peche ki rann nou esklav, tankou levanjil la ap di nou.
Frè m ak sè m yo, nou menm kretyen, lafwa nou se kwa pa nou. Nou dwe pote l’ chak jou nan fason bay bon temwayaj, nan fason n’ap fè fas kare ak tout sitiyasyon yo. Nou pa dwe dekouraje ni tonbe nan tantasyon lajan, pouvwa ak plezi lachè ki ka fè n’ vire do bay Bondye.
Ann rete kole sou Jezi. Nou pap wont. Non nou p ap jan m wont, paske  menm Bondye  ki te  sove  3  ti bonnonm yo, se li menm ki toujou la jodi a. L’ap kontinye fè mèvèy nan lavi nou, e se li menm k’ap ban nou laviktwa sou lanmò, desepsyon ak lamizè.
LAPRIYÈ: Bondye papa, n’ap mande  pou w’ ban nou  plis lafwa ak kè kontan nan sèvis legliz ou a. Fè nou lagras  pou n’ ka pèsevere  jiskobou nan travay pou reny ou a  blayi tout bon vre  nan sosyete  nou yo. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap reziste ak dezi mwen yo pou m' kapab sèvi pwochen mwen pi byen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario