Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«W’ap papa anpil
nasyon».
LEKTI LIV LAJENÈZ 17, 3-9
Jou sa yo: Abram tonbe
fas atè.
Bondye di l’: "Se
mwen menm, men kontra m’ avèk ou, w’ap papa anpil nasyon. Yo p’ap rele non ou
Abram ankò, men y’ap rele ou 'Abraam', paske m’ap fè ou vin tounen papa anpil
nasyon. M’ap fè ou vin anpil anpil, m’ap fè ou vin tounen nasyon, gen wa k’ap
sòti nan ou.
M’ap pase kontra m’ ant
mwen menm ak ou menm, avèk ras ou apre ou, pou jenerasyon yo, kontra pou tout
tan, pou m’ Bondye ou ak Bondye ras ou apre ou. M’ap ba ou ni ou menm ni ras ou
a peyi kote ou ye kòm etranje a, tout peyi Kanaan an, kòm posesyon pou tout
tan, m’ap Bondye yo".
Bondye di Abraam ankò:
"Ou menm se pou ou kenbe kontra m’ nan, epi ras ou apre ou, pou jenerasyon
l’ yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 4-5, 6-7. 8-9 (r.:
8a)
R/ Granmèt la sonje kontra
l’ tout tan.
Chèche Granmèt la ak
pouvwa l’, chèche fas li tout tan.
Sonje mèvèy li fè yo,
pwodij li ak jijman bouch li.R.
Ras Abraam, sèvitè l’,
pitit Jakòb, sila a li chwazi a.
Se li menm Granmèt Bondye
nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
Li sonje kontra l’ la
tout tan, pawòl li te kòmande bay mil jenerasyon yo,
Sa l’ te pase avèk Abraam
nan, sèman li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
"Abraam papa nou te
danse, pou l’ te wè jou m’ nan".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
8, 51-59
Lè
sa a:
Jezi
di Juif yo: "An verite, an verite mwen di nou, si yon moun kenbe pawòl
mwen an, li p’ap janm wè lanmò".
Juif
yo di: "Koulye a nou konnen ou gen yon demon. Abraam mouri, ni pwofèt yo;
epi ou di: "Si yon moun kenbe pawòl mwen an, li p’ap goute lanmò
menm". Èske ou pi gran pase papa nou Abraam, ki mouri a? E pwofèt yo mouri
tou. Ki sa ou konprann ou ye"?
Jezi
reponn: "Si mwen fè lwanj pou pwòp tèt mwen, lwanj mwen an pa anyen; se
Papa m’ k’ap fè lwanj mwen, li menm nou di se Bondye nou an, nou pa konnen l’.
Mwen menm mwen konnen l’; e si m’ di mwen pa konnen l’, m’ap tankou nou, m’ap
bay manti. Men mwen konnen l’, mwen kenbe pawòl li. Abraam papa nou te danse
pou l’ te wè jou m’: li wè l’, li kontan".
Juif yo di l’: "Ou
pa ko gen senkantan, epi ou wè Abraam"?
Jezi di yo: "An
verite, an verite mwen di nou: anvan Abraam te kòmanse ekziste, mwen la".
Yo ranmase wòch, pou yo
voye sou li; Jezi menm kache kò l’, li sòti nan kay sakre a.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
a, Sen Jan mete nou fas ak yon manifestasyon Jezi nan Tanp la. Sovè a revele
yon reyalite ke juif yo pa t’ konnen: «Abraam papa nou te danse pou l’ te wè
jou m’: li wè l’, li kontan». Tout juif yo te konnen Bondye te pase yon alyans
avèk Abraam, kote li te pwomèt delivrans (benediksyon) pou tout pitit li ak
pitit pitit li. Men juif yo pa t’ konnen jous ki kote limyè Bondye a te kapab
klere. Kris la fè yo konnen Abraam te wè jou Mesi
a nan jou Granmèt la.
Nan revelasyon sa a, Jezi
demontre ke li pa gen yon vizyon limite sou Bondye. Men, sitou, Li manifeste li
tankou yon prezans ki te ekziste davans e ki prezan nan tan Abraam. Yon ti tan
aprè, lè diskisyon an byen chofe, lè juif yo di Jezi l’ap fè manti, puiske li
pa ko gen senkant lane, Li di yo: «Anvan Abraam te kòmanse ekziste, mwen la»
(Jan 8,58). Nan sans sa a Jezi pwoklame divinite li; juif yo te kapab konprann
li trè byen e yo te kapab kwè nan Li si yo te gen plis konesans sou Papa a.
Doktrin
Kris la plis ke yon pakèt règ moral, tankou pou lanmou ak padon. Krisyanism
la se lafwa yon moun. Jezi se Bondye, e li se yon moun tout bon. Bondye ki
kòrèk nèt, moun ki kòrèk nèt. Nan yon bèl lapriyè li te fè, Sen Ilè de Pwatye
te ekri: « Ba nou sans ekzak pawòl yo, limyè entelijans la, noblès langaj la,
lafwa kòrèk la; sa nou kwè a, fè nou gras pou nou kapab afime li tou. Sa vle
di, puiske granmesi pwofèt yo ak Apot yo nou konnen yon sèl Bondye, ou menm,
Papa a, ak yon sèl Granmèt, Jezikri, se pou nou kapab selebre ou kòm Bondye,
epi rann Pitit ou a temwayaj, li menm ki sanble ak ou tèt koupe nan tout bagay
la».
LAPRIYÈ:
Granmèt, ede nou viv nan amoni ak pwòp tèt
nou, ede nou gade reyalite lavi yon lòt fason. Ede nou kwape tout prejije nou
yo ki fè nou avèg e ki fè nou pa kapab ni antann nou ni fè pwogrè. Pa pouvwa
Jezikri.
PWOPOZISYON:
M’ap re-afime lafwa mwen nan Jezi, ki se Sovè limanite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario