Koulè
Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Granmèt la avèk
mwen, tankou yon sòlda ki gen fòs".
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 20,
10-l3
Mwen tande afwon anpil
moun ap fè m’, ak bwi toutalantou: "An nou pèsekite l’, an nou pèsekite
l’; tout moun ki t’ap viv lapè avèk mwen, ki te konn ret tou kole m’: "Si
l’ te kapab pran nan pyèj, pou nou ranpòte laviktwa kont li, pou nou tire
vanjans sou li".
Men Granmèt la avèk mwen,
tankou yon sòlda ki gen fòs; se pousa moun k’ap pèsekite m’ yo se yo menm k’ap
tonbe, se yo menm k’ap febli, y’ap wont anpil, paske yo pa t’ konprann lawont
tout tan an, ki p’ap janm efase a. Kanta ou menm, Granmèt lame yo, ou menm ki
eseye sila a ki kòrèk la, ki wè ren ak kè, se pou m’ wè vanjans w’ap tire sou
yo, tanpri; paske se ou menm mwne devwale koz mwen.
Chante pou Granmèt la, fè
lwanj Granmèt la, paske li delivre nam pòv la sot nan men mechan.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 17, 2-3a.3be-4. 5-6. 7 (r.: cf. 7)
R/ Nan tray mwen an, mwen rele Granmèt la, li koute m’.
Mwen
renmen ou, Granmèt, fòs mwen.
Granmèt,
kay defans mwen kachèt mwen, ak sila a k’ap delivre m’ nan.R.
Bondye
mwen, sekou m’ mwen espere nan li.
Sila
a k’ap pwoteje m’, kòn delivrans mwen, li menm k’ap soutni m’.
M’ap
rele Granmèt la ki merite lwanj la, l’ap sove m’ sot nan men lènmi m’ yo.R.
Lanm
dlo lanmò yo vlope m’, ravin Belyal yo twouble m’;
kòd lanfè yo
antoure m’, filè lanmò yo sènen m.R.
Nan tray mwen an,
mwen rele Granmèt la, mwen rele kot Bondye m’ nan;
li koute vwa m’,
antan l’ nan kay sakre l’ la, rèl mwen rive devan fas li, nan zòrèy li.R.
LEVANJIL
"Yo t’ap chèche sezi
l’, li chape sot nan men yo".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
10, 31-42
Lè sa a:
Juif yo pran wòch, pou yo
kalonnen Jezi. Jezi pran lapawòl, li di yo: Mwen montre nou anpil bon aksyon ki
sot nan Papa m’; pou kilès nan aksyon sa yo n’ap kalonnen m’ nan"?
Juif yo reponn li:
"Se pa pou yon bon aksyon n’ap kalonnen ou, men se poutèt ou blasfème, se
moun ou ye, epi ou pran pòz Bondye ou".
Jezi
reponn yo: "Èske nan lalwa nou an yo pa ekri: "Mwen di: Se Dye nou
ye"? Si yo di yo se dye, yo menm pawòl Bondye a fèt pou yo a (epi yo pa
kapab defèt sa k’ ekri a), sila a menm Papa a fè sen an, li voye sou tè a, nou
di: "Ou blasfeme, paske ou di: mwen se Pitit Bondye". Si m’ pa fè
aksyon Papa m’ yo, nou pa bezwen kwè m’. Men si m’ fè yo, menm si nou pa vle
kwè m’, se pou nou kwè aksyon yo, pou nou konnen, pou nou kwè Papa a nan mwen,
mwen nan Papa a".
Konsa yo t’ap chèche sezi
l’, min li chape sot nan men yo. Li pati lòt bò Jouden an ankò, kote Jan te konn batize
anvan an, li ret la.
Anpil moun vin kote l’,
yo t’ap di: "Jan pa t’ fè okenn siy; men tout sa Jan te di sou li yo se te
vre". Anpil moun kwè nan
li.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, alòske nou
rete yon semèn sèlman pou komemore lanmò Granmèt la, Levanjil la prezante nou
rezon ki fè yo kondane li. Jezi ap eseye montre verite a, men juif yo mal gade
li, yo pran li pou yon gwo blofè, yon moun k’ap bay pawòl tafya e yo kalonnen
li ak kout wòch. Fas ak sitiyasyon sa a
Jezi pale sou zèv Bondye akonpli nan li, Li eksplike yo poukisa li se ‘’Pitit
Bondye’’. Se aksyon li yo ki montre sa… Men yo pa t’ an mezi pou konprann
langaj Jezi a. Jezi pale yo sou cheminman li ak angajman li, bagay ki fè anpil
moun konnen li epi renmen li.
Nan kòmansman ministè
Jezi, disip yo te mande li: Mèt, ki kote ou abite? (Jn 1,38). Men sa pa t’ itil
anyen: Sa Jezi t’ap di yo a, yo pa t’ an mezi pou konprann li, sèl moun ki te
kapab konprann, se moun ki senp ak moun ki fè yo piti devan Bondye, paske sekrè
Wayòm syèl la pa devwale bay gwo save yo ak moun ki saj yo.
Jezi t’ap wè kijan li te
ka konvenk yo, men li pa reyisi. Vrèman rezon ki fè yo pral touye li a, se
paske li te di verite sou pwòp tèt li, paske li te fidèl ak sa li te ye, ak
idantite li ak misyon li. Antan ke pwofèt li pral envite moun yo konvèti, e yo
p’ap akeyi envitasyon sa a, Li se nouvo vizaj Bondye e y’ap krache sou li, li
fonde yon fratènite tou nèf e y’ap abandone li.
Yon lòt fwa ankò kwa
Granmèt la leve ak tout fòs, tankou yon vrè drapo, tankou sèl rezon ki pa mande
diskisyon: Ala yon Lakwa ki si tèlman merite admirasyon! Ala kokenn chenn mèvèy
laglwa Papa a! Se nan Lakwa nou kontanple tribinal Granmèt la, jijman mond lan
ak pouvwa sila a ke yo klouwe a. Wi, Granmèt! Ou rale tout bagay vin jwenn ou,
lè ou louvri bra ou, ou lonje men ou sou pèp sa a ki refize kwè a, pèp rebèl
la. Se tout linivè ki
konprann kòman grande ou dwe resevwa lwanj!
LAPRIYÈ: Granmèt,
mèsi pou tout soufrans ak imilyasyon ou te sipòte pou ou te ka sove mwen.
Tanpri, ede m’ pote kwa mwen chak jou: kwa maladi, grangou, pèsekisyon,
imilyasyon, lavi chè, chomaj, elatriye.
PWOPOZISYON: M’ap fè yon ti
reflechi pou wè konbyen fwa mwen kondane Jezi, lè mwen kondane yon frè oubyen
yon sè, lè mwen fè manti sou yon moun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario