Koulè
Blan
ANONSYASYON
GRANMÈT LA
(Gran Fèt).
PREMYE LEKTI
“Men
Vyèj la ap vin ansent”.
NAN LIV PWOFÈT
IZAYI 7, 10-14; 8, 10
Jou sa yo:
Granmèt la pale avèk
Akaz, li di: “Mande Granmèt Bondye ou la yon siy ba ou, nan fon anba a oubyen
anwo nèt la”.
Akaz di: “Mwen p’ap
mande, mwen p’ap tante Granmèt la”.
Izayi di: “Koute, kay David:
èske sa twò piti pou nou, pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive fatige Bondye m’
nan? Se poutèt sa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap
rele non l’ Emanyèl, paske Bondye avèk nou”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 39, 7-8a. 8b-9.
10.11
R/ Men
m’ap vini, Granmèt, pou m’ fè volonte ou.
Sakrifis
ak kado ou pa t’ vle sa, men se zòrèy ou fouye pou mwen.
Sakrifis
antye ak sakrifis pou peche, ou pa t’ mande sa, lè sa a mwen di: “Men m’ap
vini.R.
Nan woulo liv la yo ekri
sou mwen pou m’ fè volonte ou.
Bondye m’, mwen vle,
lalwa w’ la nan fon kè m”.R.
Mwen anonse jistis ou nan
gran asanble a; men po bouch mwen, mwen pa anpeche yo, Granmèt, ou konnen.R.
Jistis
ou a, mwen pa kache l’ nan kè m’, verite w’ la ak delivrans ou a, mwen deklare
yo.
Mwen
pa kache kè sansib ou a ak verite w’ la nan gran asanble a.R.
DEZYÈM LEKTI
“Nan tèt liv la, yo ekri
sou mwen, pou m’ fè volonte ou, Bondye”
NAN LÈT EBRE YO
10, 4-10
Li pa posib pou san towo
ak bouk wete peche. Se pousa lè Jezikri ap antre sou tè a, li di: “Sakrifis ak
kado, ou pa t’ vle sa, se yon kò ou fòme pou mwen; sakrifis pou peche pa t’ fè
w’ plezi; lè sa a atò mwen di: “Men m’ap vini; nan tèt liv la yo ekri osijè m’,
pou m’ fè volonte ou, Bondye”.
Pi wo a, li te di: “sakrifis
ak kado ak sakrifis pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa pa t’ fè ou plezi, sa yo
konn ofri daprè lalwa a, lè sa a mwen di: “Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou,
Bondye”; li wete premye a, pou l’ enstale sa k’ vin aprè a. Se nan volonte sa a
nou vin sen, gras a sakrifis kò Jezikri yon fwa pou tout.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Men w’ap ansent, w’ap
anfante yon ti gason”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye zanj Gabriyèl
nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj, ki te fiyanse avèk yon mesye
yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari.
zanj la antre kote l’, li
di: “Se pou kè ou kontan, ou menm ki plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni
pami tout fi”. Lè
l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd salye
sa a.
Zanj
la di l: “Pa pè, Mari; ou jwenn gras kot Bondye; men w’ap ansent, w’ap anfante
yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a
ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la, l’ap kòmande kòm
wa nan kay Jakòb la pou tout tan, rè li p’ap janm fini”.
Mari
di zanj la: “Kijan pou sa fèt, paske lèzòm mwen pa konnen”.
Zanj
la reponn, li di l’: “Lespri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap
kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele
l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason
nan vyeyès li a, mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele pa kapab fè pitit
la; paske anyen pa enposib kot Bondye”.
Mari
di: “Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a”. Zanj la
pati kite l’.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
Legliz ap fete Anonsyasyon Granmèt la. Nan anons nesans la, nou deja kontanple
anons misyon an. Se yon anons ki pote nouvote, paske Pitit Bondye a pral fèt
nan vant yon ti fi ki vyèj: Mari ki vyèj. Se nouvo paske se pa ni nan tanp lan
ni pa yon prèt, ni Jerizalèm ke Bondye manifeste grandè li kòm Sovè nou, men se
pa lentèmedyè yon tifi ki t’ap viv nan yon vilaj ke anpil moun pa t’ menm
konnen nan Galile. Se sa menm yon nouvo
kontra, se sa menm yon nouvèl alyans.
Mari gen rezon pou kè li
kontan, paske zanj lan pote pou li yon bòn nouvèl: li di li l’ap vin Manman
Bondye (Jezi= Bondye sovè). L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la,
Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’ la.
Lik
vle montre nou siperyote Jezi sou Jan Batis, prekisè li a, sila ki t’ap prepare
chemen an. Men se pa yon grandè ki chita sou logèy, sou pouvwa politik ak
ekonomik, se yon grandè ki reflete nan sèvis, nan misyon pòt an pòt, nan pataj,
nan gerizon, nan lanmou, nan imilite ak nan solidarite. Se pou sa menm Bondye
chwazi tounen moun nan vant yon tifi ki sòti nan yon lokalite trè rekile, san
enpòtans jewografik e politik ak ekonomik, yon ti demwazèl ki pa gen gwo ran
sosyal.
Nou
menm nou gade moun sou aparans, men Bondye li menm li gade kè moun, li gade
moun sou pa anndan. Pou Lik vijinite Mari a gen yon sans espirityèl ki pèmèt
nou dekouvri grandè Bondye nan lavi moun ki sèvi li ak tout kè, moun k’ap
mennen yon lavi selon pawòl li, selon prensip li yo.
LAPRIYÈ: Granmèt tanpri, menm jan ak Mari, fè m’ gen kouraj pou
mwen mete ti pwojè pa mwen yo sou kote pou mwen antre nan gran pwojè liberasyon
ou gen pou tè a.
PWOPOZISYON: Menm jan avèk Mari, an nou fè nou disponib pou
Bondye. An nou kolabore ak Bondye pou pote konkou bay lòt yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario