DIMANCH RAMO
PREMYE LEKTI
“Mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete m’
yo, men mwen konnen mwen p’ap wont”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-7
Granmèt la ban m’ yon lang ki gen konesans, pou m’
kapab soutni moun ki bouke pale a. Depi granmaten, li reveye, granmaten li
reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou se yon mèt k’ap pale. Granmèt Bondye
louvri zòrèy mwen.
Mwen menm mwen pa fè rebèl ; mwen pa rekile dèyè. Mwen
renmèt kò m’ bay moun yo k’ap frape m’ nan, mwen renmèt figi m’ bay moun yo
k’ap mete vwal sou mwen an ; mwen pa kache fas mwen bay moun yo k’ap maltrete
m’ nan, k’ap krache sou mwen an.
Granmèt Bondye a ap pote m’ sekou, se pousa mwen pa
wont. Se pousa mwen fè fas mwen tankou wòch ki pi di a, mwen konnen mwen p’ap
wont.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
21 8-9. 17-18a. 19-20.
23-24
R/
Bondye, Bondye mwen, pouki sa ou lage m’?
Tout
moun ki wè m’ yo pase m’ nan jwèt; yo tire lang, yo souke tèt:
“Li
te espere nan Granmèt la, se pou l’ delivre l’; se pou l’ sove l’, paske li
renmen l”.R.
Sèke
anpil chyen sènen m’, yon bann moun mechan fè laviwonn mwen.
Yo
pèse men m’ ak pye m’, yo konte tout zo mwen yo.R.
Yo
separe rad mwen yo antre yo, yo tire manto m’ nan osò.
Ou
menm, Granmèt, pa ret lwen, fòs mwen, fè vit vin ede mwen.R.
M’ap
rakonte non ou bay frè mwen yo, nan mitan Legliz la m’ap fè lwanj ou.
Nou
menm ki respekte Granmèt la, se pou nou fè lwanj li, tout ras Jakòb, deklare
glwa li, se pou tout ras Izrayèl respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
“Li
rabese tèt li: se pousa Bondye leve l’ anlè”.
NAN
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 6-l1
Jezikri,
malgre se sa Bondye ye a li ye, li pa konsidere ret egal ak Bondye a tankou yon
bagay pou l’ kenbe pou li sèl, men li fè pwòp tèt li vin pa anyen, antan li
pran nati esklav, li vin sanble ak lèzòm, yo rekonèt li tankou moun. Li rabese
tèt li, antan li obeyi jous nan lanmò, epi lanmò lakwa.
Se
pousa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ yon non ki anlè tout non, pou o non Jezi sa
a, tout jenou bese nan syèl, sou tè, ak anba tè, epi tout lang deklare Jezikri
se Granmèt, nan glwa Bondye Papa a.
Pawòl
Granmèt la.
SOUFRANS GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ MAK KI SEN
14,1-15,47
"Yo t’ap chèche kijan pou yo kenbe Jezi an trèt pou yo touye
li".
Se
te Pak la avèk Azim yo aprè de jou; chèf prèt yo ak pwofesè yo t’ap chèche kijan
pou yo sezi Jezi an trèt pou yo touye l’. Men yo t’ap di: "Pa nan jou fèt
la, pou pa gen dezòd nan pèp la".
"Li anbome kò m’ davans pou lantèman
an".
Pandan l’ te Betani, kay Simon, leper a, li te atab,
yon madanm rive avèk yon boutèy losyon kalite siperyè ki vann byen chè, li kase
boutèy la, li vide sou tèt li. Kèk
moun te revòlte, yo t’ap pale antre yo, yo t’ap di: "Pouki gaspiyaj sa a
fèt pou losyon an? Yo ta kapab vann losyon sa a plis pase twasan pyès lajan pou
yo bay pòv yo". Yo t’ap pale l’ mal.
Jezi menm di: "Kite l’
trankil. Pouki sa n’ap trakase l’ la? Se yon bon aksyon li fè pou
mwen. N’ap toujou gen pòv avèk nou, epi, lè n’a vle, n’a kapab fè yo dibyen;
men mwen menm se pa tout tan n’ap genyen m’. Se sa l’ kapab li fè: li anbome kò m’ davans pou
lantèman an. An verite mwen di nou, tout kote y’ap preche bòn nouvèl sa a sou
tout tè a, y’ap rakonte tout sa l’ fè a pou fè sonje l’.
"Yo pwomèt Jida Iskaryòt pou yo ba l’ lajan".
Jida
Iskaryòt, youn nan douz yo, al jwenn chèf prèt yo, pou l’ renmèt li ba yo. Lè
yo tande sa, yo kontan epi yo pwomèt li y’ap ba l’ lajan. Li t’ap chèche kijan
li t’ap bay li nan yon bon okazyon.
"Kote sal a manje m’ nan, kote pou m’ manje Pak la avèk disip
mwen yo"?
Premye
jou Azim yo, lè yo t’ap sakrifye Pak la, disip yo di l’: "Kote ou vle pou
n’ al pare pou ou pou ou manje Pak la"?
Li
voye de nan disip li yo, li di yo: "Ale nan vil la, yon mesye ap rankontre
nou, l’ap pote yon krich dlo, suiv li, epi kote l’ antre a, di mèt kay la; Mèt
la di: «Kote sal a manje m’ nan, kote pou m’ manje Pak la ansanm ak disip mwen
yo»? L’a montre nou yon gran sal nan chanmòt la ki tou pare; se la n’a pare pou
nou”
Disip
yo ale, yo rive nan vil la, yo jwenn jan l’ te di a, yo pare Pak la.
"Youn nan nou ap trayi m’, sa k’ap
manje avèk mwen an".
Lè aswè rive, li rive ansanm avèk douz yo. Pandan yo
kouche, y’ap manje, Jezi di: "Amèn, mouin di nou, youn nan nou ap trayi
m’, youn k’ap manje ansanm avèk mwen".
Yo
kòmanse vin tris, yo chak pran di l’: "Èske se mwen"?
Li
di yo? "Youn nan douz yo, k’ap tranpe pen ansanm avèk mwen nan plat la. Pitit
moun nan ap pati, jan sa ekri sou li a men ala malè pou moun sa a ki renmèt
Pitit moun nan! Li
ta pi bon pou li, si moun sa a pa t’ janm fèt".
"Sa a se Kò mwen, sa a se San mwen, san nouvo alyans la".
Pandan
y’ap manje, Jezi pran pen, li beni l’, li kase l’, li ba yo, li di: "Pran,
sa a se kò mwen". Li pran kalis la, li di mèsi, li ba yo, yo tout yo bwè
nan li. Li di yo: Sa a se San mwen, san nouvo alyans la, ki vide pou tout pakèt
moun yo. Amèn, mwen di nou, mwen p’ap bwè nan fwi pye rezen sa a ankò jous nan
jou sa a kote m’ap bwè l’ tou nouvo nan peyi-wa Bondye a".
"Anvan kòk la chante de fwa, w’ap gen tan nye m’ twa fwa".
Lè
yo fin chante kantik pou di Bondye mèsi a, yo sòti, y’al sou mòn pye Oliv yo.
Jezi
di: "Nou tout n’ap skandalize poutèt mwen nan nuit sa a menm, paske men sa
ki ekri: «M’ap frape gadyen an, mouton yo ap gaye. Men, lè m’ap fin resisite,
m’ap pran devan nou nan Galile».
Pyè
menm di l’: "Menm si tout moun skandalize poutèt ou, se pa mwen
menm".
Jezi
di l’: "Amèn, mwen di ou, jodi a menm, nan nuit sa a menm, anvan kòk la
chante de fwa, w’ap gen tan nye m’ twa fwa.
Li
menm menm li t’ap deklare pi rèd: "Menm si m’ dwe mouri ansanm avèk ou,
mwen p’ap nye ou". Yo tout t’ap di menm jan.
"Li kòmanse sezi, kè l’ sere".
Yo
rive nan yon jaden yo rele Jetsemani, Li di disip li yo: "Rete isit la
pandan m’ap lapriyè". Li pran Pyè ak Jak ansanm avèk Jan avèk li, li
kòmanse sezi, kè l’ sere. Li di yo: Nam
mwen tris jous pou m’ mouri: rete isit la, veye".
Li avanse yon ti kras, li lage kò l’ atè a, l’ap mande
si sa kapab fèt, pou lè sa a pase lwen l’, li di: "Aba, Papa, tout bagay
posib pou ou, fè kalis sa a pase lwen m’; sèlman se pa jan m’ vle, se jan ou
vle".
Li rive, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè: "Simon,
w’ap dòmi? Ou
pa kapab veye inèd-tan? Veye, lapriyè, pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a
rapid, se vre, men chè a fèb".
L’ale
ankò, li lapriyè, li di menm pawòl la. Li tounen ankò, li jwenn yo ap dòmi; je yo
te lou, yo pa t’ konnen ki sa pou yo te reponn li.
"Kenbe l’, mennen l’ anba kòd".
Pandan
y’ap pale toujou, Jida Iskaryòt la rive, youn nan douz yo, te gen anpil foul
avèk li avèk epe ak baton, se prèt yo ak pwofesè yo ak ansyen yo ki te voye yo.
Sa a ki te trayi l’ la te ba yo siy sa a, li te di: "Sa a m’ap bo a, se li
menm, kenbe l’, mennen l’ antan nou siveye l’ byen".
Lè
yo rive, menm lè a li pwoche kote l’, li di: "Sali, Rabi"; li bo l’.
Yo met men sou li, yo kenbe l’. Youn nan sa k’ te kote l’ yo rale epe l’, li
frape sèvitè gran prèt la, li koupe ti bout zòrèy li.
Jezi
pran lapawòl, li di yo: "Se tankou pou yon vòlè, nou sòti ak epe ak baton
pou nou kenbe m’. Chak jou mwen te lakay nou nan Tanp la, mwen t’ap bay
ansèyman epi nou pa t’ kenbe m’; men se pou sa k’ ekri yo te kapab akonpli. Lè
sa a disip li yo kite l’, yo tout sove kò yo.
Te
gen yon ti gason ki t’ap suiv li, li te abiye ak yon dra sou kò l’ touni; yo
kenbe l’. Li menm, li kite dra a, li sove kò l’ touni.
"Èske ou se Kris la, Pitit Bondye ki
beni an"?
Yo
kondui Jezi bay chèf prèt la, yo rasanble tout prèt yo ak skrib yo ak ansyen
yo. Pyè menm t’ap suiv de lwen, jous anndan an, nan lakou gran prèt la, li
chita avèk sèvitè yo bò dife a l’ap chofe kò l’.
Gran
prèt yo menm ansanm ak tout manb yo ki te rasanble yo, yo t’ap chèche yon
temwayaj kont Jezi, pou yo kondane l’ amò, men yo pa t’ jwenn. Anpil fo-temwen
t’ap fè depozisyon kont li, men temwayaj yo pa t’ akòde. Gen kèk fo-temwen ki
leve, yo depoze kont li, yo di: "Nou te tande l’ di: «M’ap detwi Tanp sa a
ki fèt ak men moun nan, epi nan twa jou m’ap bati yon lòt ki pa fèt ak men
moun». Men temwayaj yo a pa t’ konkòde.
Gran
prèt la leve nan mitan, li poze Jezi kesyon, li di: "Ou pa reponn anyen
nan akizasyon yo depoze kont ou yo"? Li
menm li pe bouch li, li pa reponn anyen. Gran prèt la poze l’ kesyon ankò, li
di l’: «Èske ou se Kris la, Pitit Bondye ki beni an»?
Jezi menm di l’: "Se mwen menm; epi n’ap wè Pitit
moun nan ki chita adwat pouvwa Bondye a k’ap vini ansanm ak nyaj yo nan syèl la".
Gran
prèt la chire rad li, li di: "Sa nou bezwen temwen ankò? Nou tande blasfèm
nan; sa nou di nan sa"? Yo tout yo kondane l’, yo di li merite lanmò.
Kèkzen
kòmanse krache sou li, yo vwale fas li, yo ba l’ souflèt, yo di l’:
"Pwofetize". Epi sèvitè yo t’ap frape l’ avèk kou.
"Mwen pa rekonèt moun sa a w’ap pale a".
Pandan
Pyè te anba a nan lakou a, gen yon moun nan sèvitè gran prèt yo ki rive, li wè
Pyè k’ap chofe kò l’, li gade l’ depi anwo jous anba, li di: "Ou menm tou,
ou te avèk Jezi moun Nazarèt la".
Pyè
menm nye, li di: "Mwen pa konnen ni mwen pa konprann sa ou vle di a".
L’ale deyò devan lakou a, epi kòk la chante.
Aprè
sa, sèvant la wè l’ ankò, li kòmanse di moun yo ki te kanpe toutotou yo, li te
nan pami yo. Li menm menm li nye ankò.
Aprè
yon ti moman ankò moun yo ki te kanpe bò kot Pyè a, yo di l’: "Se vre, ou
se youn nan yo, laprèv, ou se Galileyen tou.
Li
menm li kòmanse rele madichon sou li, li fè sèman: "Mwen pa rekonèt moun
sa a n’ap pale a". Menm lè a kòk la chante ankò. Pyè menm sonje pawòl Jezi
te di l’ la: "Anvan kòk la chante de fwa, w’ap nye m’ twa fwa". Li
pran kriye.
"Èske nou vle mwen lage wa Juif
yo"?
Granmaten,
gran prèt yo avèk ansyen yo ak skrib yo ak tout Sanedren an yo rasanble, yo
mare Jezi, yo kondui l’, yo renmèt li bay Pilat. Pilat
poze Jezi kesyon: "Èske ou se wa Juif yo"?
Li menm li pran lapawòl, li di l’: "Ou di
l’". Gran
prèt yo akize l’ sou anpil pwen.
Pilat menm rekòmanse poze l’ kesyon, ki di: "Ou
pa reponn anyen? Gade sou konbyen pwen y’ap akize ou". Jezi menm pa reponn
anyen menm ankò, atèl pwen Pilat te sezi.
Pou
jou fèt la, li te konn abitye lage youn nan prizonye yo ba yo, sa yo te konn
mande a. Te gen youn yo te rele Barabas, yo te arete l’ ansanm avèk moun ki
revòlte yo, pandan revòlt la li te fè yon krim. Lè foul la monte, li kòmanse
mande, jan l’ te konn fè pou yo a. Pilat menm reponn yo, li di: "Èske nou
vle pou m’ lage wa Juif yo ba nou"? Li te konnen reyèlman se poutèt
jalouzi gran prèt yo te bay li. Gran prèt yo menm eksite foul la, pou l’ fè
lage Barabas pito ba yo.
Pilat
pran lapawòl ankò, li di yo: "Ki sa nou vle pou m’ fè avèk wa Juif
yo"?
Yo
menm yo rele byen fò: "Kloure l’ sou kwa".
Pilat
menm di yo: "Ki sa l’ fè ki mal"?
Yo
menm yo rele pi fò toujou: "KIoure l’ sou kwa".
Pilat
deside bay pèp la satisfaksyon, li lage Barabas ba yo, li renmèt Jezi pou yo
bat li epi pou yo kloure l’ sou kwa.
"Yo poze kouwòn très pikan sou li".
Sòlda
yo menm kondui l’ nan lakou prefè a, yo asanble tout foul sòlda yo. Yo abiye l’
ak yon rad wouj, yo poze yon kouwòn très pikan sou li. Yo kòmanse salye l’:
"Sali, wa Juif yo". Yo frape tèt li ak yon wozo, yo krache sou li, yo
ajenou devan l’ pou adore l’.
Lè
yo fin pase l’ nan jwèt, yo dezabiye l’ ak rad wouj la, yo abiye l’ ak pwòp rad
pa l’; yo kondui l’ pou yo kloure l’ sou kwa.
"Yo kondui l’ yon kote yo rele Golgota".
Yo
poze men sou yon moun ki t’ap pase, pou l’ pote kwa l’ la, yo te rele l’ Simon,
moun Sirèn, li te vin sot nan jaden, se papa Aleksann ak Rufus. Yo kondui Jezi
jous nan plas Golgota a, sa vle di plas anlè tèt la.
"Yo mete l’ ansanm ak pechè yo".
Yo ba l’ bwè lami mele ak diven, li pa pran l’. Moun ki
te kloure l’ sou kwa a, yo separe rad li yo, yo jwe zo sou yo, pou yo wè sa
chak moun ap jwenn. Se te twazyèm è a, yo kloure l’ sou kwa. Rezon kondanasyon
l’ nan te ekri: "Wa Juif yo". Yo te kloure de asasen ansanm avèk li
sou kwa, youn adwat epi yon lòt agoch li. Epi sa k’ ekri a te akonpli, sa k’ di
a: "yo mete pòsyon pa l’ ansanm ak moun peche yo".
"Li sove dòt, li pa kapab sove pwòp tèt li".
Moun
ki t’ap pase yo, yo t’ap blasfeme l’, yo t’ap di: "Ebyen, ou menm k’ap
kraze Tanp la pou ou rebati l’ nan twa jou a, se pou ou sove pwòp tèt ou,
desann sot sou kwa a".
Konsa
tou gran prèt yo t’ap pase l’ nan jwèt antre yo, ansanm ak skrib yo, yo t’ap
di: "Li sove dòt, li pa kapab sove pwòp tèt pa l’. Kris, wa Izrayèl la, se
pou l’ desann koulye a sot sou kwa a, pou nou wè, pou nou kwè". Moun yo ki
te kloure sou kwa a ansanm avèk li a yo menm tou yo t’ap joure l’.
"Jezi pouse yon gran rèl, li rann souf li".
Lè
sizyèm è a rive, fènwa rive sou tout tè a jous nevyèm è a. Nan nevyèm è a, Jezi
pouse yon gran rèl, li di: "Eloyi, Eloyi, lama sabaktani"? sa
vle di: "Bondye mwen, Bondye mwen, pouki sa ou lage m’ nan"?
Kèk
nan sa k’ te kanpe la a, yo tande, yo di: "Gade, l’ap rele Eli". Youn
nan yo kouri, li plen yon eponj ak vinèg, li mete l’ nan pwent yon wozo, li ba
l’ bwè, li di: "kite, n’ap wè si Eli ap vin pou l’ desann li".
Jezi menm, lage yon gran rèl, li rann souf li.
(Isit
la, yo fè jenifleksyon, yo rete yon ti moman an silans).
Vwal Tanp la chire an de, depi anwo jous anba. Lè
santiryon an wè sa, li menm ki te kanpe an fas la, kijan l’ rele byen fò, epi
li rann souf li a, li di: "Vrèman mesye sa a se Pitit Bondye li te
ye". Te gen medam ki t’ap gade de lwen, nan pami yo te gen Mari Madlèn, ak
Mari manman ti Jak ak Jozèf, ak Salome, lè yo te nan Galile, yo te konn ap suiv
li, yo te konn okipe l’, te gen anpil dòt medam tou ki te monte ansanm avèk li
Jerizalèm.
"Jozèf woule wòch la sou bouch kavo
a".
Kòm aswè te deja rive, se te pou preparasyon an, lavèy
saba a, Jozèf moun Arimati a rive, se te yon moun ki gen konsiderasyon, li te
fè pati konsèy la; li menm tou li t’ap tann peyi Wa Bondye a, li antre kot
Pilat avèk asirans, li mande kò Jezi. Pilat menm sezi pou Jezi
ta mouri deja, li fè rele santiryon an, li mande l’ si Jezi te mouri deja. Lè
santiryon an fè l’ konnen sa, li renmèt Jozèf kò a. Jozèf menm achte yon dra,
li desann li, li vlope l’ nan dra a, li poze l’ nan kavo a, ki te fouye nan
wòch la, li woule yon wòch sou bouch kavo a. Mari Madlèn menm ak Mari manman
Jozèf t’ap gade kote yo te depoze l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Frè ak sè m’ yo, nou kòmanse yon gran mach lafwa depi
Mèkredi Lèsann nan, kote n’antre nan gwo tan preparasyon sa a, gwo tan
konvèsyon sa a nou rele Karèm nan. Dimanch Ramo a ak Lapasyon an, vin ede n’
dekouvri kòman chemen liberasyon an se chemen lakwa a; dimanch Ramo ak istwa
soufrans Granmèt la vin fè n’ dekouvri kòman pa gen Dimanch Pak la si n’ pa
pase nan vandredi sen an, p’ap gen dimanch kè kontan an si pa gen vandredi
soufrans lan.
Nan lavi nou chak, nou gen bezwen kòm kretyen pou nou
swiv menm chemen sa a Jezi Sovè nou an te pran an. Chemen soufrans sa a, se
chemen laverite a, se chemen lajistis la, se chemen kè poze a, se chemen renmen
an. Pa gen okenn jès renmen ki pa mache ak sakrifis la. Nou kapab pran an
ekzanp sakrifis paran yo pou pitit yo. Tout bouske y’ap bouske lavi a, nan tout
kalite travay, se pou yo kapab kenbe lavi kay yo byen dyanm, lavi pitit yo byen
dyanm.
Tout soufrans Jezi te aksepte pran, tout imilyasyon
yo, se pou li te kapab rive bay limanite bon jan ekzanp solid pou montre kòman
youn dwe devwe pou lòt, kòman youn dwe mete yo nan sèvis lòt pou tout moun
kapab viv kòm sa dwa.
Pou travay sa a kapab rive fèt bò kote pa nou kretyen,
fòk nou aksepte sa Bondye vle pou nou, fòk nou pa pè soufrans la, fòk nou pa pè
pran chemen sèvis la, espesyalman sa k’ nan nesesite yo, chemen mache ak moun
ki pi pòv yo, defann sa y’ap toupizi nan kominote n’ap viv la, non sèlman ak
pawòl nou men tou ak bon jan temwanyaj n’ap bay nan fason n’ap viv.
Pwofèt
Izayi te di nou, Granmèt la mete konesans nan li menm pou l’ sèvi sila ki
meprize yo, sa k’ san vwa yo. Pou n’ rive fè travay lamisyon an se pou n’
chèche mete n’ an disponiblite pou Bondye, kite pawòl li yo ap ekzanp li yo gen
enpak nan lavi nou, di nou kichòy nan sosyete n’ap viv jounen jodi a. Mete
zorèy nou disponib pou n’ koute Bondye; se pou nou dispoze kè nou pou n’ chache
fè sèlman sa ki fè l’ plezi, pou n’ mete n’ nan sèvis liberasyon pèp la tankou
Jezi ki pa t’ vin fè wè, men ki te ofri tèt li nèt ale jous li bay lavi li sou
kwa a, pou l’ te kite temwanyaj renmen Papa a pou limanite.
Nan
tout demach lafwa n’ap fè chak jou nan lavi n’ nan travay nou, nan pataj nou
yo, nan lapriyè nou yo, nou dwe lage n’ tankou yon timoun nan bra Granmèt la,
li menm ki gen solisyon ak tout pwoblèm nou yo, li menm ki se fòs nou, li menm
ki se lwanj nou, laviktwa nou an.
Dezyèm
Lekti a montre n’ ki kalite imilite Pitit Bondye a te genyen, li menm ki
Bondye, li fè l’ tou piti; li menm ki jij li konsidere tèt li tankou prizonye
nan men pechè yo, men se nan rabèsman sa a li jwenn favè ak konsiderasyon nan
men Papa l’, li menm ki konnen papa l’ p’ap abandone l’, li menm ki konnen
limyè a ap gen dènye mo a sou fènwa a. Se kalite konviksyon sa a nou dwe genyen
pou n’ kapab pa fè bak nan misyon an, pou n’ toujou rete fèm nan laverite, nan
renmen, nan jistis, nan tout bon zèv, menm lè n’ rankontre pèsekisyon devan
lèzòm, paske laviktwa final la se pou nou. Deja nou dwe di tankou sen Pòl:
“Mwen konnen nan ki moun mwen met lafwa mwen”!
Mèvèy
leve byen vivan Jezi a nou pral selebre dimanch Pak la, li makonnen ak mèvèy
soufrans li an. Jezi, nan Levanjil la, pase dènye moman an ak patizan l’ yo, li
soupe ak yo, li ofri yo pen ak diven pataj la tankou pwòp kò l’ ak san l’. San
li se lank ki siyen nan kaye Nouvo Kontra a nòs tout nèf Bondye vin selebre ak
pèp li a, pou li kapab genyen lavi nan li. Deja li montre nan lanmò li, se pou
pwòp delivrans lèzòm li bay lavi li. Yon jès ki chita sou mèvèy renmen ak
mizerikòd Bondye pou limanite ki pa t’ menm merite l’. Men renmen Bondye a pi
gran pase peche nou yo; mechanste lèzòm pa ka bloke jenewozite ki genyen nan kè
Bondye, li menm ki se mèvèy san fen, ki se renmen san limit, bonte san parèy.
Yo gen pou yo vire je gade sila a yo te touye a, sila a se Jezikri, Pitit
Bondye vivan an, li menm ki se sèl modèl pou nou swiv si nou vle rive benefisye
delivrans li pote a. Se pou Ramo a ede n’ viv deja gwo mèvèy laviktwa lavi a
sou lanmò a nou pral viv yon fason espesyal nan Dimanch leve byen vivan an. Se
pou tout lavi n’ kòm kretyen makonnen ak gran evènman sa a, espesyalman nan
lane 2015 sa a, pou n’ kapab chache konprann lafwa nou, viv li, pwoklame li,
anonse li epi temwanye l’ nan kominote n’ap viv, nan kote n’ap travay yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi
paske ou montre nou chemen lakwa a se chemen viktwa a lè nou mache ansanm avèk
ou. Tanpri konsole tout fanmi ki an dèy. Sila yo ki mouri yo, tanpri fè yo wè
limyè fas ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:
An n’ chèche sanble pi plis ak Jezi ki mouri epi ki leve byen vivan an nan
fason n’ap viv lafwa nou, nan fason n’ap kominike lafwa nou, nan fason n’ap
pwoklame lafwa nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario