LENDI
SEN
PREMYE LEKTI
“Li p’ap rele, yo p’ap tande vwa l’ deyò”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 42, 1-7
Men pawòl Granmèt la:
“Men
sèvitè m’ nan, m’ap soutni l’, li menm mwen chwazi a nanm mwen jwenn plezi nan
li: mwen mete Lespri m’ sou li, l’ap pote jijman an nan nasyon yo. Li p’ap
rele, li p’ap konsidere figi moun, yo p’ap tande vwa l’ deyò. Wozo ki fele a,
li p’ap kraze l’, mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap etenn li, se nan verite a
l’ap fè jijman an sòti. Li p’ap tris, li p’ap sakaje anyen, joustan li poze
jijman an sou tè a; zile yo ap tann lalwa l’ la”.
Men pawòl Granmèt Bondye
a, li menm ki kreye syèl yo, li menm ki deplwaye yo, li menm ki asire tè a, ni
sa k’ap jèmen nan li, li menm ki bay pèp la lapawòl, pèp sa a ki sou tè a, li
menm ki mete lespri pou sa yo k’ap mache sou tè a:
Mwen menm Granmèt la,
mwen rele ou nan jistis, mwen pran men ou, mwen pwoteje ou, mwen mete ou kòm
alyans pèp la, kòm limyè nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo, pou ou fè
prizonye yo sot nan prizon, pou ou fè sa k’ chita nan fènwa yo sòti nan kacho
a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 26, 1. 2. 3. 13-l5
R/ Granmèt la se
limyè m’ ak delivrans mwen.
Granmèt la se limyè m’
ak delivrans mwen, ki moun ki pou fè m’ pè?
Granmèt la se pwoteksyon
lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Lè moun k’ap chèche fè m’
ditò yo pwoche sou mwen, pou yo manje chè m’;
sa yo k’ap fè m’ pase
tray la ak ènmi m’ yo, se yo menm ki febli, epi ki tonbe.R.
Si lame kanpe an fas
mwen, kè m’ pa gen dwa pè;
si batay leve kont mwen,
se nan sa mwen menm m’ap espere.R.
Mwen kwè m’ap jwenn byen
Granmèt la nan peyi vivan yo.
Tann Granmèt la, aji avèk
kouraj, asire kè ou, se pou ou tann Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Kite l’, se pou jou
antèman m’ li te konsève sa”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
12, 1-l1
Sis
jou anvan Pak la, Jezi rive Betani, kote Laza te mouri a, li menm Jezi te leve
a. Yo te fè yon resepsyon; Mat t’ap sèvi, Laza te nan pami moun yo ki te sou
tab avèk li a. Mari menm pran yon liv losyon bon kalite ki koute byen chè, li
benyen pye Jezi, li souye pye l’ avèk cheve l’; kay la vin plen ak odè losyon
an.
Youn
nan disip li yo, Jida Iskaryòt, sa a ki t’ap bay li a, li di: “Pouki sa yo pa
vann losyon sa a twasan pyès lajan pou yo bay pòv”? Li
te di sa, se pa paske li te gen konsiderasyon pou pòv yo, men se paske se vòlè
li te ye, epi se li menm ki te gen bous la, sa yo te mete ladan l’, li te pran
l’.
Konsa Jezi di: “Kite l’,
se pou jou antèman m’ li te konsève l’. Pòv yo reyèlman, se tout tan n’ap
genyen yo avèk nou, kanta mwen menm, nou p’ap genyen m’ tout tan”.
Anpil foul nan Jwif yo
vin konnen li la, yo pa vini pou Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza tou,
sa a li te leve sot nan pami mò yo. Gran prèt yo menm t’ap fè kalkil pou yo
touye Laza tou, paske anpil moun te kite Jwif yo poutèt li, yo te kwè nan Jezi.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
a, Levanjil la montre nou de atitid nou kapab genyen anvè Bondye, Jezikri ak
anvè lavi a menm. Fas ak jès Mari ki vide pafen sou pye Granmèt li a, Jida
manifeste dezakò li: « Youn nan disip li yo, Jida Iskaryòt, sa a ki t’ap bay li
a, li di: “Pouki sa yo pa vann losyon sa a twasan pyès lajan pou yo bay pòv”?»
(Jan 12,4-5). Li pa t’ manke lespri lè li te di sa; sa te menm an akò ak
lansèyman Jezi a. Men anpil fwa li pi fasil pou nou kritike sa lòt yo fè olye
nou kritike pwòp konpòtman pa nou, tankou nan ka pa Jida a.
Nenpòt
kritik dwe yon atitid responsab: lè n’ap kritike nou ta dwe di si nou te nan
plas lòt la kisa nou ta fè, kisa nou ta dispoze pou fè. Si se pa sa, kritik la
kapab fè nou konprann sila a k’ap plenyen an se yon moun ki gen movèz fwa k’ap
kritike sila a k’ap chèche amelyore tèt li.
Mari
vide pafen sa sou pye Jezi pandan li souye pye li ak cheve nan tèt li, paske li
kwè se devwa li. Aksyon sa montre yon jenewozite ekstrawòdinè ki merite anpil
admirasyon: li fè sa antan li « pran yon liv losyon bon kalite ki koute byen
chè» (Jan 12,3). Sa se yon jès lanmou e, menm jan ak tout jès lanmou, li
difisil pou yon moun ki pa pataje li rive konprann li. Nou ta kapab di, nan
menm moman sa a, Mari te deja konnen sa Sen Ogisten ta pral ekri kèk syèk apre:
« Petèt sou tè a pye Granmèt la kapab nan bezwen. Èske
se pa de manb li yo li pral pale nan finisman syèk tan yo, lè li va di: ‘Lè ou
te fè sa pou youn nan pi piti nan frè w’ yo, se pou mwen menm ou te fè li? Lè
ou sèvi ak sa ki twòp pou ou a, se yon bagay ki initil pou ou, men li nesesè
pou Granmèt la’».
Dezakò Jida manifeste a
pa itil anyen, sèlman li mennen li nan trayizon. Men kanta pou aksyon Mari a,
li pouse li renmen Granmèt li a plis toujou e, kòm konsekans, li kapab renmen
Kris la ki prezan nan lavi chak moun ki sou latè.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, mèsi pou jan ou renmen nou. Tanpri aprann nou renmen pwoche nou yo menm
jan an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap akeyi ak kè kontan tout moun ki vini lakay mwen
jodi a pou m’ temwaye renmen Bondye a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario