Koulè Vyolèt
MADI SEN
PREMYE LEKTI
“Mwen mete ou kòm
limyè nasyon yo, pou delivrans mwen rive jous nan bout tè a”.
NAN LIV PWOFÈT
IZAYI 49, 1-6
Koute,
zile yo, fè atansyon, pèp ki lwen yo: Granmèt la rele m’ depi nan vant, depi
nan zantray manman m’ li sonje non m’; li mete bouch mwen tankou yon epe
pwenti, li pwoteje m’ nan lonbraj men l’, li mete m’ tankou yon flèch ki byen
chwazi, li kache m’ nan sak li.
Li
di m’: “Se sèvitè m’ ou ye, Izrayèl, paske se nan ou m’ap jwenn glwa mwen”. Epi
mwen menm mwen te di: “Se pou granmesi mwen te travay, se san rezon ak pou
anyen mwen te depanse fòs mwen; epoutan jijman m’ avèk Granmèt la, rezilta
travay mwen avèk Bondye m’ nan”.
Koulye
a, men sa Granmèt la di, li menm ki fòme m’ depi nan vant pou m’ kapab vin
tounen sèvitè l’, pou m’ fè Jakòb tounen vin jwenn li, pou m’ rasanble Izrayèl
ba li, mwen jwenn glwa devan je Granmèt la, Bondye m’ nan vin tounen fòs mwen.
Li di: “Sa pa kont pou ou sèvitè m’ pou w’ kapab leve ras Jakòb yo, pou w’ fè
debri pèp Izrayèl yo tounen: men mwen mete ou kòm limyè nasyon yo, pou
delivrans mwen rive jous nan bout tè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 70, 1-2. 3-4a. 5-6ab.
15 e 17
R/ Bouch mwen ap anonse delivrans ou a, Granmèt.
Se
nan ou, Granmèt, mwen espere, pa kite m wont pou tout tan.
Nan
jistis ou a delivre m’, sove m’; panche zòrèy ou sou mwen, sove m’.R.
Se
pou w’ sèvi m’ yon wòch sitadèl, ak yon kay defans, pou w’ sove m’, paske fòs
mwen ak kachèt mwen se ou menm.
Bondye
mwen, wete m’ nan men pechè a.R.
Paske
se ou menm ki esperans mwen, Granmèt; Granmèt, espwa m’ depi m’ tou jèn.
Se
sou ou mwen apiye depi m’ nan vant, depi nan vant manman m’ se ou menm ki
soutni m’.R.
Bouch
mwen ap anonse jistis ou, tout jounen delivrans ou a, pou m’ ta konte l’, mwen
pa kapab.
Bondye,
ou ban m’ ansèyman depi m’ tou jèn; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
“Youn
nan nou ap bay mwen... Kòk la p’ap chante, w’ap
gen tan nye m’ twa fwa”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
13, 21-33. 36-38
Lè
sa a:
Jezi
te sou tab avèk disip li yo, lespri l’ vin twouble, li temwaye, li di: “Amèn,
amèn mwen di nou sa, youn nan nou ap trayi m”. Disip
yo youn t’ap gade lòt, yo pa t’ fin konprann sa l’ te vle di a.
Youn nan disip Jezi yo ki
te sou tab yo te kouche sou lestomak li, sa a Jezi te renmen an. Simon Pyè fè l’ siy, li di l’: “Ki moun l’ap pale
a”? Kòm sa a te kouche sou pwatrin Jezi,
li di l’: “Granmèt, kilès”?
Jezi reponn: “Se sa a
m’ap lonje pen an mwen fin tranpe a ba li”. Kon l’ tranpe pen an, li bay Jida, pitit Simon
Iskaryòt la. Aprè bouche a, Satan
antre nan li.
Jezi di l’: “Sa w’ap fè
a, fè l’ vit”. Bagay sa a, pèsòn nan sa k’ te sou tab yo pa konnen poukisa li
te di l’. Genyen ki te konprann, kòm Jida te gen bous la, Jezi te di l’: “Achte
sa nou bezwen pou jou fèt la”, oubyen pou l’ te bay pòv yo kichòy. Kon l’ fin
pran bouche a, li sòti menm lè a. Se te nannuit.
Kon l’ fin sòti, Jezi di:
«Koulye a Pitit moun nan jwenn glwa li, Bondye jwenn glwa li nan li tou. Si
Bondye jwenn glwa li nan li, Bondye ap fè l’ jwenn glwa nan li menm tou, l’ap
fè l’ jwenn glwa a tou suit.
Ti pitit mwen yo, mwen
avèk nou toujou pou yon ti moman ankò.N’ap chèche m’, men jan m’ te di Jwif yo,
“kote m’a prale a nou pa kapab vini”, mwen di nou sa davans».
Simon Pyè di l’:
“Granmèt, kote w’ a prale”?
Jezi reponn: «Kote m’a
prale a, ou pa kapab suiv mwen koulye a, w’a suiv mwen aprè».
Pyè di l’: “Pouki sa mwen
pa kapab suiv ou koulye a? M’ap
bay lavi m’ pou ou”.
Jezi
reponn li: “w’ap bay lavi w’ pou mwen? Amèn, amèn mwen di ou, kòk la p’ap
chante, w’ap deja nye m’ twa fwa”.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
N’ap
avanse nan semèn sent lan, yon semèn trè espesyal nan istwa lavi Jezi, nan
istwa delivrans nou. Se yon semèn ki envite nou kontanple Jezi nan soufrans li,
lanmò li ak rezireksyon li. Se konsa n’ap aprann
konprann ti moso pa ti moso moman ki te pi difisil nan lavi Jezi yo. Nan fason
evènman yo ap dewoule nou kapab konprann lanmò ak leve Jezi se pa t’ yon bagay
ki te fèt tankou yon jwèt aza. Jezi te bay lavi li yon fason konsyan pou nou
menm lèzòm, pou li kapab retire nou anba esklavaj peche.
Li gen tan ap montre nou
kèk siy klè nan sa ki pral rive a. Se konsa nou kapab aprann gen plizyè
difikilte ki kapab rive ke nou ta dwe evite lè nou zanmi ak yon moun. Pi gwo
bagay ki te pase nan moman Jezi t’ap manje ak disip li yo, se lè li montre nou
moun ki pral trayi li a, an reyalite se yon zanmi li. Se yon envitasyon nou
kapab pran pou serye e nou dwe travay pou nou kapab ranfòse amitye nou yo, pou
nou pa tounen jida pou frè ak sè nou yo. Byen souvan nou toujou di se yon bon
zanmi nou ki trayi nou, paske fòk li konnen w’ byen pou li fè sa. Men sa ki
rive Jezi a, se yon jès ki depase tout bagay moun kapab konprann, se yon fason
pou li montre nou se li menm ki deside bay lavi li, se pa pran yo pran lavi li.
Li bay lavi li pou yon rezon byen klè ki se sove mond lan anba esklavaj peche.
Se pou sa nou wè Jezi konnen ni jou, ni lè yo pral livre li e li pral mouri a.
Nan tan espesyal sa n’ap
viv la, li enpòtan pou nou konprann jan sa gran lè yon moun bay lavi li pou lòt
la. Se yon envitasyon pou nou aprann mete tout egoyis nou yo de kote epi aprann
soufri ak moun nan bezwen yo, ak moun pwoblèm ap toumante yo. Soufrans la se pa
yon bagay ki fasil. Pwovèb la di nou: se sèl moun ki pèdi yon pitit ki kapab
rive konprann yon lòt ki nan menm sitiyasyon an.
Ebyen nou menm kretyen
nou kapab konprann Jezi te soufri menm jan ak nou, se pou sa nou sèten li kapab
konprann nou nan doulè pa nou yo. Malgre sitiyasyon difisil nou yo, malgre
traka nou yo, li enpòtan pou nou toujou mete konfyans nou nan Bondye. Se pa ale
lakay ogouferay al mande li regle koze nou, sinon toujou mete konfyans nou nan
Bondye. Mwen espere moman soufrans Jezi nou pral viv nan jou Vandredi Sen an
louvri je nou sou sitiyasyon sa pou nou kapab rive konprann Bondye toujou la ap
asiste nou nan tout sikonstans lavi nou, sèlman chak jou pi plis nou dwe aprann
fè li plis konfyans.
Si m’ te gen yon ti pale fò ak yon zanmi
m’ m’ap chache rankontre li pou m’ rekonsilye ak li.
LAPRIYÈ:
Jezi, Granmèt, ou menm ki te soufri an
premye pou w’ te aprann nou soufrans la fè pati lavi a, tanpri ban nou fòs ak
kouraj pou nou pa janm vire do ba ou malgre difikilte n’ap rankontre sou wout
nou pafwa. Konsa n’a temwaye tout bon vre se yon sèl Sovè nou genyen. Amèn.
PWOPOZISYON: Si m’ te gen yon ti pale
fò ak yon zanmi m’ m’ap chache rankontre li pou m’ rekonsilye ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario