Koulè Vyolèt
MÈKREDI
SEN
PREMYE
LEKTI
“Mwen
pa vire fas mwen lwen moun k’ap maltrete m’ yo”.
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 50, 4-9a
Granmèt la ban m’ yon lang ki gen
konesans, pou m’ kapab soutni moun ki bouke pale a, depi granmaten li reveye,
granmaten li reveye zòrèy mwen, pou m’ koute tankou se yon mèt k’ap pale.
Granmèt la louvri zòrèy mwen.
Mwen menm mwen pa kontrarye, mwen pa
rekile dèyè. Mwen renmèt kò m’ bay moun yo k’ap frape m’ nan; mwen renmèt figi
m’ bay moun yo k’ap mete vwal sou mwen an; mwen pa kache fas mwen bay moun yo
k’ap maltrete m’ nan, k’ap krache sou mwen an. Granmèt Bondye ap pote m’ sekou,
se pousa mwen pa wont, se pousa mwen fè fas mwen vin tankou wòch ki pi di a,
mwen konnen mwen p’ap wont.
Li tou pre, sa a k’ap rann mwen
jistis la, kilès k’ap plede kont mwen? An nou kanpe ansanm; kilès ki ènmi m’?
se pou l’ pwoche kote m’.
Men Granmèt
Bondye k’ap pote m’ sekou; kilès k’ap kondane m’?
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
68, 8-l0. 21bcd-22. 31 e 33-34
R/ Nan pakèt kè sansib ou, Granmèt,
koute m’, nan tan gras la.
Sèke se poutèt ou mwen sipòte afwon,
lawont kouvri fas mwen; mwen vin tounen etranje pou frè m’ yo, ak moun deyò pou
pitit manman m’ yo.
Sèke jalouzi kay ou a devore m’,
afwon moun k’ap manke ou dega yo, yo tonbe sou mwen.R.
Afwon an
kraze kè m’, mwen febli.
Mwen t’ap
tann moun ki pou pran lapenn avèk mwen, pa genyen, moun ki pou console m’, mwen
pa jwenn.
Yo mete fyèl nan manje m’, nan swaf
mwen yo ban m’ bwè vinèg.R.
M’ap fè lwanj non Bondye avèk
kantik, m’ap fè konpliman pou li nan lwanj.
Se pou pòv yo wè, pou yo kontan;
chèche Bondye, se pou kè nou viv.
Paske Granmèt la koute pòv yo, li pa
meprize prizonye l’ yo.R.
LEVANJIL
“Pitit
moun nan a prale jan sa ekri a; men ala malè pou sa a ki sèvi lantremiz pou bay
li a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 26, 14-25
Lè sa a:
Youn nan douz yo ale, sa yo rele
Jida Iskaryòt la, li rive kot gran prèt yo, li di yo: “Sa nou vle ban mwen,
m’ap renmèt li ba nou”? Yo dakò avèk li pou trant pyès lajan. Depi lè sa a li
t’ap chèche yon okazyon pou l’ bay li.
Premye jou Azim, disip yo pwoche kot
Jezi, yo di: “Kote ou vle pou nou pare pou ou, pou nou manje Pak la”?
Jezi menm di: “Al nan vil la, kay
entèl, di l’ konsa: “Mèt la di: “Tan m’ nan tou pre; se kay ou m’ap fè Pak la,
avèk disip mwen yo”. Disip yo fè jan Jezi te pase yo lòd la, yo pare Pak la.
Lè aswè rive, 1’al sou tab avèk douz
disip li yo. Pandan y’ap manje, li di: “An verite mwen di nou, youn nan nou ap
trayi m’".
Yo te vin gen lapenn anpil, yo chak
kòmanse di: “Èske se mwen, Granmèt”?
Li menm li pran lapawòl, li di: “Sa
a ki plonje men avèk mwen nan plat la, se li menm k’ap trayi m’. Pitit moun nan
a prale, jan sa ekri sou li a; men ala malè pou moun sa a ki sèvi lantremiz pou
yo renmèt Pitit moun nan! li ta pi bon pou li, si moun sa a pa t’ janm fèt”.
Jida pran lapawòl tou, li menm ki
t’ap trayi l’ la, li di: “Èske se mwen, Rabi”?
Li di l’:
“Ou di l”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Bondye Papa montre kijan li gen yon kè manman lè li voye Pitit la pou vin sove limanite ki te kouvri
avèk lonbraj peche ak lanmò a. Jezi, Pitit la ki se Bondye ki sòti nan Bondye,
dezyèm pèsòn nan Trinite a, li tounen moun pou li ka sove moun etan li rabese
tèt li, li pa gade sa li ye kòm Bondye. Li aprann obeyisans jous nan lanmò li
(Filipyen 2,6).
Sa ki te anime tout
aksyon Jezi pandan l’ te vin sou tè a, se te lanmou. Li te vle pou chak moun
viv tankou moun nan respè diyite yo. Men fòs fènwa yo pa t’ janm dakò ak fason
l’ te konn ap geri moun yo, ak fason l’ tap trete yo byen. Yo pa t’ dakò ak
chanjman l’ te vle pote a, kote l’ t’ap pwopaje lide «tout moun se pitit
Bondye » ; donk nou dwe viv tankou frè ak sè. Yo te pito wè nan li
yon menas ; yon moun ki vle destabilize tout lide relijyez, yon moun ki t’ap
chavire lòd sosyal, ekonomik ak politik yo. Pou rezon sa yo, yo te
deside touye li. Pi gwo krim yo te akize l’ fè, yo di l’fè tèt li pase pou
pitit Bondye, epi fason l’ t’ap viv te demaske konpòtman moun ki te nan fè sa
k’ pa sa yo. Li te koeran ak mesaj li t’ap preche a. Li te renmen
Bondye, li te toujou an kontak ak li nan lapriyè, e li te renmen moun. Se pou
sa li te pase vi l’ap sèvi yo. Men pou ekzèse plan malouk sa a, ki se touye
Jezi, yo te itilize yon moun nan pwòp kan pa Jezi a, Jida ki t’ap manje ak Jezi
sou menm tab ak nan menm asyèt ak li.
Ala wonte pou nou menm
moun, nou asasinen Jezi, nou kloure l’ sou kwa a paske li te renmen nou
jiskobou. Men, jan pwofèt Izayi ak moun ki ekri sòm nan di a, nou mèt fè tout
simagri sa yo, Granmèt la te akonpanye Jezi nan soufrans li yo, li pa t’ kite
l’ pran wont ; lanmò Jezi a te tounen yon byen pou kapab sove nou.
Lekti sa yo pèmèt nou
konprann kòman efektivman lanmou pi fò pase lanmò. Epi nou dekouvri si nou fè
Bondye konfyans epi nou fè volonte l’ nan tout sikonstans anyen pa ka separe
n’ak lanmou Bondye a !
LAPRIYÈ : Bondye mwen fè w’ konfyans nèt ale.
Ede m’ dekouvri volonte ou chak jou nan lavi mwen. Fè m’ angaje m’ pi plis chak
jou nan lite pou respè dwa ak diyite moun, tankou Jezi te konn fè a.
Amèn !
PWOPOZISYON : Pran yon ti tan pou
dyaloge ak Bondye ; pran yon ti tan pou rekonsilye ak tèt mwen, ak
pwochen mwen ; pran yon ti tan pou padone pou vizaj Bondye ka klere nan
vizaj pa mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario