JEDI
SEN
Koulè Blan
+
MÈS SEN-KRÈM NAN MATEN: se
mès Evèk la selebre ansanm ak pè yo; mès kote yo beni tout kalite luil ki sèvi
nan sakreman yo.
[POU
MÈS SOUPE GRANMÈT LA ASWÈ: (EKZÒD 12, 1-8. 11-14; Ps 115, 12-13. 15-16bc. 17-18; 1 Kor11, 23- 26; JAN 13, 1- 15)]
PREMYE LEKTI
“Granmèt
la sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, ba yo losyon kè kontan
an”.
NAN LIV
PWOFÈT IZAYI 61, 1-3a. 6a. 8b-9
Lespri
Granmèt la sou mwen, se pou sa Granmèt la sakre m’, li voye m’ pote nouvèl bay
pòv yo, pou m’ panse kè ki kraze yo, pou m’ preche padon bay prizonye yo,
delivrans bay sa k’ fèmen yo, pou m’ preche yon ane kote Granmèt la fè gras,
yon jou vanjans pou Bondye nou an, pou m’ konsole tout moun ki nan lapenn, pou
m’ mete yon kouwòn nan plas sann pou moun Siyon yo ki nan lapenn yo, losyon kè
kontan nan plas dèy, manto lwanj nan plas lespri tristès.
Nou menm
y’ap rele nou “prèt Granmèt la”, y’ap di nou “sèvitè Bondye nou an”.
M’ap ba yo rezilta travay yo nan
verite, m’ap pase yon alyans tout tan avèk yo. Y’ap rekonèt ras yo nan nasyon
yo, ak sa k’ sot nan yo nan mitan pèp yo. Tout moun k’ap wè yo ap rekonèt yo,
paske yo se semans Granmèt la beni.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
88, 21-22. 25 e 27
R/ Kè sansib ou, Granmèt, se tout tan
m’ap chante l’.
Mwen jwenn David sèvitè m’ nan; ak
luil mwen ki sen an mwen sakre l’.
Men m’ap ret fèm avèk li, bra m’ap
ba li fòs. R.
Verite m’ ak
kè sansib mwen ap avèk li, o non m’ l’ap leve kòn li.
Li menm l’ap
rele m’: “Se Papa m’ ou ye, Bondye m’ ak kachèt delivrans mwen”.R.
DEZYÈM LEKTI
“Li fè nou vin tounen peyi wa ak
prèt pou Bondye Papa a”.
NAN LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1, 5-8
Favè pou nou
ak lapè sot nan Jezikri, ki temwen fidèl la, premye pitit nan pami mò yo, ak
chèf wa yo ki sou tè a, li menm ki renmen nou, ki lave nou sot nan peche nou yo
nan san l’, ki fè nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye Papa l’; konpliman
pou li ak otorite pou tout tan gen tan. Amèn.
Men l’ap
vini avèk nyaj yo, tout je ap wè l’, menm sa k’ te transpèse l’ yo; tout ras
sou tè a ap plenn sou li. Wi. Amèn.
Se mwen menm
alfa ak omega, kòmansman ak finisman, deklarasyon Granmèt la, li menm ki la, ki
te la, k’ap vini, li menm ki gen tout pouvwa a.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
“Lespri
Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 16-21
Lè sa a:
Jezi rive Nazarèt, kote yo te fè
edikasyon l’ nan, li antre nan sinagòg la daprè abitid li, jou saba a, li leve
pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a. Li louvri liv la, li jwenn kote ki
ekri a:
“Lespri Granmèt la sou mwen; se
pousa li sakre m’, li voye m’ pote bòn nouvèl la bay pòv yo, geri kè ki kraze
yo, preche padon pou prizonye yo, ak limyè pou avèg yo, ranvwaye sa k’ap pase
mati yo nan libète, preche yon ane Granmèt la fè gras, yon jou rekonpans”.
Li pliye liv la, li renmèt sèvan an
li, li chita. Je tout moun nan sinagòg la te fikse sou li. Li kòmanse di yo:
“Jodi a sa k’ ekri la a akonpli nan zòrèy nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : “Jodi a sa k’ ekri la a akonpli nan zòrèy nou”.
Se avèk pawòl sa yo Jezi konfime reyalizasyon pwofesi Izayi a nan pwòp lavi li.
Jezi ba nou asirans, li se Mesi a, puiske se li ki vin pote bòn nouvèl la bay pòv yo, se li ki vin geri kè ki
kraze yo, se li ki vin preche padon pou prizonye yo, se li ki pote limyè pou
avèg yo, paske se nan tan gras la nou ye.
Jounen jodi, nou bezwen Jezi pou vin di nou yon pawòl
konsolasyon lè nou gade sosyete nou yo k’ap depafini akoz zak teworis,
delenkans, vyolans sou tout fòm.
O Jezi, vin geri kè ak konsyans ki blese akoz endiferans globalize
ki fè anpil fwa menm Legliz ou a fayi nan misyon li. Vin libere nou nan prizon
esklavaj pasyon pou byen materyèl ke nou bay plis valè pase Bondye e ki lakòz
nou youn ap detwi lòt !
O Jezi, vin sove lafanmi k’ap detwi akoz fenomèn
omoseksyalite k’ap devlope chak jou pi plis ! Fè limyè w’ klere nan fènwa
lanbisyon nou pou nou kapab aprann viv kòm frè ak sè nan pataje sa nou genyen
menm si li piti.
O Jezi, ba nou yon kè ki sanble avèk pa ou, pou nou ka
aprann renmen youn lòt, pou nou ka dekouvri vizaj ou nan vizaj tout moun k’ap
pote yon kwa soufrans !
O Jezi, tanpri vin delivre mond nou an ki dechire e ki pa
konn kote pou l’ fikse je l’, tèlman gen vye lide k’ap sikile ladan l’!
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, tanpri ede nou viv selon sa nou kwè a. Konsa nou va
temwaye renmen w’ lan tout bon vre.
PWOPOZISYON :
Reflechi sou fason mwen ka kolabore ak Jezi nan misyon li, ki se sove tè a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario