VANDREDI SEN
Koulè
Wouj
SEREMONI SOUFRANS GRANMÈT LA
PREMYE LEKTI
“Li blese poutèt peche nou yo”.
NAN
LIV PWOFÈT IZAYI 52, 13-53, 12
Men sèvitè m’ nan ap gen konprann,
y’ap leve l’ anlè, y’ap leve l’ byen wo, l’ap anlè nèt. Menm jan anpil moun te
sezi osijè ou, konsa figi l’ap san bèlte nan pami lèzòm, ni fòm li nan pami
pitit moun yo. L’ap fè anpil nasyon kriye, sou li wa yo ap fèmen bouch yo,
paske se bagay yo pa t’ rakonte y’ap wè osijè l’, se sa yo pa t’ tande y’ap
gade. Kilès ki kwè sa nou tande a? Bra Granmèt la bay ki moun li devwale?
L’ap leve tankou yon ti kreyòl,
tankou rasin ki sot nan tè sèk. Li pa gen aparans ni bèlte, nou te wè l’, li pa
t’ gen fòm figi, nou te anvi l’; li te meprize, se dènye nan moun yo, moun
soufrans, ki konn maladi, fas li te kòm kache, li te meprize, se pousa nou pa
t’ menm gen konsiderasyon pou li.
Reyèlman vre se maladi nou li menm
li t’ap pote, se soufrans nou li menm li t’ap pote, nou menm nou te konprann li
te tankou yon moun maladi lalèp, yon moun Bondye frape, Bondye rabese. Li menm
menm li blese pou peche nou, li frape poutèt krim nou yo, koreksyon lapè nou an
sou li, se gras a kote l’ blese yo nou geri.
Nou tout nou
te pèdi chemen tankou mouton, chak moun te devye nan chemen pa l’. Granmèt la
mete fot nou tout nan li. Li ofri tèt li, paske li vle, li pa louvri bouch,
tankou mouton devan moun k’ap koupe lenn li, li ret an silans, li pa louvri
bouch li.
Yo fè l’ pase tray, yo kondane l’,
yo touye l’. Ki moun k’ap rakonte ras li? paske yo wete l’ sot sou tè vivan yo;
poutèt krim pèp mwen an mwen te frape l’. Y’ap ba l’ mechan pou lantèman l’, ak
rich pou lanmò l’, malgre li pa t’ fè peche, pa t’ gen manti nan bouch li.
Granmèt la te vle kraze l’ nan
maladi. Si l’ bay lavi l’ pou peche a, l’ap wè yon desandans k’ap viv lontan,
volonte Granmèt la ap dirije nan men l’. Poutèt nanm li te soufri, l’ap wè,
l’ap konble. Nan syans li, sèvitè m’ nan ki kòrèk la ap rann anpil moun kòrèk,
l’ap pote peche yo li menm menm.
Se pousa m’ap ba l’ anpil moun pou
pòsyon pa l’, l’ap separe byen anpil moun ki gen pouvwa, poutèt li te bay lavi
l’ nan lanmò, yo te konsidere l’ nan ran kriminèl, epoutan li t’ap pote peche
anpil moun yo, li t’ap lapriyè pou sa k’ fè peche yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
30, 2 e 6. 12-13. 15-16. 17 e 25
R/ Papa, nan men ou mwen renmèt lespri
m’.
Nan ou, Granmèt, mwen espere, pa
kite m’ wont pou tout tan; nan jistis ou delivre m’.
Nan men ou
mwen renmèt lespri m; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a.R.
Devan tout
lènmi m’ yo mwen vin tounen dezonè, ni pou vwazen m’ yo menm, sezisman pou
zanmi m’ yo: sa k’ te konn wè m’ deyò, yo sove pou mwen.
Yo bliye m’
nan kè, tankou yon moun mouri; mwen tankou yon veso ki pèdi.R.
Men mwen
menm se nan ou mwen espere, Granmèt; mwen di: “Se Bondye m’ ou ye, nan men ou
destine m’ ye”.
Delivre m’
sot nan men lènmi m’ yo ak sa k’ap pèsekite m’ yo.R.
Klere fas ou
sou sèvitè ou, sove m’ nan kè sansib ou.
Aji avèk
kouraj, rafèmi kè nou, nou tout ki espere nan Granmèt la.R.
DEZYÈM LEKTI
“Li aprann obeyisans, li vin tounen
kòz delivrans pou tout moun ki obeyi l”.
NAN LÈT POU EBRE YO 4, 14-16; 5, 7-9
Kòm nou gen yon gran prèt an chèf,
ki antre nan syèl yo, Jezi Pitit Bondye, se pou nou kenbe deklarasyon lafwa a.
Sèke nou pa gen yon prèt an chèf ki pa kapab soufri feblès nou avèk nou, yo
eseye l’ nan tout bagay menm jan avèk nou, sof peche a. Konsa se pou nou pwoche
avèk konfyans kot fotèy bèlte a, pou nou jwenn kè sansib, pou nou jwenn favè
nan sekou, nan bezwen.
Nan jou Jezikri t’ap viv nan chè a,
li ofri lapriyè avèk plent, avèk gwo rèl, ak dlo nan je l’, kot sila a ki kapab
sove l’ sot nan lanmò, li koute l’ poutèt respè l’. Men, malgre se Pitit Bondye
li te ye a, li aprann obeyisans, nan sa l’ soufri yo, lè l’ rive nan dènye pwen
pou l’ te rive a, li vin tounen kòz delivrans tout tan an pou tout moun ki obeyi
l’.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Yo arete Jezi, yo mare
l”.
SOUFRANS GRANMÈT NOU JEZIKRI DAPRÈ
JAN 18, 1-19, 42
Lè sa a:
Jezi sòti
avèk disip li yo lòt bò ravin Sedwon an, kote te gen yon jaden, li antre ladan
l’, ni disip li yo tou Jida te konn kote a, li menm ki t’ap bay li a; paske
Jezi te konn vin la souvan avèk disip li yo.
Konsa, Jida
pran twoup la ak sèvitè gran prèt yo ak farizyen yo, li rive la avèk fannal ak
flanbo ak zam. Jezi menm, kòm li te konnen tout sa k’t a prale rive l’ li
pwoche, li di yo: “Ki moun n’ap chèché”?
Yo reponn li: “Jezi moun Nazarèt
la”.
Jezi di yo: “Se mwen menm”. Jida te
kanpe la tou ansanm avèk yo li menm ki t’ap renmèt li a. Lè Jezi di yo “Se mwen
menm” nan, yo rekile dèyè, yo tonbe atè.
Li poze yo kesyon ankò: “Ki moun n’ap
chèche”?
Yo menm yo di: “Jezi moun Nazarèt
la”.
Jezi reponn: “Mwen te di nou se mwen
menm; konsa si se mwen menm n’ap chèche, kite sila yo pati”. Se pou pawòl la te
kapab reyalize, sa l’ te di a: “Sila yo ou te ban mwen an, mwen pa pèdi youn
nan yo”.
Simon Pyè menm te gen yon epe, li
rale l’, li frape sèvitè gran prèt la, li koupe zòrèy dwat li. Yo te rele non
sèvitè a Malkus.
Jezi menm di Pyè: “Mete epe w’ la
nan fouwo a: Kalis la Papa a ban mwen an, èske mwen p’ap bwè l”?
“Yo kondui Jezi kot Án
dabò”.
Twoup la ak kòmandan an ak sèvitè
Jwif yo arete Jezi, yo mare l’, yo kondui l’ kot Án anvan; se te bòpè Kayif, ki
te gran prèt ane sa a. Se Kayif sa a menm ki te bay Jwif yo konsèy, ki te di
“pito se yon sèl moun ki mouri pou pèp la”.
Simon Pyè
t’ap suiv Jezi ak lòt disip la. Disip sa a, gran prèt la te konnen l’, li antre avèk Jezi
nan lakou gran prèt la. Pyè menm te kanpe nan baryè a sou pa deyò. Lòt disip la
sòti, li menm gran prèt la te konnen an, li pale ak fi ki t’ap veye baryè a, li
fè Pyè antre. Sèvant la ki t’ap veye baryè a di Pyè: “Èske ou menm tou ou pa t’
nan pami disip mesye sa a”?
Li menm li di: “Mwen pa ladan l”.
Sèvitè yo ak gad yo te kanpe bò brèz dife a, paske li te fè frèt, yo t’ap chofe
kò yo. Pyè te kanpe avèk yo tou, li t’ap chofe kò l’.
Prèt an chèf
la poze Jezi kesyon sou disip li yo ak sou ansèyman l’. Jezi reponn li: “Mwen
menm se aklè mwen te pale pou tout moun; mwen menm se tout tan mwen te bay
lansèyman nan sinagòg la ak nan Tanp la, kote tout Jwif yo vin rasanble a, an
kachèt mwen pa di anyen. Poukisa
w’ap poze m’ kesyon an? Entèwoje yo, yo menm ki te koute sa m’ te di yo; men yo
menm yo konnen sa m’ te di mwen menm”.
Kon l’ di sa, youn nan sèvitè yo ki
te kanpe la a bay Jezi yon souflèt, li di: “Se konsa ou reponn gran prèt la”?
Jezi reponn li: “Si m’ m al pale,
bay prèv ki sa k’ mal la; men si m’ byen pale, poukisa ou frape m’ nan?
Án voye l’
tou mare bay Kayif gran prèt.
“Èske
ou menm tou ou pa t’ nan pami disip li yo? Mwen pa ladan l’”.
Simon Pyè te
kanpe, li t’ap chofe kò l’, yo di l’: “Èske ou menm tou ou pa t’ nan pami disip
li yo?” Li menm li nye li di: “Mwen pa ladan
l’”.
Youn nan sèvitè prèt an chèf yo,
fanmi sa Pyè te koupe zòrèy li a, li di l’: “Èske mwen menm menm mwen pa t’ wè
ou nan jaden an avèk li”? Pyè menm nye ankò, epi menm lè a kòk la chante.
“Peyi wa m’ nan pa sot sou
tè sa a”
Yo kondui Jezi sot kay Kayif al nan
palè a. Se te granmaten. Yo menm yo pa antre nan palè a, pou yo pa sal, pou yo
kapab manje Pak la. Pilat sòti deyò kote yo, li di: “Ki akizasyon nou pote kont
mesye sa a” Yo pran laparòl yo di l’: “Si se pa yon malfetè sila a te ye, nou
pa ta bay ou li”.
Pilat di yo: “Pran l’ nou menm, jije
l’ daprè lalwa nou an”.
Jwif yo di l’: “Nou pa gen dwa touye
pèsòn”. Se pou pawòl Jezi a te kapab reyalize, sa l’ te di pou l’ montre ki
kalite lanmò li te gen pou l’ te mouri a.
Konsa Pilat antre ankò nan palè a,
li rele Jezi, li di l: “Èske ou se wa Jwif yo”?
Jezi reponn: “Èske se ak pwòp fòs ou
ou di sa, oubyen se dòt moun ki te di ou sa sou mwen”?
Pilat
reponn: “Èske m’ se Jwif mwen menm? Nasyon w’ nan ak gran prèt yo renmèt ou ban
mwen: kisa ou fè”?
Jezi reponn:
“Peyi wa m’ nan pa sot sou tè sa a. Si peyi wa m’ nan te sot sou tè sa
a, sètènman sèvitè m’ yo ta batay pou yo pa bay mwen nan men Jwif yo; koulye a
peyi wa m’ nan pa isit la”?
Pilat di l’:
“Èske se wa ou ye”?
Jezi reponn:
“Ou di l’: se wa mwen ye. Mwen menm se pou sa mwen fèt, se pou sa mwen vini sou
tè a, pou m’ sèvi laverite a temwen: tout moun ki disip laverite a, yo koute
vwa m”.
Pilat di l’:
“Sa k’ laverite a”?
Kon l’ fin
di sa, li sòti ankò kot Jwif yo, li di yo: “Mwen menm mwen pa jwenn okenn kòz
nan li. Se yon abitid pou nou, pou m’ lage yon moun ba nou pou Pak la; èske nou
vle pou m’ lage wa Jwif yo ba nou”?
Yo leve vwa yo ankò yo tout, yo di:
“Pa sila a, men Barabas”. Barabas la se te yon asasen.
“Salu, wa Jwif yo”
Lè sa a atò, Pilat pran Jezi, li fè
bat li. Sòlda yo trese yon kouwòn ak pikan, yo mete sou tèt li, yo vlope l’ ak
yon manto wouj. Yo vin devan l’, yo t’ap di: “Salu, wa Jwif yo”; epi yo t’ap ba
l’ souflèt.
Pilat sòti ankò, li di: “Mwen mennen
l’ deyò ban nou, pou nou konnen mwen pa jwenn okenn kòz nan li”. Jezi sòti,
antan l’ pote kouwòn pikan an ak rad wouj la.
Li di yo:
“Men moun nan”.
Lè gran prèt
yo ak sèvitè yo wè l’, yo rele byen fò, yo di: “Kloure l’ sou kwa, kloure l’
sou kwa”.
Pilat di yo.
“Pran l’ nou menm kloure l’ sou kwa; mwen menm mwen pa jwenn kòz nan li”.
Jwif yo
reponn li: “Nou menm nou gen yon lalwa, daprè lalwa a, se pou l’ mouri, paske
li fè tèt li pase pou Pitit Bondye”.
Lè Pilat
tande pawòl sa a, li vin pi pè ankò. Li antre nan palè a ankò, li di Jezi:
“Kote w’ sòti”? Jezi menm pa reponn li anyen. Pilat di l’: “Ou pa pale avèk
mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa kloure ou sou kwa, epi mwen gen pouvwa lage
ou”?
Jezi reponn:
“Ou pa ta gen okenn pouvwa kont mwen, si yo pa t’ ba ou sa sot anwo. Se pousa sila a ki renmèt mwen nan
men w’ nan, li fè yon pi gran peche”.
“Wete
l’, wete l’ kloure l’ sou kwa”.
Depi lè sa
a, Pilat t’ap chèche lage l’. Jwif yo menm t’ap rele byen fò, yo t’ap di: “Si
ou lage moun sa a, ou pa zanmi Seza, paske tout moun ki declare l’ wa, li kont
Seza”. Pilat menm, lè l’ tande sa yo, li
kondui Jezi deyò li fè l’ chita sou fotèy tribinal la, kote yo rele Litostwotòs
la, nan langaj ebre se Gabata. Se te preparasyon Pak la, li te midi.
Li di Jwif yo: “Men wa nou an”.
Yo menm yo pouse rèl byen fò: “Wete
l’, wete l’, kloure l’ sou kwa”.
Pilat di yo:
“Wa nou an pou m’ ta kloure sou kwa”?
Prèt an chèf
yo reponn: “Nou pa gen dòt wa pase Seza”. Lè sa a atò, li renmèt li nan men yo
pou yo kloure l’ sou kwa.
“Yo kloure l’ sou kwa, epi
de lòt avèk li”.
Yo pran Jezi, yo sòti avèk li. Li
pote kwa a li menm menm, 1’ale kote yo rele kalvè a, nan langaj ebre se
Gòlgota, se la yo kloure l’ sou kwa; avèk li te gen de lòt, youn yon bò, lòt la
lòt bò a, Jezi menm nan mitan. Pilat te ekri rezon kondanasyon an, li te poze
l’ sou kwa a. Men sa k’ te ekri: “Jezi Nazarèt, wa Jwif yo”. Fraz sa a, anpil
Jwif te li l’, paske kote yo te kloure Jezi sou kwa a te tou pre lavil la, epi
yo te ekri l’ nan langaj ebre, grèk ak
laten.
Gran prèt Jwif yo t’ap di Pilat: “Pa
ekri wa Jwif yo, men sila a di: “Mwen se wa jwif yo”. Pilat reponn: “Sa m’ fin
ekri, li ekri”.
“Yo separe rad li”.
Sòlda yo menm lè yo fin kloure l’
sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pòsyon, yon pòsyon pou chak sòlda, epi
rad long nan. Rad long sa a te fèt san kouti, li te file alamen nèt,
depi anwo jous anba. Youn di lòt: “Nou p’ap chire l’, men n’ap tire l’ osò pou
nou wè ki moun k’ap jwenn li”. Se
pou pawòl Labib la te kapab reyalize, sa k’ di: “Yo separe rad mwen yo antre
yo, yo tire manto m’ nan osò”. Sòlda yo, se sa yo fè.
“Men pitit ou. - Men
manman ou”.
Sou kote kwa Jezi a, manman l’ te
kanpe, ni sè manman l’ nan, Mari Klewofas, ak Mari Madlèn. Lè Jezi wè manman l’
ak disip li te renmen an ki kanpe, li di manman l’: “Madanm, men pitit ou”;
aprè sa, li di disip la: “Men manman ou”. Depi lè sa a, disip la resevwa l’
lakay li.
(“Tout bagay fin
reyalize”)
Aprè sa, Jezi konnen tout bagay fin
reyalize, pou sa l’ ekri a te kapab reyalize, li di “Mwen swaf”. Te gen yon
veso plen vinèg ki te depoze la; yo menm yo pran yon eponj plen vinèg, yo mete
nan pwent yon branch izòp, yo pwoche l’ bò bouch li. Lè Jezi pran
vinèg la, li di: “Tout bagay fini”. Li bese tèt li, li renmèt lespri a.
(Isit la, yo fè
jenifleksyon, yo poze yon ti moman)
Jwif yo menm, kòm se te preparasyon
Pak la, pou kò yo pa rete sou kwa a jou saba a, (sèke se te gran jou saba jou
sa a), yo mande Pilat pou yo kraze janm yo, pou yo wete yo. Sòlda yo vini, yo kraze
janm premye a ak lòt la ki te kloure a avèk li a. Men lè yo rive sou Jezi, kòm
yo wè li te deja mouri, yo pa kraze janm li, men youn nan sòlda yo louvri kòt
li ak pik li a, menm lè a dlo ak san sòti.
“Yo
mare kò Jezi ak bann twal avèk losyon”.
Aprè bagay
sa yo, Jozèf moun Arimati a, mande Pilat pou l’ wete kò Jezi, se disip Jezi li
te ye, men an kachèt paske li te pè Jwif yo. Pilat ba l’ pèmisyon. Li rive li
pran kò Jezi.
Nikodèm rive
tou, li menm ki te vin kot Jezi nannuit premye fwa a, li pote yon melanj lami
ak alwès, apeprè san liv. Yo
pran kò Jezi, yo mare l’ ak bann twal avèk losyon yo, jan Jwif yo abitye antere
mò yo. Te gen yon jaden kote yo te kloure Jezi sou kwa a; nan jaden sa a te gen
yon kavo tou nèf, kote yo pa t’ ko met pèsòn, se la yo mete Jezi akòz
preparasyon Pak Jwif yo, paske kavo a te tou pre. Se la yo te mete Jezi.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Pwofèt Izayi prezante nou Jezi tankou sèvitè
k’ap soufri a. Sa vle di, anpil ane anvan, li te deja anonse kisa ki te ret ap
tann Jezi, tout soufrans li te genyen pou l’ rankontre sou chemen misyon li. Tout sa, poutèt peche
nou yo, li chaje kwa a sou do l’.
Levanjil Jan ki sen an ap mete aklè tout sa pwofèt la te
anonse depi byen lontan osijè Jezi. Yo arete l’ tankou yon bandi, yo krache nan
figi l’, yo mete kouwòn pikan sou tèt li jous li rive mouri sou yon kwa. Èske
nou kwè Pitit Bondye a te merite sa ? Non. Se pa yon aza. Sèke Jezi te gen
yon misyon byen detèmine : pran lanmò pou l’ te kapab ban nou lavi. Jezi te
dakò misyon sa a ke Papa a te konfye l’ la. Se sa k’ fè nan dezyèm moso Labib
la, nan lèt pou Ebre yo, yo prezante Jezi kòm Gran Prèt an chèf ki soufri
feblès nou avèk nou, ki pote chay peche nou yo e ki obeyi jis nan dènye bout,
san li pa di yon mo, tankou yon mouton y’ap mennen labatwa. Li te lage tout
bagay nan men Bondye paske vrèman li te konnen Li pa t’ap kite l’ pran wont. Se
sa nou jwenn nan sòm 30 la ke yo pwopoze nou pou reflekyon jodi a.
Nou menm tou, jodi a, ann gade lavi nou. Èske nou janm pran
yon ti tan pou n’ gade, pou n’ reflechi sou sans soufrans Jezi nan lavi nou, ki
fè nou gen diyite pitit Bondye ? Ann gade tou kòman nou reyaji devan
soufrans, devan imilyasyon, devan mechanste n’ap sibi nan men lèzòm. Devan tout
bagay sa yo, nou fèt pou nou kenbe fèm, pandan n’ap gade Jezi sou kwa a, konsa
chay nou yo va vin lejè, paske li toujou prè pou l’ede nou.
LAPRIYÈ : Jezi gran frè mwen, m’ap mande w’ mete fòs ou te genyen
anba kwa nan feblès mwen yo, konsa m’a gen kouraj pou m’ pote kwa lavi a, pou
m’ kapab rive nan dènye bout.
PWOPOZISYON : Mwen vle pran yon ti tan
chak jou, pou m’ reflechi sou enpòtans soufrans Jezi yo genyen nan lavi m’epi
ede lòt moun reflechi sou enpòtans soufrans sa yo nan lavi yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario