Koulè Blan
Jodi a Legliz la pa fè
selebrasyon litijik sof sa yo rele « Liturgie des Heures). Se jou yo kapab
pote lakominyon bay moun ki malad.
VEYE PAK LA NAN NUIT KI SEN AN
SIYIFIKASYON VEYE PAK LA :
1. Daprè yon abitid ki la lontan anpil, nuit sa a, se
Granmèt la ki mande pou yo obsève l’ (Ekzòd 12, 42), konsa, daprè avètisman
Levanjil la (Lik 12, 35s), fidèl yo kenbe lanp yo limen nan men yo, yo sanble
ak moun k’ap tann Granmèt la, lè l’ap retounen ; konsa lè l’ rive, li
jwenn yo ap veye, l’ap fè yo pran plas sou tab li.
2. Men kijan veye nuit sa a konpoze: aprè yon ti seremoni
limyè (premye pati veye a), Legliz la ki sen an ap kalkile mèvèy Granmèt Bondye
a fè pou pèp li nan kòmansman, pèp sa a ki te mete lafwa nan pawòl li a ak nan
pwomès li a (dezyèm pati, sa vle di seremoni pawòl la), joustan lè jou a pwoche
pou Granmèt la leve sot nan pami mò yo, ansanm avèk nouvo manb yo ki refèt nan
batèm nan (twazyèm pati). Granmèt la rele fanmi li vin sou tab la, sa l’ te
pare pou pèp li a, antan li t’ap mouri pou l’ leve byen vivan (katriyèm pati).
3. Nota Bene.
Nan nuit sa a ki sakre anpil
la, kote Granmèt nou Jezikri te travèse sot nan lanmò al nan lavi a, Legliz la
envite pitit li yo ki gaye sou fas tè yo, pou yo rasanble vin veye, ak lapriyè.
Si n’ap reyalize souvni Pak Granmèt la, antan n’ap koute pawòl li, n’ap fete
mèvèy sakre l’ yo, n’ap gen espwa patisipe nan laviktwa l’ ranpòte sou lanmò a
pou nou viv avèk li nan Bondye.
-. Tout seremoni veye pak la gen pou l’ fèt nan nuit.
Konsa, li p’ap kòmanse anvan kòmansman nannuit la, epi l’ap fini anvan devan
jou dimanch la.
-. Mès nan nuit la, menm si l’ fèt anvan minui, se mès
pak dimanch rezireksyon an.
-.Moun ki patisipe nan mès nan nuit la, yo kapab kominye
ankò nan yon dezyèm mès Pak la.
*****
TÈKS YO LI POU VEYE PAK
LA :
PREMYE LEKTI : LEKTI
LIV LAJENÈZ 1, 1-2. 2
OUBYEN PI
KOUT: LEKTI LIV LAJENÈZ 1, 1. 26-31ª
SÒM: 103, l-2a. 5-6.
10 e 12. 13-l4. 24 e 35
OUBYEN:
SÒM 32, 4-5. 6-7. 12-13. 20 e 22
DEZYÈM
LEKTI: LEKTI LIV
LAJENÈZ 22, 1-18
SÒM:
15, 5 e 8. 9-10. 11
TWAZYÈM
LEKTI: LEKTI LIV EKZÒD
14, 15-15. 1
SÒM: Ekzòd 15. 1-2.
3-4. 5-6. 17-18
KATRIYÈM
LEKTI: LEKTI LIV
PWOFÈT IZAYI 54, 5-14
SÒM: 29, 2 e 4. 5-6.
11 e 12a e 13b
SENKYÈM
LEKTI: LEKTI LIV
PWOFÈT IZAYI 55, 1-11
SÒM: Izayi 12, 2-3,
4bcd. 5-6
SIZYÈM
LEKTI: LEKTI LIV
PWOFÈT BARUK 3, 9-15. 31- 4, 4
SÒM: 18, 8. 9. 10. 11
SETYÈM
LEKTI: LEKTI LIV
PWOFÈT EZEKYÈL 36, 16-17a. 18-28
SÒM: 41, 3. 5bcd; Ps
42, 3. 4
OUBYEN, LÈ GEN BATÈM: Izayi 12
tankou pi wo a (aprè senkyèm lekti a)
OUBYEN ANKÒ:
sòm 50, 12-13. 14-15. 18-19
EPIT: LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 6, 3-11
SÒM: 117, 1-2.
16ab-17. 22-23
LEVANJIL: LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ MAK
16,1-7
No hay comentarios:
Publicar un comentario