PREMYE LEKTI
"Sa a se yon
nasyon ki pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la".
NAN LIV PWOFÈT
JEREMI 7, 23-28
Men
pawòl Granmèt la:
"Mwen
te pase yo lòd daprè pawòl sa a, mwen te di: "Se pou nou koute vwa m’,
m’ap Bondye pou nou, n’ap pèp pou mwen; se pou nou mache nan tout chemen m’ap
kòmande nou, pou sa kapab bon pou nou".
Men yo pa koute, yo pa
panche zòrèy yo, men yo pati daprè volonte yo, daprè move panchan kè yo, yo
rekile, yo pa avanse, depi jou mwen te fè zansèt yo sòti nan peyi Lejip la jous
jodi a.
Mwen voye tout sèvitè m’
yo, pwofèt yo, kote nou, mwen leve byen bonè chak jou, mwen voye yo; men yo pa
koute m’, yo pa panche zòrèy yo, okontrè yo fè kou yo vin rèd, yo aji pi mal
pase zansèt yo.
W’a di yo tout pawòl sa
yo, yo p’ap koute ou. W’ap rele yo, yo p’ap reponn ou. W’ap di yo: "Sa a
se yon nasyon ki pa koute vwa Granmèt Bondye l’ la, ki pa resevwa ledikasyon.
Lawa a peri, li sòti sot nan bouch yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 94, 1-2. 6-7. 8-9
R/ Si jodi a, nou te kapab
koute vwa Granmèt la: "Pa fèmen kè nou".
Vini,
an nou fete pou Granmèt la; an nou fè fèt pou Bondye delivrans nou an.
An
nou pwoche devan fas li avèk lwanj, avèk sòm an nou fè fèt pou li.R.
Vini,
an nou adore l’, an nou bese atè, an nou met jenou atè devan Granmèt la ki fè
nou, paske se li menm ki Bondye nou, nou menm nou se pèp pak li, mouton men l’.R.
Jodi a si nou te kapab
koute vwa l’: "Pa fèmen kè nou, tankou nan Meriba daprè jou Masa nan
savann nan, kote zansèt nou yo te eseye m’ nan, yo te sonde m’, malgre yo te wè
travay mwen".R.
LEVANJIL
"Moun ki pa avèk
mwen, li kont mwen".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
11, 14-23
Lè
sa a :
Jezi
t’ap chase demon, demon an te baba. Kon l’ fi n’ chase demon an, baba a pale,
foul yo te sezi. Kèk moun nan yo t’ap di :
"Se pa pouvwa Bèlzeboul, chèf demon yo, l’ap chase demon yo". Dòt
menm t’ap sonde l’, yo t’ap mande l’ yon siy ki sot nan syèl la.
Li menm, kòm li te wè
panse yo, li di yo : "Tout peyi wa ki an dezakò sou pa andan, l’ap vin
tounen yon savann, kay ap tonbe sou kay. Konsa si Satan an dezakò sou pa andan,
kijan rèy li ap fè kanpe ? Paske nou di se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon
yo. Si mwen menm se pa pouvwa Bèlzeboul m’ap chase demon yo, pitit nou yo menm
pa pouvwa kilès y’ap chase yo ? Se pousa se yo menm k’ap pije nou. Men si se pa
pouvwa dwèt Bondye m’ap chase demon yo, sèke rèy Bondye a tou rive sou nou.
Lè
yon moun byen ame, l’ap gade lakou l’, tout sa l’ posede, yo asire. Men si yon
moun ki pi fò pase l’ vin rive, epi li ranpòte laviktwa sou li, li pran tout
zam yo kote li te mete konfyans li a, epi li separe sa l’ pran yo.
Moun ki pa avèk mwen, li kont mwen, moun
ki pa ranmase avèk mwen, l’ap gaye.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
a, nan pwoklamasyon Pawòl Bondye a, prezans demon an manifeste yon lòt fwa
ankò. «Jezi t’ap chase demon, demon an te baba.» (Lik 11,14). Chak fwa ke tèks
yo pale nou de demon, petèt nou santi nou yon ti jan mal alèz. Antouka, pa gen
dout ke demon an ekziste e li gen rasin an pwofondè ke nou pa ka elimine
totalman. Men tou, pèsonn pa kapab inyore ke mal la gaye toupatou: l’ap travay
tout tan e nou pa ka fin gen kontwòl li. Men Jezi te vini pou konbat tout fòs mal,
demon an. Sèl Jezi ki ka chavire li.
Yo
fè manti sou Jezi e yo akize li : demon an kapab fè anpil bagay. Alòske foul la
t’ap admire kalite mirak Jezi te sot akonpli, kèk moun nan yo t’ap di :
"Se pa pouvwa Bèlzeboul, chèf demon yo, l’ap chase demon yo" (Lik
11,15).
Repons Jezi a montre
kijan agiman ènmi li yo te san fondman, san baz solid. An pasan, repons sa a se yon apèl pou nou tout mete
tèt nou ansanm. Divizyon an se yon pwazon ki kapab detwi nou. San dout, youn
nan siy mal l, se divizyon ak enkonpreyansyon nou genyen antre nou menm.
Malerezman nan mond n’ap viv jodi a, se kalite move lespri sa ki anpeche nou
youn konprann lòt, ki fè nou youn pa vle rekonèt lòt.
Li bon pou nou reflechi
sou patisipasyon pa nou nan kwape demon, oubyen nan refize sa ki mal. An nou
mande tèt nou: Èske mwen fè sa ki nesesè pou Granmèt la kapab libere mwen ak sa
ki mal pa anndan? Èske
mwen kopere pou sa fèt? Paske «se nan kè moun ke tout move panse sòti» (Mt 15,
19). Li enpòtan pou nou rekonèt kijan kolaborasyon pèsonèl nou trè enpòtan.
Se
pou Mari entèsede bò kote pitit li a li renmen anpil la pou nou, pou li kapab
libere kè nou ak mond la anba tout mal (lagè, zak teworis, move trètman, tout
fòm vyolans). Mari, ou menm ki Manman Legliz la ak Rèn Lapè, tanpri priye pou
nou!
LAPRIYÈ: Bondye, tanpri delivre nou anba pouvwa move lespri. Pa
pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON:M’ap kesyone pwòp aksyon mwen, antan m’ap chèche
konprann ki sa ki pouse mwen aji, si se Bondye oubyen demon an.
No hay comentarios:
Publicar un comentario