Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"N’a obsève kòmandman yo, n’a reyalize yo nan
aksyon nou".
NAN LIV DETEWONÒM
4, 1. 5-9
Moyiz pale ak pèp la, li
di:
"Koulye a, Izrayèl,
koute kòmandman ak jijman, sa m’ap aprann ou, pou ou reyalize, pou ou kapab
viv, pou ou kapab antre nan peyi a, pou ou posede l’, sa Granmèt Bondye zansèt
ou yo ap ba ou a.
Nou konnen mwen aprann
nou kòmandman avèk jistis; jan Granmèt Bondye m’ nan te kòmande m’ nan, se
konsa pou nou aji nan peyi a n’a pral posede a; n’ap obsève yo, n’a reyalize yo
nan aksyon nou. Sa a se sajès nou ak entelijans nou devan pèp yo, pou lè yo
tande tout kalite kòmandman sa yo, yo di: "Men yon pèp ki gen sajès, ki
entelijan, yon gran nasyon"!
Pa gen yon lòt nasyon ki
tèlman gran, ki kapab gen dye yo pre l’, tankou Bondye nou an prezan pou nou
tout k’ap lapriyè l’. Kilès lòt nasyon ki tèlman gran pou l’ gen seremoni ak
jijman kòrèk ak tout lalwa a, sa m’ prezante jodi a devan je nou an?
Konsa se pou ou kenbe
pwòp tèt ou, se pou ou veye sou nanm ou. Pa bliye pawòl yo, sa je ou wè yo, yo
pa dwe sot nan kè ou pandan tout tan w’ap viv. W’a aprann pitit ou yo sa ni
neve w’ yo".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 147, 12-13. 15-16. 19-20
R/ Fè lwanj Granmèt la,
Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la,
Jerizalèm; fè lwanj Bondye w’, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt
pòtay ou yo, li beni pitit ou yo andan ou.R.
Li menm ki voye pwomès li
sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri.
Li menm ki bay lanèj
tankou lenn, li simen lawouze tankou sann.R.
Li menm ki anonse pawòl
li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl.
Li pa aji konsa avèk tout
nasyon, li pa montre yo jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 5, 17-19
Lè sa a: Jezi di disip li
yo:
"Pa konprann mwen
vini pou m’ defèt Lalwa a oubyen Pwofèt yo: mwen pa vin pou m’ defèt, men pou
m’ reyalize. An verite mwen di
nou sa, joustan syèl la ak tè a pase, yon ti “i” oubyen yon ti trè p’ap pase
sot nan lalwa a, joustan tout bagay reyalize.
Konsa
moun k’ap defèt youn nan pi piti kòmandman sa yo, epi k’ap aprann lèzòm fè menm
jan, y’ap rele l’ pi piti nan rèy syèl la; men moun k’ap fè sa lalwa mande epi
k’ap aprann lòt yo fè menm jan an, moun sa a y’ap rele l’ gran nan rèy syèl
la".
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan
levanjil jodi a, Jezi vle fè limyè sou sans misyon li sou tè a. Petèt mesaj li
a kapab yon desepsyon pou sila yo ki t’ap tann yon sovè k’ap vin chanje tout
bagay. Petèt te genyen lòt ki te santi yo dezole ak pwojè Jezi a. Nou imajine
ke Jezi t’ap pale nan yon kominote pòv, kote moun yo t’ap sibi tout kalite
pèsekisyon, kote yo pa t’ anpè, kè yo pa t’ kontan, kote yo t’ap espere yon
chanjman nan jan bagay yo t’ap fèt la.
Men,
anvan Jezi ale pi lwen nan mesaj li a, li pran tan pou l’ presize ki sans
misyon li an genyen: “mwen pa vini pou m’ defèt, men pou m’ reyalize...” Fraz
sa kapab ede nou konprann vrè sans mesaj Jezi a, yon mesaj ki pozitif, yon
mesaj ki envite n’ konstwi apati de sa ke nou genyen e de sa ke nou ye. Se
yon lòt mantalite ke Jezi vin pwopoze nou. Lalwa pa yon fren oubyen yon barikad
pou Jezi, men se yon enstriman pou fè mesaj li a pase pi byen. Li pa genyen pretansyon ke
mesaj li a pi bon ke mesaj pwofèt yo, men li sèlman vin ranfòse yo epi fè tout
moun rive konnen sans yo. Epi
pi lwen li fè nou konnen ke menm yon yota li pa genyen entasyon retire nan sa
ki te di deja.
Paske tout sa ki te ekri
nan Bib la genyen pou l’ reyalize, jan ke yo te anonse l’ la. Men Jezi pa
sispann eksplike sans misyon li a, li pa esklav Lawa, li vini pou li akonpli
pwomès Bondye Papa te fè pèp li a depi plizyè lane, pwomès liberasyon an.
Yon mesaj ki envite nou
panse sou sans lavi nou kòm kretyen. Se yon apèl pou nou viv tankou frè e pou
nou pratike tout valè ki kapab ede lòt yo rankontre ak Bondye. Yon fwa anplis, Jezi vle raple nou vrè sans lavi nou.
Lavi chak moun fèt ak de kalide pyès: youn ansyen, lòt la nouvo; kidonk yon
nouvèl vi pa dwe antre an konfli ak yon vi pase. Aksepte sa ke nou ye kòm pechè
pou nou kapab grandi selon pawòl Granmèt la.
Selon
Jezi, sa ki enpòtan nan lavi yon moun ki vle swiv li, se rive mete pawòl
Granmèt la nan sant lavi li. Yon envitasyon pou nou dosil e chèche konprann
tout moun. Yon envitasyon ki raple n' ke nou dwe mete lòd nan lavi nou kòm moun
epi kòm kreyen.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi pou pawòl ou a ki ede nou konprann
pou kisa ou te vini sou tè a; tanpri ba nou fòs ak kouraj pou nou kapab
kolabore nan fè mesaj ou a rive pi lwen. Amen!
PWOPOZISYON: Konbyen fwa nan lavi mwen mwen bay yon bagay plis
enpòtans pase yon moun?
No hay comentarios:
Publicar un comentario