Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Ak
kè nou kraze, ak lespri nou rabese, w’ap resevwa nou".
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 3,25.34-43
Jou sa yo:
Azaryas kanpe, li lapriyè
konsa: li louvri bouch li nan mitan dife a, li di:
"Tanpri, pa lage nou
pou tout tan poutèt non ou, pa kase contra w’ la, pa wete kè sansib ou a sot
nan nou, poutèt Abraam, sila a ou renmen an, ak Izaak sèvitè w’ la, ak Jakòb
sen w’ nan, yo menm ou pale ak yo a, antan ou te pwomèt ou t’ap fè ras yo vin
anpil tankou zetwal syèl la ak tankou sab ki sou bò lanmè a.
Sèke, Granmèt, nou vin pi
piti pase tout nasyon yo, nou vin rabese sou tout tè a jodi a poutèt peche nou
yo, nan tan sa a pa gen wa ni chèf ni pwofèt, ni sakrifis antye, ni sakrifis,
ni kado, ni lansan, ni kote pou yo ofri premye fwi devan ou, pou nou kapab
jwenn kè sansib ou.
Men ak kè nou kraze, ak
lespri nou rabese w’ap resevwa nou; tankou ak sakrifis antye bouk ak towo, ak
tankou avèk mil mouton gra, se konsa pou sakrifis nou an ye jodi a devan ou,
pou l’ fè ou plezi, paske pa gen lawont pou moun ki met konfyans nan ou.
Koulye a n’ap suiv ou ak
tout kè nou, n’ap respekte ou, n’ap chèche fas ou. Pa fè nou wont, men aji avèk
nou daprè bon kè ou, daprè tout pakèt kè sansib ou, delivre nou, ak mèvèy ou
yo, fè wè bèlte non ou, Granmèt".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 24, 4bc-5ab. 6-7bc. 8-9
R/ Sonje kè sansib ou yo,
Granmèt.
Chemen w’ yo, Granmèt,
montre m’ yo, santye w’ yo, aprann mwen yo.
Dirije m’ nan verite w’
la, ban m’ leson, paske ou se Bondye delivrans mwen.R.
Sonje bon kè ou, Granmèt,
ak kè sansib ou, paske se depi tout tan yo ekziste.
Daprè kè sansib ou, sonje
m’, poutèt bon kè ou, Granmèt.R.
Granmèt la bon, li kòrèk,
poutèt sa, li aprann pechè yo chemen l’;
l’ap dirije moun ki dosil
yo nan jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
LEVANJIL
"Si nou chak pa
padonnen frè l’, Papa nou p’ap padonnen nou tou".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18,
21-35
Lè
sa a:
Pyè
pwoche kot Jezi, li di: "Granmèt, konbyen fwa pou frè m’ fè peche kont
mwen, pou m’ padonnen l’? Èske se sèt fwa"?
Jezi
di l’: "Mwen pa di ou jouska sèt fwa, men jouska swasant dis fwa sèt fwa.
Se pousa rèy syèl la
sanble ak yon wa ki te vle regle avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse regle sa yo
te dwe l’, yo mennen youn ba li ki te dwe l’ di mil pyès lajan. Kòm li pa t’
gen dekwa pou l’ te renmèt, mèt li pase lòd pou yo vann li ansanm ak madanm li
ak pitit li yo ak tout sa l’ te genyen, pou l’ kapab renmèt.
Sèvitè a lage kò l’ atè,
li lapriyè l’, li di: "Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout
bagay". Mèt sèvitè sa a pran pitye pou li, li lage l’, li efase dèt la pou
li.
Men sèvitè sa a sòti, li
jwenn youn nan sila yo ki te sèvitè ansanm avèk li yo, ki te dwe l’ san pyès
lajan; li kenbe l’ pou l’ toufe l’, li di: "Renmèt sa ou dwe". Lòt
sèvitè a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: "Pran pasyans avèk mwen,
m’ap renmèt ou tout bagay". Li menm menm li pa vle, li pati, li voye mete
l’ nan prizon, joustan li renmèt dèt li.
Lè lòt sèvitè yo wè sa k’
pase, yo pran lapenn anpil: yo rive, yo rakonte mèt li tout sa k’ te rive.
Lè sa a atò, mèt li rele
l’, li di l’: "Move sèvitè, tout dèt ou, mwen te efase l’ pou ou, paske ou
te lapriyè m’; èske ou pa t’ dwe pran pitye pou sèvitè parèy ou a, menm jan
mwen menm mwen te pran pitye pou ou a"? Mèt li fache, li renmèt li nan men gad yo, joustan li
renmèt tout dèt li.
Se
konsa Papa m’ ki nan syèl la ap fè nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak
tout kè nou".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Pawòl
Bondye jodi a trè ekzijan. Li mande nou pou nou fè yon bagay ki pa fasil ditou.
Nan Levanjil la Sen Pyè pwoche kot Jezi, li di l’, ou mande m’ pou m’ padone sa
yo ki fè m’ mal, men ou pa di m’ konbyen fwa m’ dwe padone yo. Paske
se chak jou moun sa yo ap fè m’ mal e ou mande m’ pou m’ padone yo, eskè mwen
dwe toujou padone oubyen èske padon sa gen limit li? Pyè mande Jezi èske se sèt
fwa li dwe padone.
Jezi ki se ekzanp renmen
ak padon an di Pyè ke renmen ak padon pa dwe gen limit. Nou pa dwe janm sispann
padone frè ak sè nou yo malgre tout mal yo fè nou. Li di Pyè mwen pa di w’
padone sèt fwa, men swasant disèt fwa sèt fwa. Kantite sa Jezi bay Pyè a vle di
ke nou menm k’ap swiv Jezi nou pa dwe gen rayisans nan kè nou pou sa yo ki pa
vle wè nou yo. Yon moun ki gen kè di pa fè sa Bondye mande, paske padon ak
renmen se ekzanp nou dwe swiv kòm kretyen. Nan ti tan Jezi te pase sou tè a
avèk nou an, li te montre nou aklè kijan nou dwe padone.
Malgre jwif yo te
maltrete l’, yo te imilye l’, jiskaske yo te kloure l’ sou yon kwa, men li te
priye Papa a ki nan syèl la pou yo. Li pa t’ mande Papa a pou l’ vanje ak yo,
pou l’ touye yo; men li te di Papa a padone yo, paske yo pa konnen sa y’ap fè.
Pa gen pi gwo jès lanmou ke sa.
Levanjil jodi a, frè m’
ak sè m’ yo montre nou aklè ke nou p’ap sèvi yon Bondye ki gen kè di, ki rann
mal pou mal, men n’ap sèvi yon Bondye ki gen konpasyon ki toujou prè pou l’
padone pitit li yo.Menm si nou tonbe plizyè fwa, men li ba nou chans pou n’
kapab leve epi kontinye mache. Tout sa se paske li renmen nou san kondisyon, li
pa ta vle youn nan nou pèdi, li ta vle nou tout sove pou n’ ka al viv nan syèl
la ansanm ak zanj yo. Bondye
nou an san parèy, kè l’ sansib anpil pou nou, li tèlman renmen nou.
Men
nou menm frè m’ ak sè m’ yo fòk nou pa pran abitid nan plede fè peche paske nou
konnen Bondye ap padone nou. Lè nou fè sa nou fè l’ soufri paske menm lè li
toujou prè pou l’ padone nou, li pa renmen lè n’ap benyen nan labou peche a.
Sakreman padon an se Bondye menm ki mete l’ nan Legliz la. Li
bay pè yo pouvwa pou yo padone peche nou. Padon sa se yon fason pou Bondye di
nou li renmen nou e li vle fè wout ak nou.
LAPRIYÈ:
Bondye papa, sous mizerikòd ou pa janm
sispann koule nan lavi nou. Tanpri aprann nou gen mizerikòd pou frè ak sè nou
yo menm jan ak ou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON:
Sonje tout moun ou kenbe sou kè ou. Libere yo jodi a. Souri ak yo, ba yo yon
gwo akolad ki pa mele ak ipokrizi. Padone si ou vle resevwa padon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario