Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Te gen anpil
moun maladi lalèp nan Izrayèl, pèsonn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen
an".
NAN DEZYÈM LIV WA YO 5,
1- 15a
Jou sa yo:
Naaman, chèf lame wa Siri
a, se te yon mesye ki te gen gran plas kay mèt li, li te gen gwo grad: sèke se
pa lentèmedyè l’ Granmèt la te bay Siri delivrans; se te yon mesye ki te gen
pouvwa, ki te rich, men li te gen maladi lalèp.
Yon lè, gen bandi ki sòti
Siri, yo mèt men sou yon ti fi nan peyi Izrayèl la, ti fi a vin nan sèvis
madanm Naaman. Li di metrès li: "Pa pito mèt mwen t’al kot pwofèt ki
Samari a! Sètènman li t’ap
geri l’ sot nan lalèp li genyen an".
Konsa
Naaman antre kay mèt li, li ba l’ nouvèl, li di: "Se tèl jan ak tèl manyè
ti fi peyi Izrayèl la pale ak mwen".
Wa
Siri a di l’: "Ale, m’ap voye lèt bay wa Izrayèl la".
Li
pati, li pran dis pyès lajan avèk li, ak sis mil pyès lò ak dis bèl rad, li
renmèt wa Izrayèl la lèt yo, men pawòl lèt yo: "Lè w’ap resevwa lèt sa a,
w’a konnen mwen voye Naaman sèvitè m’ nan kote ou pou w’ geri l’ sot nan maladi
lalèp li a.
Lè
wa Izrayèl la li lèt yo, li chire rad li, li di: "Èske se Bondye mwen ye,
pou m’ kapab touye, pou m’ kapab bay lavi, ki fè sila a voye kote m’ nan, pou
m’ geri yon moun sot nan lalèp li a: konsidere sa pou nou wè si se pa okazyon
l’ap chèche pou l’ fè kont avèk mwen".
Lè
Elize, moun Bondye a tande wa a te chire rad li, li voye kote l’, li di:
"Poukisa ou chire rad ou a? Vin kote m’ w’a konnen gen yon pwofèt nan
Izrayèl".
Konsa
Naaman rive ak chwal li, ak kawòs li, li kanpe devan pòt kay Elize. Elize voye
yon mesaje kote l’ pou l’ di: "Al lave kò ou sèt fwa nan Jouden an, chè
w’ap rekòmanse jwenn lasante, w’ap geri".
Naaman
fache, li kòmanse rekile pou l’al fè wout li, li di: "Mwen te panse li
t’ap sòti vin jwenn mwen, li t’ap kanpe pou l’ rele non Granmèt Bondye l’ la,
li t’ap touche kote m’ gen lalèp la ak men l’, li t’ap geri m’. Èske
gran larivyè Damas yo Anama ak Farfar pa pi bon pase tout dlo Izrayèl yo, pou
m’ t’a lave kò m’ nan yo, pou m’ ta geri"?
Kòm li t’ap vire pou l’al
fè wout li byen fache, sèvitè l’ yo pwoche kote l’, yo di l’: "Papa, si se
yon gran bagay pwofèt la te di w’, sètènman ou t’ap fè l’; ou gen plis rezon
pou ou fè sa l’ di w’ koulye a: "Lave kò ou, w’ap geri".
Li desann, li lave kò l’
nan Jouden an sèt fwa daprè pawòl moun Bondye a, chè l’ vin an sante tankou chè
yon timoun piti, li geri.
Li tounen kot moun Bondye
a ansanm ak tout gwoup li a, li rive, li kanpe devan l’, li di: "Reyèlman
vre, mwen konnen pa gen dòt Bondye sou tout tè a, sof nan Izrayèl. Mwen lapriyè w’ pou w’ resevwa benediksyon nan men
sèvitè w’ la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 41, 2. 3; 42, 3. 4
R/ Nanm mwen swaf kot Bondye vivan an; kilè m’ap parèt devan fas Bondye.
Tankou yon belye anvi al
nan sous dlo yo, konsa nanm mwen anvi al kote ou, Bondye.R.
Nanm
mwen swaf Bondye, Bondye vivan an; kilè m’a pral parèt devan fas Bondye? R.
Voye
limyè w’ la ak verite w’ la; pou yo kondui m’, pou yo mennen m’ sou mòn ou a ki
sen an, ak nan joupa w’ la.R.
M’ap
antre kot lotèl Bondye a, kot Bondye kè kontan mwen an. M’ap fè lwanj ou sou
gita, Bondye m’.R.
LEVANJIL
"Tankou Eli ak
Elize, se pa pou Jwif yo sèlman yo te voye Jezi".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
4, 24- 30
Lè
Jezi rive Nazarèt, li di pèp la nan kay reyinyon an;
"An
verite mwen di nou, okenn pwofèt pa jwenn moun lakay li resevwa l’ byen.
Se laverite mwen di nou,
te gen anpil vèv sou tan Eli nan Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twazan ak
si mwa a, lè te gen gwo grangou sou tout tè a; men se pa kot youn nan yo yo te
voye Eli, sof kot vèv la nan Sarepta Sidon an. Te gen anpil moun maladi lalèp
nan Izrayèl sou tan pwofèt Elize; youn nan yo pa t’ geri, sof Naaman Siryen
an".
Tout
moun nan kay reyinyon an plen ak kòlè, lè yo tande sa. Yo
leve, yo chase l’ sot nan lavil la; yo kondui l’ sou tèt mòn nan, kote lavil yo
te bati a, pou yo jete l’ anba. Li menm menm, li pase nan mitan yo, 1’al fè
wout li.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Sen Lik prezante nou nan Levanjil jodi a, imaj yon
Jezi ke yo rejte. Jezi divize sosyete a akoz gwo pawòl li t’ap plede di yo,
pawòl nèg brav, pawòl ki deranje moun; poutèt sa yo vle touye l’.
Men, poukisa moun ki sòti
nan pwòp zòn Jezi pa vle wè l’ konsa? Rezon an senp. Jezi te pote yon nouvèl
pou moun sa yo ki te blese yo. Li t’ap pale yon pawòl ke yo pa t’ janm tande.
Li t’ap preche renmen ak rekonsilyason, li t’ap denonse ipokrizi ki te kache
dèyè bèl aparans. Tèks jodi a montre nou ke se pa tout moun ki janm prè pou yo
akeyi limyè a. Toujou gen moun ki toujou vle rete nan fènwa, paske limyè a mete
a klè tout vye bagay y’ap fè.
Nou menm frè m’ ak sè m’
yo, pafwa nou gen dwa al nan misyon, pou n’al preche pawòl renmen ak verite a,
epi anpil moun rayi nou, yo menm vle touye nou pou tèt sa. Nou pa dwe janm
dekouraje paske, se menm chemen ak Jezi pou nou fè: chemen konviksyon ak
detèminasyon, chemen soufrans ak viktwa. Pwòp fanmi nou kapab tounen ènmi nou
poutèt pawòl Kris la, paske se pa tout moun ki gen entelijans pou konprann sans
pawòl sa. Sa parèt grav anpil ke se nan pwòp zòn Jezi ke yo te kouri dèyè l’
paske li t’ap pale verite. Men kòm nou wè, yon pwofèt pa janm twò byen akeyi
nan zòn li.
Se pou pawòl Bondye pou
jodi a ede nou pran fòs pou nou kapab ranpli misyon nou, atan n’ap pran ekzanp
sou Jezi ki fè fas ak tout difikilte yo pou li te reyalize misyon Papa li te
konfye li a, ki se libere tè a anba antrav tout fòs fènwa ak lanmò.
LAPRIYÈ:
Granmèt, tanpri, ranpli mwen ak Lespri Fòs
ou a pou mwen ka reyalize misyon mwen kòm batize, kòm disip-misyonè Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Anprann apresye, valorize sa ki bon nan yon moun.
Ankouraje tèt ou epi ankouraje moun nan fè sa ki byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario