Koulè Vyolèt
TWAZYÈM DIMANCH KARÈM, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Yo bay lalwa a pa lentèmedyè
Moyiz".
LEKTI LIV EGZÒD
20, 1-17
Jou sa yo:
Granmèt la pale tout pawòl
sa yo:
"Mwen se Granmèt
Bondye ou la, ki te fè ou la, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la, nan kay
esklavaj la.
Ou p’ap gen dye etranje
devan m’.
Ou p’ap fè pòtre zidòl,
ni okenn pòtre bagay ki nan syèl la anwo a oubyen ki sou tè a anba a, ni bagay
ki nan dlo yo anba tè a.
Ou p’ap adore yo, ou p’ap
fè sèvis pou yo. Se mwen menm Granmèt Bondye w’ la, ki fò, ki jalou, ki vizite
fot papa yo sou pitit yo nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon moun yo ki rayi m’
yo, epi ki fè kè m’ sansib pou mil moun ki renmen m’ yo, ki kenbe lòd mwen yo.
Ou p’ap pran non Granmèt
Bondye ou la pou granmesi; sèke Granmèt la pa kite moun sa a san pinisyon, sa
k’ pran non Granmèt Bondye l’ la pou granmesi a.
Sonje pou ou fè wè jan
jou saba a sen; pandan sis jou w’ap travay, w’ap fè tout travay ou; setyèm jou
a menm se saba Granmèt Bondye w’ la; ou p’ap fè okenn travay nan li, ni ou menm
ni pitit gason ou, ni pitit fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèt chaj ou,
ni etranje ki andan lavil ou yo. Pandan sis jou Granmèt la te fè syèl la ak tè
a ak lanmè a ak tout sa k’ nan yo, epi li repoze nan setyèm jou a; se pousa
Granmèt la beni jou sa a, li fè l’ sen.
Respekte papa ou ak manman ou, pou ou viv
lontan sou tè a, sa Granmèt Bondye w’ la ap ba ou a.
Ou p’ap touye.
Ou p’ap fè adiltè.
Ou pap vòlè.
Ou p’ap pale kont pwochen ou pou fè
depozisyon ki pa vre.
Ou p’ap anvi kay pwochen ou; ou p’ap mèt
lide ou sou madanm li, ni sèvitè l’, ni sèvant li, ni bèf li, ni bourik li, ni
okenn bagay ki pou li".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 8. 9. 10. 11 (r.: Jn 6, 69)
R/ Granmèt, ou gen pawòl lavi ki p’ap janm fini an.
Lalwa
Granmèt la san tach, li refè nam, temwayaj Granmèt la fidèl, li bay timoun yo
sajès.R.
Jistis
Granmèt la dwat, yo fè kè kontan, kòmandman Granmèt la klè, li klere je yo.R.
Respè Granmèt la nèt, li
dire pou tout tan gen tan, jijman Granmèt la vre, yo kòrèk yo tout ansanm.R.
Yo pi chè pase lò, ak
bijou ki gen anpil pri, yo pi dous pase myèl, ak reyon myèl k’ap koule.R.
DEZYÈM LEKTI
"M’ap preche Jezikri
yo kloure sou yon kwa, se yon baryè pou lèzòm, men pou sila yo Bondye rele yo,
se sajès".
LEKTI PREMYE LÈT
APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 1, 22-25
Frè
m’ yo:
Juif
yo ap mande siy, Grèk yo ap chèche sajès; nou menm menm n’ap preche Jezikri yo
kloure sou kwa a, pou Juif yo se yon baryè, pou nasyon yo se yon foli, men pou
sila yo yo rele yo, Juif ak Grèk, se Jezikri, pouvwa Bondye ak sajès Bondye a;
paske sa k’ fou pou Bondye li gen plis sajès pase lèzòm, sa k’ fèb la pou
Bondye, li pi fò pase lèzòm.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Detwi
kay sakre sa a, epi nan twa jou m’ap mete l’ kanpe".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
2, 13-25
Pak Juif yo te tou pre,
Jezi monte Jerizalèm. Nan kay sakre a li jwenn moun k’ap vann bèf ak mouton ak
pijon ak moun ki chita ap chanje lajan. Li fè tankou yon fwèt ak kòd, li chase
yo tout sot nan kay sakre a, ni mouton yo tou ni bèf yo, li gaye monnen moun
k’ap chanje lajan yo, li chavire tab yo bouch anba. Moun yo menm ki t’ap vann
pijon yo, li di yo: "Wete bagay sa yo sot isit la, pa fè kay Papa m’ nan vin
tounnen kay komès". Disip yo menm vin sonje labib la te di: "Devouman
lakay ou ap fin manje m’".
Juif yo pran lapawòl, yo
di l’: "Ki siy ou montre nou poutèt bagay sa yo ou fè a"?
Jezi reponn, li di yo:
"Detwi kay sakre sa a, nan twa jou m’ap drese l’".
Juif yo menm di: "Se
karansizan yo te pran pou yo te bati kay sakre sa a, epi ou menm nan twa jou
w’ap drese l’"?
Li menm menm li t’ap pale
osijè kò l’. Se lè l’ fin leve sot nan pami mò yo, disip li yo vin sonje li te
di bagay sa a, yo kwè nan sa k’ te ekri a ak nan pawòl Jezi te di a.
Pandan li te Jerizalèm
pou Pak la nan jou fèt la, anpil moun vin kwè nan non l’, lè yo wè siy li yo li
t’ap fè yo. Men Jezi menm pa t’ kwè nan yo, paske li te konnen tout moun, epi
paske li pa t’ bezwen pou pèsòn sèvi l’ temwen nan pami lèzòm; li menm li te
konnen kisa k’ nan moun.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
a, antan n’ap avanse pi pre Pak la, gen yon bagay ki pot ko janm pase ki pase
nan tanp la. Jezi chase tout machann yo tout sot nan kay sakre a, ni mouton yo
tou ni bèf yo, li gaye monnen moun k’ap chanje lajan yo, li chavire tab yo
bouch anba. Moun yo menm ki t’ap vann pijon yo, li di yo: "Wete bagay sa
yo sot isit la, pa fè kay Papa m’ nan vin tounnen kay komès" (Jn 2, 16). E
pandan bèf yo t’ap kouri devan pòtay tanp la, disip yo te dekouvri yon lòt
dimansyon nan Jezi: pasyon li te genyen pou kay Papa, pasyon pou tanp Bondye a.
Tanp
Bondye a ke yo fè tounen mache a: se pa yon bagay ki piti non! Sètètènman yo te
kòmanse mache a piti piti. Yon gadò
mouton ki te monte pou al vann yon ti mouton, yon ti granmoun ki te vle fè yon
ti kòb ak pijon li…, e se konsa mache a pran pye, li grandi piti piti. Atèl
pwen sila ki te ekri Kantik kantik yo eksprime: « Chase rena yo, ti rena k’ap
devaste jaden rezen yo» (Kant 2,15). Men kilès ki te prete li atansyon? Pòtay
tanp la te tankou yon mache nan jou likidasyon machandiz.
— Mwen menm tou, mwen se
kay sakre Bondye. Si mwen pa fè atansyon ak ti rena yo, lògèy, parès,
goumandiz, jalouzi, renmen lajan, tout rechany egoyis sa yo, yo glise pa anndan
pou gate tout bagay. Se pou sa Granmèt la avèti nou: « Sa m’ di nou la, mwen di
l’ pou tout moun: veye! » (Mk 13, 37).
An
nou veye pou laparès pa anvayi nou! «Enkapasite yon moun genyen pou rekonèt fot
li, se fòm avègleman espirityèl ki pi danjere ke nou kapab imajine, paske li fè
moun nan pa kapab amelyore pwòp tèt li» (Benwa XV? — Mwen eseye fè sa chak swa.
Èske mwen te ofanse yon moun? Èske mwen gen bon entansyon? Èske mwen toujou
dispoze pou akonpli volonte Bondye nan tout bagay? Èske mwen te admèt yon bagay
ki pa fè Bondye plezi? Men, nan moman sa a, mwen
te fatige epi somèy la te venk mwen.
Jezi, ou menm ki konnen
m’ plis pase m’, ou konnen byen sa ki nan kè chak moun, fè m’ rekonèt tò mwen,
ban m’ fòs ak kouraj pou debarase tanp la ak tout sa ki divize m’ avèk ou.
LAPRIYÈ:
Bondye Papa, ede n’ valorize pwòp tèt nou
antan n’ap dekouvri bèlte lavi ou nan lavi pa nou.
PWOPOZISYON: Kè mwen, se espas privilejye pou mwen rankontre ak
Bondye, m’ap debarase li ak tout move santiman.
No hay comentarios:
Publicar un comentario