Koulè Vyolèt
PREMYE
LEKTI
"Se pou l’ jete tout peche nou yo nan
fon lanmè a".
NAN LIV PWOFÈT MICHE 7,
14-15. 18-20
Kondui pèp ou a, Granmèt,
avèk bagèt ou a, mouton eritaj ou a, yo menm ki abite pou kont yo nan rak bwa
a, nan mitan Kamèl la; se pou yo manje zèb Bachan ak Galaad tankou jou lontan
yo. Tankou jou ou te fè yo sòti nan peyi Lejip la, fè yo wè mèvèy.
Kilès ki tankou ou,
Bondye, ou menm ki wete peche a, ou menm ki padonnen fot rès eritaj ou a? Li
p’ap fè kòlè ankò, paske se kè sansib li vle.
Se pou l’ tounen, pou l’
pran pitye pou nou, se pou l’ wete peche nou yo, pou l’ jete tout peche nou yo
nan fon lanmè. W’ap bay Jakòb verite a, w’ap bay Abraam kè sansib la, sa ou te
fè sèman bay zansèt nou yo, depi nan jou lontan yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 102, 1-2. 3-4. 9-10.
22-23
R/ Granmèt la sansib, li
pran pitye.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen;
tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa
bliye tout sa ou dwe l’.R.
Li menm ki padonnen tout peche ou yo, ki
geri tout maladi ou yo;
ki delivre lavi ou sot nan lanmò, ki
kouwonnen ou nan kè sansib ak pitye.R.
Se pa pou tout tan l’ap fè diskisyon, ni
pou tout tan l’ap fache.
Se pa daprè peche nou yo li aji avèk nou,
ni daprè fot nou yo li renmèt nou.R.
Sèke, otan syèl la wo anlè tè a, kè sansib
li debòde pou moun ki respekte l’ yo;
otan solèy leve lwen ak solèy kouche, li
voye peche nou yo lwen nou.R.
LEVANJIL
"Frè w’ la ki la a,
li te mouri, li reviv".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15, 1-3. 11 32
Lè
sa a:
Pibliken
yo ak pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’. Farizyen
yo ak pwofesè yo t’ap babye, yo t’ap di: "Sila a resevwa pechè yo, li
manje avèk yo".
Li di parabòl sa a pou
yo, li di:
"Te gen yon mesye ki
te gen de pitit, pi jèn nan yo a di papa a: "Papa, ban m’ pòsyon eritaj ki
destine pou mwen an". Li separe eritaj la ba yo. Pa gen anpil jou ki pase,
pi jèn ti gason an ranmase tout afè l’, li pati, l’al fè wout li nan yon peyi
byen lwen lè l’ rive la, li gaspiye eritaj li a antan l’ap viv nan libètinaj.
Lè l’ fin depanse tout
bagay, vin gen yon gwo grangou nan rejyon sa a, li menm li kòmanse nan bezwen.
Li pati, 1’al nan sèvis yon mesye nan peyi sa a, mesye a voye l’ nan jaden l’,
pou l’ gade kochon. Li te anvi plen vant li ak grenn bwa yo, sa kochon yo t’ap
manje yo; men pèsòn pa t’ ba li.
Li antre nan fon kè l’,
li di: "Konbyen jounalye nan lakay papa m’ gen kont pen yo, kanta mwen
menm menm m’ap mouri grangou isit la! M’ap leve, m’a pral lakay papa m’, m’ap
di l’: Papa, mwen fè peche kont syèl la ak devan ou: mwen pa merite ankò pou yo
rele m’ pitit ou: trete m’ tankou youn nan jounalye w’ yo". Li leve, li
vin jwenn papa l’.
Pandan l’ te lwen toujou,
papa l’ wè l’, kè l’ boulvèse ak sansibilite, li kouri, li lage kò l’ nan kou
l’, li anbrase l’. Pitit la di l’: "Papa, mwen fè peche kont syèl la ak
devan ou: mwen pa merite ankò pou yo rele m’ pitit ou".
Papa a menm di sèvitè yo:
"Fè vit pote pi bèl rad la, abiye l’; mete yon bag nan men l’, ak soulye
nan pye l’. Mennen towo a yo t’ap angrese a, touye l’, n’ap manje, n’ap fete;
paske pitit mwen sa a ki te mouri a, li reviv, li te peri, nou jwenn li".
Epi, yo kòmanse fete.
Men
pi gran pitit li a te nan jaden, lè l’ rive li pwoche bò kay la, li tande
chante-danse, li rele youn nan sèvitè yo, li poze l’ kesyon ki kalite bagay sa
yo. Sila a menm di l’: "Se frè w’ la ki vini, papa w’ fè touye towo a yo
t’ap angrese a, paske li jwenn pitit la an sante". Lòt la menm fache, li
refize antre; papa l’ blije sòti, li kòmanse lapriyè l’. Li menm menm li
reponn, li di papa l’: "Men konbyen ane m’ap sèvi w’, mwen pa janm
dezobeyi yon kòmandman w’ epoutan ou pa janm ban m’ yon ti kabrit, pou m’ fete
avèk zanmi m’ yo; men pitit ou sa a, ki fin devore eritaj li a avèk fi move vi,
kon l’ rive, ou touye towo yo t’ap angrese a, akòz li".
Li menm li di l’:
"Pitit mwen, ou toujou avèk mwen, tout sa m’ genyen se pou ou. Sèlman se
pou nou te fete, se pou nou te fè kè nou kontan, paske frè w’ sa a te mouri, li
reviv, li te peri, nou jwenn li".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Karèm
envite nou kiltive mizerikòd, padon, pataj kote nou dwe aksepte lòt la, akeyi
frè nou. Lekti nou sot li yo pèmèt nou konprann kijan Bondye se Papa mizerikòd,
li toujou prè pou l’ padone nou.
Pasaj
levanjil nou li a, anpil moun rele li «Levanjil ti gason banbochè a »; men li
gen yon lòt non ki pi bèl: «Papa Mizerikòd la e ki plen ak Bon kè a».
Nan sebrasyon padon sa a,
nou jwenn etap sa yo:
a) Rekonèt fot ou.
Pran konsyans de sitiyasyon lavi w’. Nan kisa m’ derespekte Bondye? Kisa m’ fè
ki pa fè lòt la plezi? Ti nonm nan rekonèt fot li. M’ dezobeyi papa m’. M’
gaspiye byen l’ yo. M’ gaspiye don ak kalite Bondye yo nan mwen, m’ viv san
Bondye, deyè do Bondye.
b) Pran wout konvèsyon
an: M’ pral kot papa m’ pou m’ di l’ pran pitye pou mwen, pa konsidere m’
pou pitit li men aksepte m’ li mèt se tankou youn nan travayè l’ yo.
Frè m’, sè m’, leve al
kote papa w’, tounen vin jwenn papa w’, vin mande padon, l’ap tann ou. Pran wout konvèsyon an pou w’ kapab sòti nan
sitiyasyon malouk peche.
c)
M’ap fè yon fèt pou ou. Pitit mwen an te pèdi, m’ jwenn li, li te mouri
li leve, ann fè fèt pou li. A la kontan Bondye kontan resevwa nou lè n’ kase
tèt tounen vin jwenn li! Vini jwenn Bondye l’ap pran ka w’ nan chemen lavi a.
Li prè pou padone w’. Bondye vle nou tout sove, li pa vle pèson pèdi. Vin fete
avèk li, pa rete deyò tankou gran frè a, akeyi frè w’ la, pa kite rankin,
egoyis ak anbisyon anpare w’. Fèt se pou tout moun. Bondye se Bondye nou tout,
Legliz se pou tout moun, ba l’ yon ti plas bò kote w’. Vini
frè m’, sè m’ yo nan fèt padon an. Se pou Bondye beni nou tout byen beni.
LAPRIYÈ:
Bondye Papa, ou menm ki plen mizerikòd,
tanpri ban m’ fòs pou mwen pran chemen konvèsyon an chak fwa peche a mete m’
dozado ak ou; konsa m’a tounen zanmi ak ou ankò, ou menm ki toujou prè pou fete
ak mwen. Amèn
PWOPOZISYON:
Nan atitid mwen, m’ap gade si m’ sanble ak ti gason banbochè a, oubyen ak gran
frè a oubyen ak papa a. M’ap gade ki konpòtman mwen dwe chanje jodi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario