Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Men sila a
ki te fè rèv la k’ap vini: ann ale, n’ap touye l’".
NAN LIV LAJENÈZ
37, 3-4. 12-13a. 17b-28
Izrayèl te renmen Jozèf
pi plis pase tout pitit li yo, paske se nan vyeyès li li te anfante l’; li te
fè yon rad long ki te gen anpil koulè. Lè frè l’ yo wè kijan papa a te pi
renmen l’ pase tout pitit yo, yo rayi l’, yo pa t’ kapab pale lapè avèk li.
Kòm frè l’ yo t’ap pase
yon tan Sikèm antan y’ap gadiyen mouton papa a, Izrayèl di Jozèf: "Frè w’
yo ap gadiyen mouton Sikèm; vini, m’ap voye ou kote yo". Jozèf pati dèyè
frè l’ yo, li jwenn yo Dotayin.
Yo menm, kon yo wè l’
depi byen lwen, anvan l’ pwoche kote yo, yo gen tan fè konplo pou yo touye l’.
Youn pale ak lòt: "Men sila a ki fè rèv la k’ap vini: an nou wè, n’ap jete
l’ nan yon vye pui, n’ap di: "Yon bèt sovaj devore li", konsa y’a wè
ki sa rèv li yo te sèvi li".
Lè Riben tande sa, li
t’ap eseye delivre l’ sot nan men yo, li t’ap di: "Pa touye lavi l’, pa
vide san l’; men jete l’ nan pui sa a ki nan savann nan, konsa n’a kenbe men
nou san yo pa koupab". Li t’ap di sa, paske li te vle wete l’ sot nan men
yo pou l’ renmèt li bay papa l’.
Men lè li rive kot frè l’
yo, yo wete rad ki te gen anpil valè a, ki te gen bèl koulè a, sot sou li, yo
mete l’ nan vye pui a ki pa t’ gen dlo a.
Yo chita pou yo manje
pen, yo wè Izmayelit yo k’ap vwayaje, ki te vin sot Galaad, avèk chamo yo ki
t’ap pote losyon, lansan, ak lami pou Lejip. Jida di frè l’ yo: "Sa sa ap
sèvi nou, si nou touye frè nou an, epi nou kache san l’? Li pi bon si nou vann
li bay Izmayelit yo, konsa nou pap sal men nou; sèke se frè nou ak chè nou li
ye". Frè l’ yo vin dakò avèk pawòl li yo.
Lè machann Madyanit yo
vin ap pase, yo wete l’ sot nan pui a, yo vann li bay Izmayelit yo pou ven pyès
lajan, Izmayelit yo kondui l’ Lejip.
Pawòl Granmèt la
SÒM 104, 16-17. 18-19. 20-21
R/ Sonje mèvèy Granmèt la fè
yo.
Li rele grangou sou tè a,
li kase tout baton pen, Li voye yon moun devan yo, se Jozèf yo te vann kòm
esklav la.R.
Yo fikse pye l’ nan
chenn, yo pase kou l’ nan fè, joustan pawòl li a rive, pwomès Granmèt la
netwaye l’.R.
Wa a voye lage l’, chèf
pèp yo ranvwaye l’; li enstale l’ kòm mèt lakay li, kòm chèf sou tout sa l’
posede.R.
LEVANJIL
"Men eritye
a: vini, an nou touye li".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
21, 33-43. 45-46
Lè sa a: Jzi di chèf prèt
yo ak ansyen yo nan pèp la:
"Koute yon lòt
parabòl: Te gen yon pèd’fanmi, li te plante yon jaden rezen, li mèt lantouraj
tout alantou l’, li fouye yon preswa nan jaden an, li bati yon kay wo, li lwe
jaden an bay kiltivatè yo, li pati byen lwen.
Lè tan fwi yo t’ap
pwoche, li voye sèvitè l’ yo kot kiltivatè yo, pou yo resevwa fwi l’. Kiltivatè
yo pran sèvitè l’ yo, yo jete youn, atè, yo touye yon lòt, yo kalonnen yon lòt
ak kout wòch. Aprè sa li voye dòt sèvitè ankò pi plis pase premye yo, yo fè yo
menm jan. Alafen, li voye pwòp pitit li a kote yo, li di: "Y’a respekte
pitit mwen an".
Kiltivatè yo menm, lè yo
wè pitit la, yo di nan kè yo: "Men eritye a: an nou wè, n’ap gen eritaj li
a". Yo pran l’, yo jete l’ deyò jaden rezen an, yo touye l’. Lè mèt jaden
rezen an ap rive, ki sa l’ap fè kiltivatè sa yo?
Yo di l’: "L’ap fè
yo peri move lanmò, l’ap lwe jaden rezen l’ nan bay dòt kiltivatè, k’ap renmèt
li fwi a nan sezon yo". Jezi di yo: "Èske nou pa t’ li nan Labib la:
Wòch la bòs mason refize
a, se li menm ki vin tounen tèt kwen an: se nan men Granmèt la bagay sa a fèt,
se yon bagay ekstrawòdinè nan je nou?"
Se pousa mwen di nou,
y’ap wete peyi wa Bondye a sot nan men nou, y’ap renmèt li nan men yon nasyon
k’ap fè l’ donnen fwi l’".
Lè chèf prèt yo ak
farizyen yo tande parabòl li yo, yo rekonèt se osijè yo li t’ap pale. Yo t’ap
chèche arete l’, men yo te pè foul yo, paske yo te konsidere l’ kòm pwofèt.
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Mezanmi gade yon istwa!
Se pa pou granmesi non litiji pawòl Bondye pou jodi a pale nou de istwa ti jenn
gason sila a ki te rele Jozèf la. Nan istwa sa nou ka dekouvri yon bèl ekzanp
pou lavi pa nou. Papa Jozèf te rele Jakòb. Li te genyen douz pitit e se Jozè ki
te dènye. Jakòb te renmen l’ anpil paske li te sanble ak manman l’, poutèt sa,
jalouzi gran frè yo te fò anpil, e yo te deside touye l’; men sa pa t’ rive
fèt, youn nan yo pa t’ dakò paske se san yo li ye; se sa k’ fè yo te deside
negosye li ak machann yo ki t’a prale nan peyi Lejip. Kòm yo te konnen yo gen
kont pou rann lakay yo, lè yo tounen lakay yo, yo fè manti kòmkwa yon bèt fewòs
touye Jozèf kote l’ t’ap gade bèt papa l’ yo.
Nou wè depi nan tan
lontan kouman jalouzi se yon bèt move k’ap fè dega nan sosyete a, tout kote.
Jodi a sa mande refleksyon; jalouzi donnen rayisab, divizyon, lanmò, dlo nan
je. Jezi di nou veye, epi fòk nou priye anpil, daprè sa k’ap pase nan tan n’ap
viv la, nou pa konnen sa ki kab rive. Sòm 104 la fè nou sonje istwa Jozèf la ki
vin tounen gran wa nan peyi Lejip la epi ki te sèvi ak pouvwa li te genyen pou
sove fanmi li, paske “lè nen pran kou, je kouri dlo”, li bay frè l’ yo anpil
manje.
Pouvwa
Bondye a san limit, l’ap veye sou nou tout; men fòk nou fè l’ konfyans, vire do
bay mal la. Levanjil Matye a jodi a prezante nou Jezi
ki se Mèt lavi nou. Tout pouvwa se nan men l’ yo ye. Lanmò ak tout fòs fènwa yo
pèdi batay aprè Jezi leve byen vivan sòti pami mò yo, sou twa jou lè yo te
touye l’ sou kwa a. Se sa k’ fè nou gen rezon pou nou kwè, se pou nou pran
kouraj, mete tèt ansanm pou n’ kwape tout kalite mal. Respekte lòd li pase n’
yo: premyèman, renmen Bondye ak tout kè w’, sèvi li; dezyèmman, renmen lòt yo
ki se frè ak sè w’ yo menm jan w’ renmen tèt pa w’. Pa gen kòmandman ki pi gran
pase sa yo, pa gen pi bon mwayen ke sa a ki kapab sove w’.
LAPRIYÈ:
Bondye Granmèt, ou menm ki konn tout
bagay, fè nou grandi nan lafwa pou nou kapab wè pi klè, pou nou konprann pawòl
ou yo ke Legliz la pa janm bouke simaye; konsa, devan lavi malouk n’ap viv nan
mond sa a, n’a kenbe fèm pou n’ sèvi w’ temwen tout kot nou pase. Pa pouvwa
Jezikri Granmèt nou an. Amèn.
PWOPOZISYON:
Jodi a m’ap aji menm jan ak Jozèf: m’ap padone pou mwen ka sèvi frè ak sè m’ yo
nan fanmi mwen, nan kominote a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario