Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Madichon pou
moun ki mèt konfyans nan moun; benediksyon pou moun ki mèt konfyans nan Granmèt
la".
NAN LIV PWOFÈT
JEREMI
17, 5-10
Men
pawòl Granmèt la:
"Madichon
pou moun ki mèt konfyans nan yon moun, epi ki mete yon moun kòm fòs bra l’, men
li wete kè l’ sot kot Granmèt la. L’ap tankou yon bwa chèch nan savann, li p’ap
wè lè byen an rive; men l’ap abite nan savann sèk la, nan tè sale a kote moun
pa kapab abite a.
Benediksyon
pou moun ki mèt konfyans nan Granmèt la, ki mèt espwa l’ nan Granmèt la; l’ap
tankou yon pye bwa yo transplante sou bò dlo yo, ki plonje rasin li yo nan
frechè, li p’ap pè lè chalè a ap rive, fèy li ap ret vèt, nan tan sechrès la li
p’ap nan tèt chaje, li p’ap janm manke donnen fwi.
Kè
tout moun move, yo pa kapab sonde l’, ki moun ki konnen l’? Se mwen menm
Granmèt la ki sonde kè, ki eseye ren; mwen menm ki bay chak moun daprè chemen
l’ epi daprè fwi travay li".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 1, 1-2. 3. 4 e 6
R/ Se chans pou moun ki
mete Granmèt la kòm espwa li.
Se chans pou moun ki pa
ale nan reyinyon moun ki pa kòrèk yo ki pa kanpe nan chemen moun pechè yo, ki
pa chita nan gwoup moun move plezantri yo, men se nan lalwa Granmèt la li mèt
volonte l’, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen kou lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa
ki plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’; fèy li p’ap
tonbe, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Mechan yo pa konsa, yo pa
konsa, men se tankou pousyè van an ap bwote.
Sèke Granmèt la konnen
chemen moun ki kòrèk yo, wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
"Ou te resevwa byen, Laza te resevwa
malè; koulye a l’ap konsole isit la, ou menm menm ou nan soufrans".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
16, 19-31
Lè sa a: Jezi di farizyen
yo:
"Te gen yon mesye ki
te rich, li te konn abiye ak vlou ak swa, chak jou li te konn ap fè bèl
resepsyon. Men te gen yon pòv tou, yo te rele Laza, ki te kouche nan papòt li,
li te plen ak blesi, li te anvi plen vant li ak ti kal manje ki te konn ap
tonbe sot sou tab rich la, men pèsòn pa’t konn ba li; okontrè se chyen yo ki te
konn vin ap niche kote l’ te malad yo.
Rive pòv la vin mouri,
mesaje yo pote l’ nan lestomak Abraam; rich la vin mouri tou, yo antere l’ nan
lanfè.
Li leve je l’ anlè,
pandan li t’ap soufri a, li wè Abraam byen lwen ak Laza nan lestomak li. Li
rele byen fò, li di: "Papa Abraam, pitye pou mwen, voye Laza, pou l’
tranpe ti bout dwèt li nan dlo, pou l’ rafrechi lang mwen, paske m’ap soufri
nan flanm sa a".
Abraam di l’:
"Pitit, sonje ou te resevwa byen yo nan lavi ou, Laza menm te resevwa
malè; koulye a atò li jwenn konsolasyon isit la, ou menm menm w’ap soufri. Ak
tout sa, ant nou menm epi ou menm gen yon gran vid ki ekziste, atèl pwen moun
ki ta vle sot isit la pou y’al travèse kote ou, yo pa kapab, ni sot kote ou pou
travèse isit la".
Li di: "Mwen lapriyè
ou, Papa, pou w’ voye l’ lakay papa m’ (sèke mwen gen senk frè), pou l’ bay
temwayaj devan yo, pou yo menm tou yo pa vin nan kote soufrans sa yo isit
la". Abraam di l’: "Yo gen Moyiz ak pwofèt yo: se pou yo koute
yo". Li di l’: "Non, Papa Abraam; men, si youn nan mò yo al kote yo,
y’ap fè penitans". Li di l’: "Si ata Moyiz ak Pwofèt yo yo pa koute
yo, se pa yon moun ki ta leve sot nan pami mò yo yo ta koute".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jezi
itilize metòd parabòl anpil fwa pou pale ak moun, pou eksplike sekrè wayòm syèl
la. Nan parabòl jodi a, Jezi pale nou de yon ti nonm rich, sa vle di, li pa
mansyone yon non espesifik. Se yon fason nou kapab konprann nonm rich sa a
kapab nenpòt nan nou, fi tankou gason. Moun
ki t’ap soufri enjistis la li menm te pote non Laza; non sa a ki kapab tradui:
Bondye se sekou mwen. Istwa
nonm rich la montre nou kijan moun nan kapab vin avèg lè li kite byen materyèl
bouche je li. Pratikman gen yon seri moun ki kapab kouri ap vante tèt yo pou di
parabòl sa pa gen anyen pou wè avèk yo, paske se nan klas mwayèn yo ye oubyen
se pòv yo ye. Ebyen yon moun ki panse konsa li twonpe tèt li.
Parabòl
sa pa adrese ekzakteman ak moun ki gen plis lajan yo nan mond lan; men a chak
grenn moun k’ap viv an patikilye. Richès
Levanjil la pale de li a gen pou wè ak nenpòt byen materyèl yon moun kite pran
premye plas nan lavi li. Li kapab se sèlman yon machin ki fè yon moun bliye
tout lòt k’ap viv sou kote li, nan mond teknoloji avanse sa a, li kapab se yon
laptòp ki gen entènèt ki lakoz sa, li kapab se yon telefòn, etc. Lè nou di sa,
sa pa vle di materyèl la nan li menm pa bon; men se fason n’ap itilize kèlkeswa
materyèl Bondye ba nou ki konn fè poblèm anpil fwa. Ou kapab rich, men si w’
pataje ak frè w’ ki bò kote w’ ou pa kapab antre nan kategori sa, men se lè
moun nan fèmen sou pwòp tèt pa l’ li pèdi tout sansibilite, se la pwwolèm nan
ye.
Levanjil la montre nou
byen klè santans ki rezève pou nou lè nou pa aji selon jan Granmèt la mande nou
pou nou aji. Nou lib pou nou aji, nou kapab chwazi sa nou vle, men pa bliye
nenpòt nan chwa nou fè a, li genyen yon konsekans.
Menm
jan sa pase ant rich la avèk Laza a, moun ki mache dwat la pral jwi lavi ki
p’ap janm fini an. Konsa tout moun ki pa t’ mache dwat la malgre li te konnen
kisa k’ap tann li anretou a, e malgre sa li te deside aji pandan l’ap fè frè l’
soufri a, donk l’ap jwenn rekonpans ki apwopriye. Sa vle di lè sa li pa ka di
se Bondye ki yon Bondye ki pa sansib non; se konsekans zak li l’ap peye pou
pwòp tèt pa li.
Kidonk
envitasyon an klè, li toujou enteresan pou kretyen an pran destine lavi li an
men, pandan l’ap chache fè volonte Bondye, aji pandan l’ap konprann li pa pou
kont li nan sosyete a e youn nan premye devwa li se voye je sou chak grenn
pwochen li yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, pou jan ou sansib pou mwen, pa kite
mwen rete endiferan devan soufrans ak kalamite frè ak sè mwen yo.
PWOPOZISYON: M’ap medite sou kisa mwen konn
fayi nan relasyon mwen ak frè m’ yo epi m’ap korije erè mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario