Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Vini, an nou frape l’".
NAN LIV PWOFÈT JEREMI
18, 18- 20
Yo di: "Vini, an nou fè konplo kont
Jeremi; lalwa a p’ap peri poutèt pa gen prèt, ni konsèy la poutèt pa gen moun
sajès, ni pawòl la poutèt pa gen pwofèt. Vini, an nou frappe l’ avèk kout lang,
nou p’ap fè atansyon nan tout pawòl li yo".
Granmèt, vire lide ou sou mwen,
koute vwa lènmi m’ yo. Èske yo konn renmèt mal pou byen, ki fè yo fouye fòs pou
nanm mwen an? Sonje mwen te kanpe devan fas ou, pou m’
te plede kòz yo, pou m’ te fè kòlè ou vire lwen yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 30,
5-6. 14. 5-16
R/ Sove m’, Granmèt, nan kè sansib ou a.
Wete m’ sot nan pyèj yo kache pou
mwen an, paske se ou menm ki fòs mwen.
Se nan men ou mwen renmèt lespri
m’; ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a.R.
Sèke mwen tande rèl anpil moun: se kè sote nan lavil la;
poutèt yo rasanble ansanm kont mwen, yo fè konplo pou yo
wete nanm mwen.R.
Kanta mwen menm menm se nan ou mwen espere, Granmèt; mwen
di: "Se Bondye m’ ou ye, se nan men ou destine mwen ye".
Delivre m’ sot nan men lènmi yo ak moun
k’ap pèsekite m’ yo.R.
LEVANJIL
"Y’ap kondane l’ amò".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN
20, 17- 28
Lè sa a:
Pandan Jezi ap monte Jerizalèm, li pran
douz disip yo apa, li di yo: "Men n’ap monte Jerizalèm, y’a pral renmèt
Pitit moun nan nan men chèf prèt yo ak pwofesè yo, y’ap kondane l’ amò, y’ap
renmèt li nan men nasyon yo pou yo pase l’ nan rizib, pou yo bat li, pou yo
kloure l’ sou kwa, epi sou twazyèm jou a, l’ap leve ankò".
Lè sa a manman pitit Zebede yo
pwoche kote l’ ansanm ak pitit li yo, li ajenou devan l’, li mande l’ kichòy.
Jezi di l’: "Ki sa ou vle"?
Li di l’: "Di pou de pitit mwen sa
yo chita youn adwat ou, lòt la agoch ou nan rèy ou an".
Jezi menm reponn, li di: "Nou pa
konnen sa n’ap mande a. Èske nou kapab bwè kalis la mwen gen pou m’ bwè
a"?
Yo di l’: "Nou kapab".
Li di yo: "Kalis mwen an, n’ap bwè
l’; men kanta pou chita adwat mwen oubyen agoch mwen an, se pa mwen menm ki
kapab ba nou sa, men se pou moun Papa m’ pare sa".
Lè dis lòt yo tande
sa, yo fache kont de frè yo. Jezi menm rele yo, vin kote l’, li di: "Nou
konnen chèf nasyon yo kòmande yo, epi sila yo ki nan gran plas yo, yo fè pouvwa
yo peze sou yo. Sa pa dwe fèt konsa nan mitan nou, men nenpòt ki moun nan pami
nou ki vle vin gen pi gran plas, se pou l’ vin tounen sèvitè nou; epi moun ki
vle vin gen premye plas nan pami nou, se pou l’ vin tounen esklav nou.
Se konsa Pitit moun nan pa vini pou l’
fè yo sèvi l’, men pou l’ sèvi, epi pou l’ bay lavi l’ pou delivrans kantite
moun yo".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Nan tan n’ap viv jodi a tankou nan tan
pase yo, lèzòm toujou manifeste yon swaf, yon anbisyon pou pouvwa. Pètèt li ta
vrèman enteresan si pouvwa te toujou mennen nan sèvis. Nan sans sa, an nou medite sou de mo: pouvwa
ak sèvis.
N’ap kòmanse ak premye mo a ki se pouvwa:
youn nan bagay anpil moun k’ap viv sou latè ta renmen genyen. Men atansyon frè
m’, sè m’! lè w’ genyen l’ kijan w’ jere l’?
Nan Levanjil sa a, Jezi ap denonse move
fason nou konn itilize pouvwa lè nou genyen li epi li envite nou menm kretyen
yo pou nou kapab aji yon fason diferan. Nou wè youn nan moun ki te viktim anba
pouvwa lògèy lèzòm se Jezi li menm. Depi lè li te fèt, pouvwa wa Ewòd te genyen
ak tout lòt moun ki te puisan nan epòk la te vle touye li.
Kalite pouvwa sa yo fè nou viv pi lwen
Bondye, yo fè nou prezante bay mond la yon fo imaj sou Bondye, yon Bondye ki pa
bay jistis epi ki toupuisan. Nou pa bezwen yon gran save pou nou konprann
pouvwa sa yo vle fè nou fou; se pouvwa ki fè nou vin egoyis, ki fè nou ap
toujou ap kouri pou pran premye plas ; se yon pouvwa ki touye zanmitay, renmen;
li rann nou jalou epi li fè nou pèdi imaj Bondye nou pote nan nou an.
Jezi di nou, li pa ta renmen nou aji
menm jan ak moun sa yo, nou menm ki vle suiv tras li.
Nou dwe aprann sèvi. Yon sèvis ki rann nou
lib, paske lè nou fin ede yon moun, nou p’ap vire gade a kote pou nou tann yon
rekonpans. Yon sèvis ki fè nou reyalize nou kòm moun, ki fè nou anvi bay tèt
nou chak fwa pi plis lè se pou ede lòt yo. Gwo pòs yo bèl se vre, men nou p’ap
kouri dèyè yo, nou dwe rete lib pa rapò ak tout bagay mond lan ap ofri nou. Pa
gen yon pi bèl bagay pase sa lè nou pran yon frè nou nan lari a k’ap soufri epi
nou ba li yon plat manje gratis epi nou ofri li lanmou ki sòti nan fon kè nou.
Sa bèl anpil lè nou menm paran nou pran responsabilite nou nan men, n’ap sèvi
pitit nou pou sosyete a demen. Sa bèl anpil lè nou nan yon gwoup legliz, yon
koral, n’ap ede lòt yo pou yo kapab viv pawòl Bondye a pi byen. Envitasyon jodi a, se fè sa nou dwe fè ak
tout kè nou pandan n’ap fè li nan tout imilite ak senplisite.
LAPRIYÈ: Bondye
Granmèt, ou menm ki gran nèg, ou fè ou tounen yon ti pòv malere pou ou kapab
sèvi. Ede nou sèvi frè ak sè nou yo nan senplisite. Nou mande
w’ sa pa pouvwa Jekri, Granmèt nou an. Amèn.
PWOPOZISYON: Jodi a m’ap sòti nan endiferans mwen: m’ap
pote konkou bay yon moun ki an danje.
No hay comentarios:
Publicar un comentario