Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Aprann fè
sa k’ byen, chèche sa k’ kòrèk».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 1, 10. 16-20
Koute pawòl Granmèt la, nou menm,
chèf Sodòm yo; resevwa lalwa Bondye nou an nan zòrèy nou, nou menm pèp Gomò a:
«Lave nou, pwòpte nou, wete move
kalkil nou yo sot devan je m’; sispann aji mal, aprann aji byen: chèche jijman,
ede sa k’ap pase mati a, plede kòz sa k’ san papa a, defann sa k’ vèv la.
Aprè sa nou mèt vini pou nou plede
kòz pa nou devan m’, deklarasyon Granmèt la. Si peche nou ta tankou vlou wouj,
yo t’ap vin blan kon lanèj; si yo ta wouj kon woukou, y’ap vin blan kon lanèj.
Si nou vle koute m’, n’ap manje
richès tè a; men si nou pa vle, si n’ap eksite m’ fè kòlè, se epe a k’ap devore
nou: sèke bouch Granmèt la pale».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49, 8-9. 16bc-17. 21 e 23
R/
Moun ki san
tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
Se pa nan sakrifis ou yo m’ap regle
kont avèk ou; sakrifis antye ou yo devan m’ tout tan.
Mwen p’ap pran towo sot lakay ou, ni
bouk kabrit sot nan pak ou.R.
«Pouki sa w’ap detaye kòmandman m’
yo, w’ap mete testaman m’ nan nan bouch ou?
Epoutan ou rayi disiplin, ou voye
pawòl mwen yo jete dèyè do ou.R.
Se sa ou fè, epi mwen te pe bouch
mwen.
Ou
te konprann mwen te tankou ou.
Moun ki ofri sakrifis lwanj, l’ap fè
m’ jwen bèlte, moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans
Bondye».R.
LEVANJIL
«Yo di, men
yo pa fè»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
23, 1-12
Jezi pale ak foul yo ak disip li yo,
li di:
Sou fotèy Moyiz la pwofesè yo ak
farizyen yo chita: tout sa yo di nou, se pou nou obsève yo, se pou nou fè yo,
sèlman pa aji daprè aksyon pa yo: sèke yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou,
bagay moun pa kapab pote, epi yo mete yo sou zepòl moun yo; sèlman menm ak yon
ti dwèt yo refize souke yo.
Reyèlman vre tout aksyon yo, yo fè
yo pou lèzòm kapab wè yo: yo laji bwat yo ki gen vèsè labib yo konn pote sou yo
a, yo lonje fil ki pandye nan manch rad yo. Yo renmen premye plas nan
resepsyon, ak premye fotèy nan kay reyinyon yo, yo renmen moun ap di yo bèl
bonjou sou laplas, yo renmen pou moun yo rele yo «Rabi».
Kanta ou menm, pa rele pèsòn «Rabi»;
sèke se yon sèl ki mèt nou, nou tout nou se frè. Epi pa rele pèsòn «Papa» sou
tè a; sèke se yon sèl ki Papa nou, sila a ki nan syèl la. Pa fè yo rele nou
«Mèt»; paske se Kris la sèl ki mèt nou.
Moun ki pi gran nan nou an, se
sèvitè nou pou l’ ye. Moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese tèt
li, y’ap fè l’ leve li».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Si nou se
kretyen, nou pa kapab aji nenpòt jan. Jezi pa satisfè ak bèl pawòl nan bouch. Si gen yon bagay
Jezi pa ka sipòte, se demagoji ak ipokrizi. Si gen yon bagay ki fè Jezi fache,
se lè chèf yo ap pete fyèl pòv yo, sitou lè se chèf legliz yo k’ap fè sa. Lè yo di yo renmen Bondye, se manti, paske yo pa renmen frè ak sè
yo. Jezi vle pou nou konvèti tout bon vre. Atansyon !
Konvèti pa vle di chwazi yon lòt legliz.
Pa gen yon legliz ki pa gen pwoblèm pa l’.
Konvèti vle di kite Jezikri boulvèse lavi
mwen, pou m’ panse a li nan tout sa mwen di, tout sa mwen fè, ak tout sa m’ pa
fè. Sa k’ fè kè Jezi kontan, se sa ki pou fè kè m’ kontan
tou. Sa ki konn fè Jezi tris, se sa ki pou fè m’ tris tou. Se Jezi ki pou poto
mitan lakay mwen.
Depi
chèf legliz yo ede m’ jwenn Jezi, fò m’ tande konsèy yo. Men lè chef legliz yo
anpeche m’ nan chimen swiv Jezi a, si m’ chita ap kritike yo, sa pa itil mwen
anyen. M’ pa bezwen okipe yo, m’ pa bezwen eskandalize tou. Se Jezi m’ap okipe
pito. M’ konnen konsa, legliz la se yon kominote ki Sen men se yon kominote
pechè li ye tou. M’ mèt pran sa ki
bon ladan l’, kite rès la.
Kisa Jezi mande ? Kòman pou nou rekonèt si legliz la ap fè
travay li ? Bay
moun ki grangou yo manje. Vizite moun ki nan prizon yo. Pran swen malad yo. Voye timoun yo al
lekòl. Akeyi etranje nan
mitan nou. Rete fidèl ak mari ou, ak madam ou, ak menaj ou. Lè ou pale, di
verite a. Pa fè sa ki pa bon. Padonen
moun ki fè nou mal. Li senp, men li pa fasil. Chak jou, fò n’ konvèti ankò.Ti
pa ti pa konsa, n’ap aprann swiv Jezi.
N’ap jwenn lavi nèt ale.
LAPRIYÈ : Mèsi, Jezi, paske ou pa sou demagoji, ou
pa sou ipokrizi.Tanpri, aprann mwen sèvi ou nan frè m’ak sè m’ yo. Amèn.
PWOPOZISYON:Olye m’ kritike
yon pwoblèm nan legliz la, m’ap aji yon lòt jan antan ke kretyen. Konsa n’ap bati yon legliz vivan k’ap pi pre
Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario