Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Mwen
enstale ou kòm kontra pèp la, pou ou met peyi a kanpe".
NAN LIV PWOFÈT
IZAYI 49, 8-15
Men sa Granmèt la
di:
"Nan tan favè
a mwen koute ou, nan jou delivrans la mwen pote ou sekou; mwen pwoteje ou, mwen
enstale ou kòm kontra pèp la, pou w’ met peyi a kanpe, pou w’ posede eritaj ki
gaye yo; pou w’ di sila yo ki nan prizon yo: "Sòti", epi sa ki nan
fènwa yo: "Parèt".
Sou wout yo, y’ap
jwenn manje, nan tout plenn y’ap jwenn jaden zèb yo. Yo p’ap grangou, yo p’ap
swaf, chalè solèy la p’ap frape yo, paske sila a k’ap kondui yo a, li sansib,
l’ap pase swaf yo nan sous dlo yo. M’ap fè tout mòn mwen yo vin tounen wout, santye m’ yo
ap leve.
Men
sila yo ap vin sot lwen, men dòt k’ap vin sot nan Nò ak rejyon lanmè a, dòt
menm ankò sot nan peyi nan Sid, fè lwanj, syèl yo! Danse, tè a! Fè lwanj
eklate, mòn yo! Paske Granmèt la konsole pèp li a, l’ap pran pitye pou pòv li
yo.
Epi
Siyon t’ap di: "Granmèt la lage m’, Granmèt la bliye m’". Èske yon
madanm kapab bliye ti pitit li, pou l’ pa sansib pou pitit zantray li? Menm si
youn ta bliye, mwen menm mwen p’ap bliye ou"!
Pawòl Granmèt la.
SÒM 144, 8-9. 13cd-14. 17-18
R/ Granmèt la gen pitye, li
gen kè sansib.
Granmèt la gen pitye, li
gen kè sansib li gen pasyans, li gen anpil kè sansib.
Granmèt la bon pou tout
moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Granmèt la fidèl nan tout
pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo.
Granmèt la soulaje tout moun ki
tonbe, li drese tout moun ki febli.R.
Granmèt la kòrèk nan tout
chemen l’ yo, li sen nan tout travay li yo.
Granmèt la tou pre moun k’ap rele
l’ yo, tout moun yo k’ap rele l’ nan laverite a.R.
LEVANJIL
"Menm jan Papa a
leve mò yo, li bay lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle, li ba yo lavi".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
5, 17-30
Lè
sa a:
Jezi
reponn Jwif yo: "Jouskoulye a, Papa m’ap travay, mwen menm tou m’ap
travay".
Se pou sa menm Jwif yo
t’ap chèche touye l’ pi plis la, paske non sèlman li te anile saba a, men li te
deklare Bondye se papa l’ antan l’ fè pwòp tèt li vin egal ak Bondye.
Konsa, Jezi reponn, li di
yo:
"An verite, an
verite mwen di nou, Pitit la pa kapab fè anyen ak pwòp tèt li, si l’ pa wè Papa
a fè; tout sa l’ fè reyèlman vre, Pitit la fè yo tou. Sèke Papa a renmen Pitit
la, li montre l’ tout sa li menm li fè; l’ap montre l’ pi gran aksyon pase sa
yo ankò, pou nou kapab sezi.
Sèke menm jan Papa a leve
mò yo, epi li bay lavi a, konsa tou Pitit la se moun li vle li bay lavi. Papa a
pa jije pèsòn, men li renmèt Pitit la tout jijman an, pou tout moun respekte
Pitit la menm jan yo respekte Papa a. Moun ki pa respekte Pitit la, li pa
respekte Papa a ki voye l’ la. An verite, an verite mwen di nou moun ki koute
pawòl mwen, ki kwè sila a ki voye m’ nan, li gen lavi tout tan an, li pa antre
nan jijman, men li travèse sot nan lanmò al nan lavi.
An verite, an verite mwen
di nou, lè a rive, epi se koulye a, lè mò yo ap tande vwa Pitit Bondye a. Moun
ki tande yo, y’ap viv. Menm jan Papa a gen lavi nan li menm nan, konsa li bay
Pitit la pouvwa pou l’ gen lavi nan li menm, li ba l’ pouvwa tou pou l’ fè
jijman, paske se Pitit moun li ye.
Pa sezi pou sa, sèke lè a
rive, kote tout moun ki nan kavo yo, y’ap tande vwa Pitit Bondye a; y’ap sòti,
moun ki te fè byen yo, se pou leve lavi a, sa k’ te fè mal yo menm se pou leve
jijman an.
Mwen pa kapab fè anyen ak
pwòp tèt pa m’. Jan m’ tande a, se konsa mwen jije, epi jijman m’ nan kòrèk,
paske mwen pa chèche volonte m’, men volonte sila a ki voye m’ nan".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
«Menm
si yon manman ta bliye pitit li, mwen menm mwen p’ap bliye ou» (Izayi 49,15).
Bondye ba nou garanti l’ap avèk nou toutan, paske li fidèl. Pi gwo prèv nou genyen Bondye avèk nou tout bon vre, se nan Jezikri nou kapab dekouvri sa. Li menm ki se sila a Bondye Papa te voye pou vin restore lavi nou, pou pote chanjman ak liberasyon tout moun t’ap tann nan. Se li menm Bondye enstale kòm chèf, kòm jij sou kreyasyon, li ba li pouvwa anwo nan syèl la ak sou tè a pou li kapab kòmande tout kreyati. Li se wa ki etone moun nan fason li ekzèse pouvwa li, yon wa ki pa genyen lòt konseye ke Lespri Bondye a, yon wa ki pa genyen lame sof lame zanj yo, yon wa ki bezwen domestik paske li vini pou li sèvi. Li se sila ki lanse yon apèl bay tout pitit Bondye ki te gaye, ki te lwen; li rele yo pou yo kapab mete tèt yo ansanm anba yon sèl drapo. Se poutèt sa nou dwe kontan. Kè sansib Bondye a akonpaye nou, renmen Granmèt ba nou asirans lavi ak kè kontan. Se pa pou san rezon sòm 144 la di di: “Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli”.
Bondye ba nou garanti l’ap avèk nou toutan, paske li fidèl. Pi gwo prèv nou genyen Bondye avèk nou tout bon vre, se nan Jezikri nou kapab dekouvri sa. Li menm ki se sila a Bondye Papa te voye pou vin restore lavi nou, pou pote chanjman ak liberasyon tout moun t’ap tann nan. Se li menm Bondye enstale kòm chèf, kòm jij sou kreyasyon, li ba li pouvwa anwo nan syèl la ak sou tè a pou li kapab kòmande tout kreyati. Li se wa ki etone moun nan fason li ekzèse pouvwa li, yon wa ki pa genyen lòt konseye ke Lespri Bondye a, yon wa ki pa genyen lame sof lame zanj yo, yon wa ki bezwen domestik paske li vini pou li sèvi. Li se sila ki lanse yon apèl bay tout pitit Bondye ki te gaye, ki te lwen; li rele yo pou yo kapab mete tèt yo ansanm anba yon sèl drapo. Se poutèt sa nou dwe kontan. Kè sansib Bondye a akonpaye nou, renmen Granmèt ba nou asirans lavi ak kè kontan. Se pa pou san rezon sòm 144 la di di: “Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli”.
Tout
lavi nou vize yon sèl bagay: lavi. Tout sa n’ap fè pandan ekzistans nou, se pou
nou kapab rive mennen yon lavi ki miyò. Kèlkeswa wòl nou ranpli nan sosyete a,
kèlkeswa ran sosyal nou, ebyen n’ap lite pou yon lavi miyò paske nou santi tout
bagay pa byen, nous anti gen vid ki merite konble nan lavi nou. Jiskilè n’ap
rive konble vid sa yo? Jiskilè dezi nou yo ap rive konble tout bon vre? Tout sa
nou genyen, nou pa janm satisfè menm si gen lòt moun ki poko gen anyen ditou,
ebyen jodi a, nou dwe sonje ke vrè byen an, byen tout bon vre a, se nan Bondye
nou kapab jwenn li. Se Granmèt la ki kapab ba nou kè kontan, se nan li sèl nou
kapab rive gen lavi tout bon vre a. Se byen ke pèsonn moun pa kapab retire nan
men nou an. Se Jezi k’ap pale ak nou jodi a pou li di
nou: “Menm jan Papa a leve mò yo, li bay lavi a, konsa tou, moun Pitit la vle,
li ba yo lavi”.
Frè ak sè m’yo, nou deja
konnen Granmèt la pa rayi nou, malgre peche nou; men sa li vle, se pou nou
konvèti epi pou nou viv. Jodi a, an n’ eseye pran wout konvèsyon an pou nou
kapab rive fè gwo chanjman nan lavi nou, dekwa pou nou rive jwenn lavi Jezi ap
ofri nou an, lavi li deja ap viv ak Papa a ak Lespri Sen an.
LAPRIYÈ:
Jezi Granmèt, ou menm ki pote lavi gratis
a gogo pou mwen, tanpri pa kite mwen kontinye nan chemen pèdisyon mwen ye la a.
Tanpri mete Lespri ou nan mwen pou li kapab dirije mwen nan sans ou vle mwen
ale a.
PWOPOZISYON:
A pati de jodi a, m’ap pran desizyon pou mwen abandone tout sa ki vle fè mwen
pèdi piyay lavi nan Jezikri a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario