Páginas

JEDI 15


Koulè Vyolèt.
PREMYE LEKTI
"Padonnen fot pèp ou a".
LEKTI LIV EGZÒD 32, 7-14
Jou sa yo:
Granmèt la pale ak Moyiz, li di: "Ale, desann; pèp ou a fè peche, li menm ou te fè soti nan peyi Lejip la. Yo gen tan kite chemen an ou te montre yo a, yo fè yon ti towo avèk lò yo fonn nan dife, epi yo adore l’; yo ofri sakrifis ba li, yo di: "Men dye ou yo, Izrayèl, ki te fè ou sòti nan peyi Lejip la".
Granmèt la di Moyiz ankò: "Mwen wè kijan pèp sa a gen kou l’ rèd; kite m’ pou kòlè m’ boule kont yo, pou m’ efase yo, men m’ap fè ou vin tounen yon gran nasyon".
Moyiz menm pran lapriyè Granmèt Bondye l’ la, li di: "Pouki sa, Granmèt pou kòlè ou flanbe kont pèp ou a, li menm ou te fè soti nan peyi Lejip la ak gran fòs, ak men ki gen pouvwa? Pa kite Ejipsyen yo di: "Se nan pyèj li pran yo pou l’ te fè yo soti, pou l’ te kapab touye yo nan mòn yo, pou l’ te efase yo sot sou tè a": kalme kòlè ou, padonnen fot pèp ou a.
Sonje Abraam, Izaak ak Izrayèl, sèvitè ou yo, yo menm ou te fè sèman ba yo sou pwòp tèt ou, ou te di: "M’ap fè desandans nou vin anpil tankou zetwal syèl la, epi tout tè sa a mwen te pale a, m’ap bay desandans nou li, n’ap posede l’ tout tan".
Granmèt la vin kalme, li pa fè malè a li te di li t’ap fè kont pèp li a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 105,19-20.21-22.23
R/ Sonje nou, Granmèt, pou jan ou sansib pou pèp ou a.
Yo fè yon ti towo nan Orèb, yo adore yon pòtre
Yo chanje bèlte yo pou pòtre yon towo k’ap manje zèb.R.
Yo bliye Bondye ki te sove yo a.
Li menm ki te fè bagay ekstrawòdinè nan Lejip la,
Mèvèy nan peyi Kam nan, pwodij nan lanmè Wouj la.R.
Li di l’ap gaye yo, si se pa t’ Moyiz sila a li te chwazi a, ki te pwoche.
Li kanpe nan twou miray la, devan fas li, pou l’ vire kòlè l’ pou l’ pa fè yo peri.R.
LEVANJIL
"Sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a".
LEKTI LEVANJIL KI SIN AN DAPRЀ JAN KI SEN 5, 31-47
Lè sa a: Jezi di Juif yo:
"Si mwen menm mwen sèvi pwòp tèt mwen temwen, temwayaj mwen an pa vre. Gen yon lòt ki sèvi m’ temwen, mwen konnen temwayaj li rann mwen an, li vre.
Nou menm nou te voye kot Jan, li te sèvi m’ temwen. Mwen menm se pa nan men moun mwen resevwa temwayaj mwen men bagay sa yo mwen di yo pou nou kapab sove. Li menm se te yon lanp k’ap chofe, k’ap klere; nou menm menm nou te vle jui limyè l’ la pou yon tan. Kanta mwen menm mwen gen yon temwayaj ki pi gran pase pa Jan an.
Travay Papa m ban mwen pou m reyalize a, se travay sa yo menm mmwen fè a k’ap sèvi m’ temwen, pou yo fè wè se Papa a ki voye m’. Papa a ki voye m’ nan, se li menm k’ap sèvi m’ temwen. Nou pa janm tande vwa li, nou pa janm wè fas li; nou pa gen pawòl li ki ret nan nou, paske, nou pa kwè nan sila a li voye a.
N’ap fouye labib, paske nou konprann se ladan l’ n’ap jwenn lavi tout tan an, se labib la k’ap sèvi m’ temwen. Men nou pa vle vin jwenn mwen, pou nou gen lavi.
Mwen pa resevwa bèlte nan men lèzòm. Men mwen rekonèt nou, nou pa gen renmen Bondye a nan nou. Mwen vini o non Papa m’, nou pa resevwa m’; si yon lòt rive o non l’, nou resevwa l’. Kijan nou ta kapab kwè, nou menm k’ap resevwa bèlte youn nan men lòt, epi bèlte a ki sot nan Bondye syèl la, nou pa chèche l’?
Pa konprann se mwen menm k’ap akize nou devan Papa a: sila a k’ap akize nou an, se Moyiz, li menm nou espere nan li a. Si nou te kwè nan Moyiz, nou t’a kwè nan mwen petèt; paske se sou mwen li te ekri. Men si nou pa kwè nan sa l’ ekri yo, kòman nou ta kapab kwè nan pawòl mwen yo"?
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Antan ke moun, Jezi te soti nan ras juif, poutan, nan jan li t’ap revele piti piti  kijan se nan Bondye li soti, otorite juif yo te wè li tankou yon menas, akoz li te te kesyone konduit yo, konpòtman yo.
Men Pitit Bondye a- Bondye menm- ki fèt nan mitan yo, Mesi a tout moun t’ap tann nan. Yo pa rekonèt li pou sa li ye a, paske yo te gen yon lide diferan sou sa Bondye te ye, yo te wè li tankou yon Bondye ki lwen, men yo pa t’ janm imajine ke Bondye ta kapab tounen yon moun ki prè yo, yon moun yo kapab touche ak men yo.
Sikonstans yo te oblije Jezi Jezi pale de li menm. Li bay prèv ke aksyon li yo se nan Papa yo sòti, men moun yo pa satisfè. Jan Batis ke yo tout te konnen an, li te bay temwayaj sou Jezi, men temwayaj lòt moun pa sifi non plis, malgre yo te konsidere Jan tankou temwen Limyè a, li menm ki te prepare wout Granmèt la. Yo te rive panse ke Jan Batis se te Mesi a paske li te fè batèm, poutan batèm nan dlo a, li pa konparab ak batèm sila a Bondye voye a, li menm ki batize moun nan dife ak nan Lespri Sen an. Men moun yo pa t’ konprann.
Se menm bagay la ki te pase ak temwayaj Moyiz la, pwofèt ak lidè espirityèl, ki te pale de Bondye ke pèsonn pa t’ konnen  lè Bondye te prezante devan li nan flanm dife a nan dezè a «sa m’ ye a se sa m’ ye». Yo pa rekonèt Jezi tankou vwa Papa a non plis.
Limyè a rive nan mitan yo, men fènwa prejije yo te tèlman gran, yo avèg e yo pa rive konnen li.
Karèm nan, se yon tan nou dwe pwofite pou chanje tout atitid ki fè nou avèg, tout ògèy nou yo, pou nou kapab dekouvri prezans Bondye k’ap aji an silans nan mitan reyalite lavi nou.
Legliz la envite nou fikse je nou sou kwa Jezi a, kwa sa ki gen yon sans espirityèl, men tou yon kwa nou kapab touche. Kris la di nou: «Moun ki vle vin mache dèyè mwen, se pou li pran kwa li, pou li suiv mwen».
LAPRIYЀ: Granmèt, ak tout kè nou n’ap lapriyè bon kè ou, pwòpte sèvitè ou yo ak penitans la, ba yo ledikasyon ak bon aksyon yo, fè yo pèsevere nan kòmandman ou yo avèk kè sensè, pou yo rive nan fèt pak yo san defo. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap sèvi Jezi temwen nan jan mwen pale ak jan mwen aji.

No hay comentarios:

Publicar un comentario