Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Se mò lawont n’ap kondane l’".
NAN
LIV LASAJÈS
2, 1a, 12-22
Mechan
yo di, antan y’ap kalkile sa k’ pa kòrèk nan kè yo:
"An
nou fè konplo kont sila a ki kòrèk la, paske li pa sèvi nou anyen, l’ap
kontrarye aktivite nou, l’ap repwoche nou peche nou fè kont lalwa a, l’ap
deklare peche nou fè kont ledikasyon nou. Li
pwomèt li gen syans Bondye, li nonmen pwòp tèt li pitit Bondye.
Li jennen panse nou: se yon chaj li ye pou nou, menm
pou nou gade l’; paske lavi l’ pa menm avèk lòt yo, chemen l’ yo pa chanje. Li
konsidere nou tankou bagay ki pa gen valè, li evite chemen nou yo tankou bagay
ki pa pwòp; li deklare moun kòrèk yo ap kanpe nan dènye tan an, li fè lwanj di
li gen Bondye kòm papa.
Ebyen an nou wè si pawòl li yo vre, an nou eseye pou
nou wè sa k’ap rive l’, n’a konnen kijan l’ap ye nan dènye tan an. Si se pitit Bondye vre li
ye, se pou Bondye resevwa l’, 1’a delivre l’ sot nan men moun k’ap pèsekite l’
yo.
Ak
afwon, ak move tretman n’ap poze l’ kesyon, pou nou konnen respè l’, pou nou
eseye pasyans li. Ak lanmò gwo lawont n’a kondane l’; sèke daprè pawòl li yo
gen moun pou veye sou li".
Se
sa y’ap kalkile, yo twonpe; mechanste yo avegle yo. Yo pa konnen mèvèy sakre
Bondye yo, yo pa espere rekonpans jistis la, yo pa jije konsiderasyon nanm sen
yo.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM
33, 17-18. 19-20. 21 e 23
R/ Granmèt la tou pre moun
ki gen kè yo sere.
Fas
Granmèt la sou moun k’ap fè sa k’ mal yo, pou l’ pèdi souvni yo sot sou tè a.
Yo
rele, Granmèt la reponn, anba tout tray yo li delivre yo.R.
Granmèt
la tou pre moun ki gen kè sere yo, l’ap sove sa k’ gen lespri yo kraze yo.
Anpil
tray pou moun ki kòrèk yo, anba yo tout Granmèt la delivre yo.R.
Li
prezève tout zo yo, youn nan yo p’ap kraze.
Granmèt
la ap delivre nanm sèvitè l’ yo, tout moun ki espere nan li yo li p’ap pini yo.R.
LEVANJIL
"Yo
te vle arete l’, men lè l’ pa t’ ko rive".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN
7, 1-2. 10. 25-30
Lè sa a:
Jezi t’ap vwayaje nan Lagalile; li pa t’ vle al nan
Lajide, paske Jwif yo t’ap chèche touye l’.
Jou
fèt Jwif yo, fèt Joupa yo, te toupre. Lè frè Jezi yo fin monte, lè a li menm
tou li monte nan fèt la, li pa kite yo wè l’, men se tankou an kachèt.
Nan
pami moun Jerizalèm yo, yo t’ap di: "Èske se pa sila a yo t’ap chèche
touye a? Epi gade l’ap pale an piblik, san pèsonn pa di l’
anyen. Èske
chèf yo ta rekonèt vre se Kris la li ye? Men sila a nou konnen kote l’ sòti;
Kris la menm lè l’ap rive, pèsonn p’ap konnen kote l’ sòti".
Jezi
t’ap rele byen fò nan kay sakre a? li t’ap bay lansèyman, li t’ap di: "Nou
konnen m’ nou konnen kote m’ sòti: men se pa ak pwòp pouvwa pa m’ mwen vini,
sila a ki voye m’ nan, li vrè, nou pa konnen l’.Mwen konnen l’, paske se nan li
mwen sòti, li menm menm ki voye m’".
Yo
te vle arete l’, men pèsonn pa t’ lonje men sou li, paske lè l’ pa t’ ko rive.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Kretyen an, se yon moun ki gen je li fikse sou Bondye.
Se yon moun k’ap chèche Bondye. Bib la, patikilyèman liv Lasajès la, se yon
gid, yon sous kote nou jwenn tout sa ki nesesè pou nou mache nan chemen Granmèt
la trase pou nou an.
Malerezman, anpil fwa nou pito pran chemen k’ap detounen nou, chemen k’ap devye nou oubyen dejwe nou, chemen ki mennen nou nan tèt chaje, nan boulvès. Pou Bondye anyen pa enposib; li renmen nou, li fou pou nou, li vle ede nou avanse, men fòk nou chwazi mache avèk li tou.
Nan tan difisil nou ye la a, se pou nou lapriyè anpil, mande Lespri Sen an ede nou wè klè, reziste kont tou sa ki pa bon. Sòm 33 ke n’ap medite jodi a, envite nou chèche Bondye, goute jan li bon pou nou, pa gaspiye lavi nou mezanmi, delivrans lan se sila ki toujou la, lè kè nou sere, lè difkilte lavi a vle pote nou ale, se li menm pou nou rele. Granmèt nou an fè sous favè li debòde pou sila yo ki kwè nan li, ki konte sou li ; menm lè nou gen pwoblèm, menm lè mechan kanpe an kwa, mezanmi se pou nou mete konfyans nou nan Bondye nèt ale.
Malerezman, anpil fwa nou pito pran chemen k’ap detounen nou, chemen k’ap devye nou oubyen dejwe nou, chemen ki mennen nou nan tèt chaje, nan boulvès. Pou Bondye anyen pa enposib; li renmen nou, li fou pou nou, li vle ede nou avanse, men fòk nou chwazi mache avèk li tou.
Nan tan difisil nou ye la a, se pou nou lapriyè anpil, mande Lespri Sen an ede nou wè klè, reziste kont tou sa ki pa bon. Sòm 33 ke n’ap medite jodi a, envite nou chèche Bondye, goute jan li bon pou nou, pa gaspiye lavi nou mezanmi, delivrans lan se sila ki toujou la, lè kè nou sere, lè difkilte lavi a vle pote nou ale, se li menm pou nou rele. Granmèt nou an fè sous favè li debòde pou sila yo ki kwè nan li, ki konte sou li ; menm lè nou gen pwoblèm, menm lè mechan kanpe an kwa, mezanmi se pou nou mete konfyans nou nan Bondye nèt ale.
Sepoutèt
sa nan Levanjil la, Apot Jan, nan chapit 10 la depi vèsè 31 an vle nou fè
atansyon lè nou nan tèt chaje, pèsekisyon.
Jwif
yo te lage nan kò Jezi tout jan, sa pa t’ fasil pou li ak ras moun sa yo ki te
foure je yo nan tout sa li t’ap fè pou yo te kapab pèsekite li, malgre li t’ap
defann kòz malere yo, pòv yo ak moun ki te plwaye anba tout kalite chaj pwoblèm
nan sosyete a. Men Jezi pa t’ pè yo, li rive di yo kèk pawòl kip a t’ byen tonbe
nan zòrèy Jwif yo ditou, tankou lè li te di: « Mwen menm ak papa a, nou se yon
sèl, poukisa nou vle kalonnen m’ poutèt bèl zèv mwen fè yo ; zèv mwen yo, se yo
ki sèvi m’ temwen ».
Jezi
vle montre aklè kilès li ye ak temwayaj li te bay sou pwòp tèt li. Mezanmi se
pa ti koze! Li ta bon pou nou li tout chapit la, epi pou jwenn plis enèji pou
lafwa nou, pou n’ fè fas ak pèsekisyon ak mechan yo. Bondye p’ap lage nou nan
batay pou kont nou, menm jan ak Jezi, se pou nou di laverite, defann lafwa nou
genyen nan mache avèk li ; lapriyè se kle ki louvri tout pòt, nenpòt kijan l’
fèmen.
An nou avanse, nou pa bezwen pè mache pou nou rive kot
Bondye vle nou rive a.
LAPRIYÈ: Papa Bondye,
mèsi pou renmen w’ gen pou nou. Ou konnen jan lavi nou frajil, ede nou kenbe
fèm, louvri chemen lespwa pou nou, fè nou avanse malgre tout difikilte, pou nou
kapab bati wayòm renmen ak jistis ou vle pou nou tout la. Amèn.
PWOPOZISYON: Se
nan jan mwen montre konviksyon lafwa mwen m’ap ede lòt moun kwè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario