Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
"Se kè sansib mwen
vle, se pa sakrifis".
NAN LIV PWOFÈT OZE 6, lb-6
Vini,
an nou tounen kot Granmèt la, paske se li menm ki chire, l’ap geri nou, li
frape, l’ap swen nou. L’ap fè nou viv aprè de jou, sou twazyèm jou a l’ap fè
nou leve, n’ap viv devan fas li. N’ap chèche konprann, n’ap suiv chemen pou nou
konnen Granmèt la. Sèke sòti l’ prepare tankou devan jou, l’ap vini sou nou
tankou lapli sezon, tankou seren sou tè a.
"Sa
pou m’ fè ou, Efrayim? Sa pou m’ fè ou, Jida? Kè sansib nou tankou nyaj maten, tankou lawouze k’ap
pase maten. Se pousa mwen travay nan pwofèt yo, mwen touye yo nan pawòl bouch
mwen, jistis ou ap sòti tankou limyè. Sèke
se kè sansib mwen vle, se pa sakrifis: se konesans Bondye plis pase sakrifis
antye".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 50, 3-4. 18-19. 20-21 ab
R/ Se kè sansib mwen vle, se
pa sakrifis.
Pitye
pou mwen, Bondye, daprè kè sansib ou a; daprè jan ou sansib anpil, efase fot
nou an.
Lave
m’ byen lave sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.
Sèke
ou p’ap pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou
plezi.R.
Sakrifis
pou Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap
meprize l’.
Aji
ak bon kè pou Siyon, Granmèt nan bòn volonte ou pou miray Jerizalèm yo kapab
rebati.
Lè
sa a w’a aksepte sakrifis jistis, kado avèk sakrifis antye.R.
LEVANJIL
"Pibliken
an desann an règ lakay li, men pa farizyen an".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
18, 9-14
Lè sa a:
Te gen kèk moun ki te met
konfyans yo nan yo menm kòm si se yo menm ki kòrèk, yo t’ap meprize lòt yo,
Jezi di parabòl sa a pou yo:
"De moun te monte
nan kay sakre a pou yo lapriyè: youn te farizyen, lòt la te pibliken. Farizyen
an kanpe la, l’ap lapriyè anndan kè l’: "Bondye, mwen di ou mèsi, paske
mwen pa tankou rès moun yo, yo vòlè, yo adiltè, oubyen menm tankou pibliken sa
a. Mwen fè jèn de fwa chak semèn, mwen bay dizyèm pati nan tout sa m’
genyen".
Pibliken an menm kanpe
byen lwen, li pa t’ vle leve je l’ nan syèl la, men li t’ap frape lestomak li
li t’ap di: "Bondye, pitye pou mwen, mwen se pechè".
Mwen di nou, sila a
desann lakay li an règ plis pase lòt la, paske tout moun ki leve tèt li, y’ap
fè l’ bese l’, moun ki bese tèt li, y’ap fè l’ leve l’".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Twa
pòsyon Labib nou li pou jodi a vle montre nou yon sèl bagay: Bondye se yon
Bondye mizerikòd, ki pran lapenn pou pitit li yo, yon Bondye ki fèb pou moun ki
fè kè yo piti devan l’. Nan premye lekti a ki sòti nan liv pwofèt Oze, Bondye
Granmèt la di n’ se pa gwo sakrifis ki pi enpòtan pou li, se pa sa sèlman l’ap
tann nan men nou. Bondye, nan bouch pwofèt la, mande pèp la pou l’ pratike
mizerikòd, pou l’ fè kè l’ sansib pou frè l’ak sè l’yo menm jan kè pa l’ sansib
pou li. Se nan kalfou renmen Bondye konvoke nou, kote li menm li toujou ap tann
nou.
Nan Levanjil Lik la, Jezi
t’ap pale ak yon seri de moun ki te mete konfyans yo nan pwòp tèt pa yo, yo te
panse yo korèk nèt, se yo ki pi bon pase tout moun.
Parabòl Jezi a pale sou
de moun, men de moun sa yo reprezante de gwoup moun nan sosyete jwif la: youn
se farizyen, lòt la se pibliken. Pibliken an se yon anplwaye leta ki t’ap
ranmase lajan enpo. Farizyen an se sila ki konnen Labib byen, li toujou ale nan
tanp la, li fè tout jefò l’ pou l’akonpli Lalwa Moyiz la. Kidonk poukisa se
farizyen ki tounen lakay li san lagras? Nan kisa li antò? Repons kesyon sa yo
nan dènye pati parabòl la: «Mwen di nou, sila a desann lakay li an règ plis
pase lòt la, paske tout moun ki leve tèt li, y’ap fè l’ bese l’, moun ki bese
tèt li, y’ap fè l’ leve l’».
Nan chapit douz ak trèz
premye lèt Pòl ekri moun Legliz korent yo, li mande yo mete koze renmen an nan
tout sa y’ap di ak nan tout sa y’ap fè. Paske ou mèt fè sa w’ vle, sote, ponpe pou w’ rive pi
sen pase tout moun, si w’ pa gen renmen sa p’ap sèvi w’ anyen.
Nan tan n’ap viv la gen
moun ki pa pale de renmen, men yo pale de “enèji pozitif”; lè li nan ou, li fè
kè w’ kontan, li fè w’ reyisi nan tout sa w’ap fè. Se renmen an ki nan nou, nou
dwe alimante l’ chak jou, pou l’ ka pouse rasin nan kè nou, pou li ka pran fòs
nan lavi nou; sèke nou p’ap wont, paske tout fwi renmen, menm si li jèmen nan
doulè, l’ap toujou bon.
LAPRIYÈ: Bondye
Papa, ou menm ki si tèlman renmen nou, ou mande pou nou youn renmen lòt, tanpri
aprann nou renmen ki san ipokrizi, san manti, san fent pou n’ rive bati sosyete
ou vle pou tout pitit ou yo. Amèn
PWOPOZISYON:
Derasinen move zèb move santiman ki nan kè nou, move lide ki nan panse sou,
dekwa pou jèm lanmou kapab jwenn plas pou grandi nan lavi nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario