Koulè Woz
KATRIYÈM
DIMANCH KARÈM ANE-B
PREMYE LEKTI
"Granmèt
la montre kòlè l’ak kè sansib li an ekzil ak delivrans pèp la".
LEKTI DEZYÈM LIV KWONIK YO
36, 14-16. 19-23
Jou sa yo:
Tout chèf prèt yo ak pèp
la fè peche mal dapre tout kalite move aksyon pèp yo, yo sal kay Granmèt la, sa
l’ te fè vin sen pou li nan Jerizalèm nan. Epoutan Granmèt Bondye zansèt yo
leve bonè nannuit chak jou l’ap avèti yo pa lentèmedyè mesaje l’ yo, paske Li
te vle menaje pèp la avèk kote l’abite a. Men yo menm yo te konn pase mesaje
Bondye yo nan rizib, yo te konn meprize pawòl yo, yo te konn pase pwofèt yo nan
jwèt, joustan kòlè Granmèt la monte kont pèp li a, san pa gen okenn remèd.
Lènmi yo boule kay Bondye
a, yo detwi miray Jerizalèm yo, yo boule tout kontrefò yo, yo kraze tout sa k’
te gen valè. Si yon moun te chape anba epe, yo te kondui l’ Babilòn, pou l’
sèvi wa a ak pitit li yo, joustan wa Pès yo vin kòmande, joustan pawòl Granmèt
la reyalize, sa l’ te di nan bouch Jeremi an, pou tè a fete saba l’ yo; tout
tan li te vid la, li fè saba a, joustan swasandiz-an yo reyalize.
Men
nan premye ane Siris, wa Pès yo, pou reyalize pawòl Granmèt la, sa l’ te di pa
lentèmedyè bouch Jeremi an, Granmèt la fè Siris wa Pès yo leve, li pase lòd pou
deklare nan tout rèy li a, menm nan lèt, li di: "Men pawòl Siris, wa Pès
yo: "Tout rèy tè a, Granmèt Bondye syèl la ban mwen yo, se li menm menm ki
pase m’ lòd pou m’ bati kay pou li nan Jerizalèm, ki nan Jida a. Kilès nan nou
ki nan tout pèp li a? Se pou Granmèt Bondye l’ la avèk li, se pou l’
monte".
Pawòl Granmèt la.
SÒM RÉPONS 136, 1-2. 3. 4-5. 6 (r.:
6a)
R/ Se pou lang mwen kole
nan palèt mwen, si m’ pa sonje ou.
Sou bò gran larivyè
Babilòn, se la nou te chita epi nou t’ap kriye, pandan nou t’ap sonje Siyon.
Nan pye banbou nan mitan
l’ yo nou te pandye gita nou yo.R.
Pakse se la yo te mande
nou, sila yo ki te fè nou prizonye yo, pawòl kantik, epi sila yo k’ap pèsekite
nou yo, kè kontan: "Chante pou nou nan kantik Siyon yo".R.
Kijan pou nou ta chante
kantik Granmèt la nan tè etranje?
Si m’ bliye ou,
Jerizalèm, se pou men dwat mwen bliye m’.R.
Se pou lang mwen kole nan
palèt mwen, si m’ pa sonje ou, si m’ pa mete Jerizalèm nan sous kè kontan an.R.
DEZYÈM LEKTI
''Nou te mouri akoz peche
yo, nou sove gras a favè a".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO
2, 4-10
Frè m’ yo:
Bondye ki rich nan kè
sansib, poutèt gran charite l’ la li renmen nou an, malgre nou te mouri akoz
peche yo, li fè nou viv jan Jezikri, se gras a favè Jezikri nou sove, li leve
nou, li fè nou chita avèk li nan syèl yo nan Jezikri; pou l’ te montre nan syèk
ki t’ap vini yo richès favè l’ nan jan l’ bon pou nou nan Jezikri.
Se gras a favè a nou sove
poutèt lavwa a, epi bagay sa a pa sòti nan nou menm, se yon kado Bondye, se pa
nan aksyon yo li sòti, pou pèsòn pa tire fyète. Nou se bagay li fè, nou kreye
nan Jezikri pou bon aksyon yo, sa Bondye te prepare yo, pou nou mache nan yo a.
Pawòl
Granmèt la.
LEVANJIL
"Bondye
voye Pitit li pou l’ sove tè a gras a li"
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN
3, 14-21
Lè sa a: Jezi di Nikodèm:
Menm jan Moyiz te leve
koulèv la nan savann nan, se konsa pou yo leve Pitit moun nan anlè, pou tout
moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi ki p’ap janm fini an.
Bondye
tèlman renmen tè a, li bay Pitit li a, sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan
li pa peri, men pou l’ gen lavi ki p’ap janm fini an. Sèke Bondye pa t’ voye
Pitit li a sou tè a pou l’ jije tè a, men pou tè a te kapab sove pa lentèmedyè
l’. Moun ki kwè nan li, yo p’ap jije l’; moun ki pa kwè a menm, li deja jije,
paske li pa kwè o non sèl Pitit Bondye a.
Men
jijman an, limyè a vin sou tè a, men lèzòm te pi renmen fènwa yo pase limyè a;
sèke travay yo te move reyèlman vre tout moun k’ap aji mal, li rayi limyè a, li
pa vin nan limyè a pou yo pa denonse travay li yo. Men
moun ki fè laverite, li vin nan limyè, pou yo kapab wè travay li klè, se nan
Bondye yo fèt".
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a, litiji a ba nou
yon avangou pafen kè kontan Pak la. Koulè litiji a se woz. Se dimanch "lætare" (=lajwa). Se dimanch ki
envite nou viv ak kè kontan nan lapè. Konsa nou kapab chante: «Fè kè w’ kontan Jerizalèm, se pou nou
rasanble nou tout ki renmen li…»
Bondye
vle pou kè nou kontan. Sikològ yo di nou yon
moun ki pa viv ak kè kontan, finalman li se yon moun ki malad nan kò ak nan
lespri. Sa vle di, lajwa
nou an dwe gen yon bon baz, li dwe eksprime kè poze yon lavi ki gen sans. Si se
pa sa, lajwa nou an kapab dejenere e li kapab tounen yon bagay sipèfisyèl epi
li ka fè nou pase pou moun ki egare, moun ki manke lespri. Sen Terèz te fè
diferans ant «lajwa ki sen» ak «lajwa ki fou». Dènye a, se yon lajwa sou po,
yon lajwa sipèfisyèl, pou yon ti bout tan e ki kite yon gou amè nan bouch nou.
Se
jou ki difisil pou lavi lafwa a. Men tou se tan ki make ak pasyon. Nan yon
fason, nou fè eksperyans ekzil Babilòn nan, sa sòm nan chante a. Nou menm tou
nou kapab viv yon eksperyans ekzil « nou t’ap kriye, pandan nou t’ap sonje
Siyon. » (Sòm 136, 1). Difikilte nou jwenn sou pa deyò yo kapab mennen nou sou
rivaj Babilòn nan. Men, malgre tout sa, nou gen anpil rezon pou nou espere, e
Bondye kontinye ap di nou: «Se pou lang mwen kole nan palèt mwen, si m’ pa
sonje ou» (Sòm 136, 6)
Nou kapab toujou viv ak kè kontan paske Bondye renmen
nou, li tèlman fou pou nou «Li ba nou sèl gren Pitit li a» (Jn 3, 16). Avan
lontan nou pral akonpaye sèl Pitit sa a sou chemen lanmò ak leve byen vivan li
a. Nou kontanple lanmou Sila a ki renmen nou jous li rive bay lavi li pou nou,
pou ou menm ak pou mwen menm. E lanmou va ranpli kè nou lè n’a wè «moun yo te
pèse a» (Jn 19, 37) e se konsa nou va gen yon kè kontan ke pèsonn p’ap kapab
wete nan nou menm.
Vrè lajwa ki
ranpli lavi nou an, se pa rezilta jefò pèsonèl nou. Sen Pòl fè nou sonje: li pa
sòti nan nou menm, se yon kado Bondye fè nou, nou se travay men li (Kol 1, 11).
An nou kite Bondye
renmen nou epi pou nou renmen li tou, e se konsa kè nou va kontan, pa sèlman
pandan n’ap viv, men tou nan pwochen Pak la.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt pou gwo kè kontan ou ban mwen nan
Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Kite Bondye karese nou epi transfòme nou antan n’ap
fè yon bon konfesyon avan Pak la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario