Koulè Blan
LENDI ANNDAN SEMÈN PAK LA.
PREMYE LEKTI
“Jezi sa a, Bondye fè l’ resisite, nou tout nou sèvi l’ temwen”.
NAN LIV TRAVAY APOT YO 2, 14. 22-32
Jou Pannkòt la, Pyè kanpe avèk onz
yo, li leve vwa l’, li deklare:
“Mesye Juif yo ak nou tout ki abite
Jerizalèm, aprann sa, pare zòrèy nou nan pawòl mwen yo. Mesye Izrayèl yo, koute
pawòl sa yo: Jezi moun Nazarèt la, mesye sa a Bondye te sèvi l’ temwen nan
mitan nou an, avèk mèvèy, pwodij ak siy Bondye te fè pa lantremiz li nan mitan
nou, jan nou konnen an, se li menm nou te touye a, lè nou fin renmèt li nan men
mechan yo pou yo fè l’ pase tray, daprè plan Bondye te fikse ak prevwayans li.
Bondye leve l’, li detwi soufrans anba tè yo, paske sa pa t’ posib pou l’ te
ret kenbe anba l’. Sèke David di osijè l’: "mwen te wè Granmèt la devan
fas mwen davans tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble. Se pousa kè
m’ kontan, lang mwen ap fete, ata chè m’ ret poze nan esperans; paske ou p’ap
lage nanm mwen anba tè a, ou p’ap kite Sen w’ nan wè dekonpozisyon. Ou fè m’
konnen wout lavi a, w’ap plen m’ ak kè kontan devan fas ou". "Mesye
frè m’ yo, kite m’ pale nou kareman sou papa nou David, li mouri, yo antere li,
kavo l’ lakay nou jous jounen jodi a. Kòm li te pwofèt, li te konnen Bondye te
fè l’ sèman osijè fwi ren li, pou l’ te fè l’ chita sou fotèy li, li te prevwa
li t’ap pale sou rezireksyon Jezikri a, sèke li pa abandone anba tè a, chè l’
pa wè dekonpozisyon. Jezi sa a, Bondye resisite l’, nou tout nou sèvi l’ temwen".
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 9-10. 11
R/ Prezève m’,
Bondye, paske mwen espere nan ou.
Prezève m’ Bondye, paske mwen espere
nan ou.
Mwen di Granmèt la: "Se Granmèt
mwen mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen ak kalis mwen: se ou menm ki kenbe
destine mwen.R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki
ban m’ entelijans; menm nannuit ren m’ ban m’ leson.
Mwen te mete Granmèt la devan fas
mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
Se pousa kè m’ kontan, tout andan
fon kè m’ ap danse; menm chè m’ poze nan esperans.
Paske ou p’ap lage nanm mwen nan
abitasyon mò yo, ou p’ap kite sen w’ nan wè dekonpozisyon.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè
kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan. R.
LEVANJIL
“Anonse frè m’ yo pou y’al nan Galile, se la y’a wè m’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 28, 8-15
Lè sa a: medam yo pati byen vit sot
nan kavo a ak sezisman ak gran kè kontan, y’al pot nouvèl bay disip li yo. Jezi
vin rankontre yo, li di: "Salu". Yo menm yo pwoche, yo kenbe pye l’,
yo adore l’. Lè sa a atò, Jezi di yo: “Pa pè; ale, anonse frè m’ yo, pou y’al
nan Galile, se la y’a wè m”. Pandan y’ale, gen kèkzen nan gad yo ki rive nan
vil la; yo anonse gran prèt yo tout sa k’ te pase. Yo rasanble, yo fè reyinyon avèk
ansyen yo, yo bay sòlda yo anpil lajan, yo di: “Di se disip li yo ki vin
nannuit, yo vòlè l’, pandan nou t’ap dòmi. Si prefè a aprann sa, n’a konvenk
li, n’a fè nou gen asirans”. Yo menm, lè yo vin resevwa lajan an, yo fè jan yo
te aprann yo a. Pawòl sa a gaye kay Juif yo jous jounen jodi a.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi, premye lendi nan semèn Pak la, se
kòm si se menm dimanch rezireksyon an n’ap pwolonje pandan uit (8) jou, pou nou
kontinye fete triyonf lavi sou lanmò. Sa se yon gran espwa pou tout kretyen ak
tout moun ki vle suiv Granmèt la.
Jezi kraze lanmò, li leve vivan; konsa
yon jou nou va resisite ansanm avèk li pou nou antre nan lavi ki p’ap jan fini
an. Se Sen Pòl ki di nou si nou mouri avèk Kris la, avèk li n’ap reviv.
Se poutèt sa nan premye lekti a, nou wè
jan Apot Pyè, granmesi fòs Lespri Sen an, li te deklare kokenn chenn evènman sa
a, li te temwaye gwo viktwa sa etan li di pèp juif la ke Jezi sa yo te touye sou kwa a, Bondye
leve l’ byen vivan. Sa se bon jan nouvèl esperans lan, Bondye nou an se Bondye
lavi a, se pa Bondye lanmò. Se lavi li vle pou tout pitit li yo.
Pòsyon Levanjil Matye nou sot li a
rankonte kòman Jezi te manifeste l’ bay yon gwoup medam ki te suiv li, menm
aprè lanmò, ki te toujou prezan ak li, ni nan bon tan ni nan move tan. Jezi
pwofite rankont li fè ak yo aprè rezireksyon li pou l’ voye yo anonse mesaj li
a bay disip li yo: «Pa pè, ale, anonse frè m’ yo, pou y’al nan Galile, se la y’a wè m’».
Se menm gran mesaj sa a Jezi vle kominike nou jodi a, nou pa bezwen pè anonse
bòn novèl li a, li la, li kanpe ansanm avèk nou; puiske li ranpotè laviktwa,
nou kapab di nan li nou genyen laviktwa tou.
An nou renouvle lafwa nou, lespwa nou
nan Bondye lavi sa a, ann di l’ nou vle viv nan lajwa ak lapè li pote pou nou
ak resireksyon Pitit li a.
LAPRIYÈ:Granmèt, mèsi poutèt ou vle m’ fè yon rezireksyon nan lavi m’, m’ap
mande w’ fòs pou m’ kapab temwaye nouvèl resireksyon w’ lan nan fason m’ap viv
chak jou.
PWOPOZISYON: Jodi
a, Jezi voye m’ al anonse lespwa yon lavi miyò.
No hay comentarios:
Publicar un comentario