Koulè Blan
MADI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
“Fè penitans, se pou chak moun nan nou batize o non Jezi”.
NAN LIV TRAVAY APOT YO 2, 36-41
Jou Pannkòt la, Pyè t’ap di Juif yo:
“Sètènman se pou tout kay Izrayèl la
konn sa, Bondye fè l’ Granmèt ak Kris, Jezi sa a nou te kloure sou kwa a”. Lè
yo tande pawòl sa yo, yo chagren nan kè yo, yo di Pyè ak lòt Apot yo: “Ki sa
pou nou fè, mesye frè nou yo”?
Pyè menm di yo: “Se pou nou fè
penitans, se pou chak moun nan nou batize o non Jezi, pou padon peche nou yo,
n’a resevwa kado Espri Sen an. Sèke se pou nou pwomès la ye, ansanm ak pitit
nou yo, ak tout moun ki lwen yo, tout sa Granmèt Bondye nou an rele yo”. Ak
anpil dòt pawòl ankò li t’ap sèvi temwen, li t’ap ankouraje yo, li t’ap di:
“Sove lavi nou sot nan jenerasyon sa a ki move a”. Moun yo ki te resevwa pawòl
li a, yo batize, jou sa a te gen apeprè twa mil moun ki vin tounen disip.
Pawòl
Granmèt la
SÒM REPONS 32, 4-5. 18-19. 20; 22
R/ Kè sansib
Granmèt la plen tè a.
Sèke pawòl Granmèt la dwat tout
aksyon l’ yo nan fidelite,
Li renmen jistis ak jijman, kè
sansib Granmèt la plen tè a.R.
Men je Granmèt la sou moun ki
respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li,
pou l’ delivre nanm yo sot nan
lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
Nanm nou ap konte sou Granmèt la,
paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye.
Se pou kè sansib ou vin sou nou,
Granmèt, tankou nou te espere nan ou.R.
LEVANJIL
“Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo li di m’”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN 20, 11-18
Lè sa a:
Mari te kanpe bò kavo a, sou pa
deyò, li t’ap kriye. Pandan l’ap kriye, li panche, li gade andan kavo a. Li wè
de zanj an blan ki chita, youn bò tèt la ak lòt la bò pye yo, kote yo te poze
kò Jezi a. Yo di l’: “Madanm, poukisa w’ap kriye”? Li di yo: “Se paske yo pran
Granmèt mwen an, mwen pa konnen kote yo mete l”. Pandan l’ap di sa, li vire
gade dèyè, li wè Jezi kanpe; men li pa t’ konnen se te Jezi. Jezi di l’:
“Madanm, poukisa w’ap kriye? Kilès w’ap
chèche?” Li menm antan l’ konprann se jeran jaden an, li di li: “Mèt, si se ou
k’ te wete l’, di m’ kote ou te depoze l’; epi mwen menm m’a pran l”. Jezi di l’: “Mari”! Li vire, li di l’:
“Raboni (sa vle di Mèt)”! Jezi di l’: “Pa touche m’; mwen pa ko monte kot Papa
m’. Men al kot frè m’ yo, di yo: “M’ap monte kot Papa m’
ak Papa nou an, Bondye m’ nan ak Bondye nou an”. Mari Madlèn
rive, li anonse disip yo: “Mwen wè Granmèt la, se bagay sa yo li di m”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Te gen anpil moun nan pèp Juif la ki te
deside pran chemen konvèsyon lè yo te tande bòn nouvèl resireksyon Granmèt la;
yo te vle chanje lavi yo, se poutèt sa yo mande Pyè kisa yo dwe fè pou yo mache
nan chemen Jezikri a. Pyè reponn yo, premye pa pou yo fè, se pou yo batize
epitou fè penitans pou yo ka evite tonbe nan sa ki mal. Pou nou viv selon
lespri resireksyon an, nou dwe fè mesaj la tounen yon reyalite nan lavi nou,
nou dwe enteryorize li.
Konsa, jodi a se yon jou pou nou
pwofite pou nou kapab renouvle pwomès nou tè fè nan batèm nou an, nou te fè sèman,
nou te fè yon alyans ak Granmèt la kote nou vle viv kòm pitit li, nou lage nou
nan men li pou li fè sa li vle ak nou, pou li fè sa l’ vle nan lavi nou.
Levanjil jodi a envite n’ reflechi sou
kalite atitid nou genyen devan bòn nouvèl viktwa lavi sou lanmò a; pafwa nou
tèlman fèmen nan nou menm, nou refize louvri je nou pou n’ wè klè tout sa l’ap
fè pou nou, nou bliye si Granmèt la ki gen tout pouvwa kapab rezoud ti pwoblèm
nou yo. Pafwa nou chita ap plenyen kalamite ak mizè nou epi nou bliye si Bondye
Granmèt la avèk nou, l’ ap travay an silans pou li kapab delivre peyi nou an
piti piti.
Ann sispann plenyen, ann ouvri pòt kè
nou bay Bondye lavi a, ki envite nou fè kè nou kontan. Bondye p’ap lage nou, li
toujou avèk nou sou wout la menm jan li te akonpanye disip Emayis yo nan moman
kote yo te dezole, kote yo te pèdi lespwa, paske li toujou pi pwòch pitit li yo
k’ap soufri.Kè sansib Granmèt la plen tè a (Sòm 32).
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ouvri kè m’ pou m’ kapab akeyi lespri rezireksyon
an e viv an konfòmite ak li, dekwa pou mwen kapab sòti nan lanmò pou ale nan
lavi ansanm ak ou.
PWOPOZISYON: Se nan jan m’ap viv m’ap sèvi Jezi temwen
chak jou nan lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario