Koulè Blan
MÈKREDI ANNDAN SEMÈN PAK LA
PREMYE LEKTI
“Sa m’ genyen an, mwen ba ou l’: o non Jezi, leve, mache”.
NAN LIV TRAVAY APOT YO 3, 1-10
Jou sa yo:
Pyè ak Jan t’ap monte nan Tanp la
pou lè lapriyè nevyèm è a. Te gen yon mesye ki te enfim depi nan vant manman
l’, yo t’ap pote l’. Chak jou yo te konn depoze l’ bò pòt Tanp lan, sa yo rele
Bèl la, pou l’ mande moun yo k’ap antre nan Tanp la lacharite. Li menm, kon l’
wè Pyè ak Jan k’a pral antre nan kay sakre a, li mande yo pou yo fè l’ jwenn
lacharite. Pyè menm antan l’ l’ap gade l’ byen ansanm ak Jan, li
di: “Gade nou”. Li menm li poze je l’ sou yo, li te espere li t’ap
jwenn kichòy nan men yo. Pyè menm di: “Lajan ak lò, mwen pa gen sa; sa m’
genyen an mwen ba ou l’: o non Jezikri moun Nazarèt la, leve, mache”. Li pran men
dwat li, li leve l’, menm lè a jwenti ak plant pye l’ vin solid. Li vòltije
kanpe, li t’ap mache, li antre avèk yo nan Tanp la, l’ap mache, l’ap vòltije,
l’ap fè lwanj Bondye. Tout pèp la wè l’ap mache, l’ap fè lwanj Bondye. Yo te
rekonèt li, se li menm ki te konn chita bò Bèl Pòt Tanp la, pou lacharite a, yo
te plen ak sezisman, yo te dekontwole pou sa k’ te rive l’ la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 104, 1-2. 3-4. 6-7. 8-9
R/ Se pou kè
moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.
Fè lwanj Granmèt la, rele non l’,
anonse travay li nan pami nasyon yo.
Chante pou li, jwe mizik pou li,
kalkile sou tout mèvèy li yo.R.
Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an,
se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.
Chèche Granmèt la ak pouvwa l’,
chèche fas li tout tan.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb,
sila a chwazi a.
Se li menm Granmèt Bondye nou; sou
tout tè a jijman l’ yo.R.
Li sonje alyans li a tout tan, pawòl
li te kòmande bay mil jenerasyon yo,
sa l’ te pase avèk Abraam nan, sèman
li te fè bay Izaak la.R.
LEVANJIL
“Yo rekonèt li nan kase pen an”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 24, 13-35
Te gen de nan disip Jezi yo ki t’a
pral nan bouk, premye jou semèn sa a, bouk la te yon distans onz kilomèt parapò
a Jerizalèm, yo te rele l’ Emayis. Yo menm yo t’ap pale antre yo sou tout sa k’
te pase. Rive, pandan y’ap koze, y’ap chèche antre yo, Jezi menm pwoche, l’ap
mache avèk yo. Je yo te gen yon bagay ki kenbe yo, pou yo pa rekonèt li. Li di
yo: “Ki pawòl sa yo, n’ap pale antre nou pandan n’ap mache a, epi ki fè nou
tris la”? Youn yo rele Klewofas, di l’: “Se ou menm sèl ki etranje nan
Jerizalèm, ou pa konnen sa k’ rive nan jou sa yo”? Li di yo: “Ki bagay”? Yo di:
“Osijè Jezi moun Nazarèt la, ki te yon pwofèt, ki gen pouvwa nan aksyon ak
pawòl devan Bondye ak tout pèp la. Kijan prèt an chèf yo ak chèf nou yo renmèt
li nan kondanasyon lanmò, epi yo kloure l’ sou kwa. Nou menm nou te espere, se
li menm ki t’ap delivre Izrayèl; koulye a menm sou tout bagay sa yo jodi a se
twazyèm jou depi yo rive. Men kèk medam nan pami nou te fè nou sezi, yo t’al
nan kavo a devan jou, yo pa jwenn kò l’, yo vin di yo wè vizyon zanj yo, ki di yo
li vivan. Kèkzen nan nou al nan kavo a, yo jwenn bagay yo jan medam yo di a;
men li menm yo pa jwenn li”.
Li di yo: “Nou sòt, nou pran tan nan
kè nou pou nou kwè tout sa pwofèt yo te pale yo! Èske Kris la pa t’ gen pou l’
soufri, epi se konsa pou l’ antre nan glwa l’ la”? Li kòmanse depi sou Moyiz ak
tout pwofèt yo, li eksplike yo nan tout sa k’ ekri a sa k’ te konsène l’. Yo
pwoche bò bouk la kote yo t’a prale a, li menm li fè kòmsi l’a pral pi lwen, yo
fòse l’, yo di: “Ret avèk nou, paske aswè rive, jou a deja bese”. Li antre avèk
yo. Pandan li atable avèk yo, li pran pen, li beni, li kase, li ba yo. Je yo
louvri, yo rekonèt li. Li menm menm li disparèt sot devan je yo.
Youn di lòt: “Èske kè nou pa t’ cho
andan nou, pandan li t’ap pale sou chemen an, li t’ap eksplike nou sa k’ ekri
yo”? Yo leve menm lè a, yo tounen Jerizalèm. Yo jwenn onz yo rasanble, ni sa yo
ki te avèk yo a, yo di Granmèt la leve vre, li parèt devan Simon. Yo rakonte sa
k’ te pase sou chemen an, kijan yo te rekonèt li nan kase pen an.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Yo te rekonèt li nan kase pen an» (Lik
24,35).
Genyen gwo evénman ki
pase nan lavi nou ke nou pa kapab rive konprann tousuit, men nou bezwen pran
tan ak pasyans, menm jan lè n’ap manje yon bagay ki enteresan ke nou pa ta
renmen fini. Rezireksyon Granmèt la se youn nan gwo evènman sa yo, sa ki pi
enpòtan an, evénman ki rezime tout lavi Granmèt nou Jezikri ki te bay tèt li
sou kwa e ki pote laviktwa sou lanmò a.
Legliz la ba nou uit jou
aprè Dimanch Pak la pou nou selebre gwo evènman sa a, se sa yo rele Oktav Pak oubyen Semèn Pak la. Gwo Dimanch Pak la pwolonje ak yon semèn, pou nou
menm kretyen yo nou kapab pyafe ak kè kontan akoz Kris la ki triyonfe sou mal
la ak peche mond lan. Viktwa Kris la se viktwa pa nou!
Jodi a se mèkredi anndan
semèn Pak la e tèks nou li jodi a pale nou sou tristès, dekourajman, dout,
fristrasyon, ospitalite ak espwa. Tout bagay sa yo se santiman ki makonnen ak
lavi n’ap viv chak jou e Bondye li menm, li konnen sa k’ap pase nan lavi nou e
li toujou prè pou li pote nou sekou, pou li sove nou.
De disip Emayis yo tounen
lakay yo, tou dekouraje, yo te pèdi lafwa ak kè kontan yo te genyen nan lavi
yo. Yo panse tout bagay fini, yo panse fòs mal te pi fò. Vrèman, yo te santi yo
pran echèk ak Jezi. Yo t’ap espere yon Mesi gwo ponyèt, vwala yo rankontre ak
yon nèg ki mouri sou lakwa, yon nèg k’ap mande padon pou ènmi ak asasen li yo.
Pandan yo sou wout la y’ap tounen lakay yo, yon enkoni vin ap mache ak yo: yon
moun òdinè tankou tout moun nou kapab rankontre nan lari, nan jaden, nan machin
piblik, nan travay…Men enkoni sa a, se Jezi menm k’ap mache tipa tipa ansanm ak
nou. Nan kòmansman, li pa di anyen, li fè silans e li pran tan pou li kapab
koute sa k’ap sòti nan kè peleren yo. Aprè sa ak anpil pasyans li pral eksplike
ki sans lanmò li a te genyen, ki sans bay li te bay tèt li a te genyen. L’ap fè
yo konnen ke renmen an, menmsi li parèt pi fèb, li pi fò ke fòs rayisans ak
vanjans lan. Yon lòt fwa Jezi limen kè disip yo e li reveye sa ki pi bon an nan
yo: ospitalite, pataje ak lòt la sa nou genyen menm si li pa anpil.
Genyen moman nan lavi nou
kote nou pa kapab di gwo lapriyè, paske tristès oubyen dezespwa kouvri nou
tankou gwo nyaj nan move tan. Nan moman sa a yo nou kapab repete ansanm ak
disip Emayis la yo: “Ret avèk nou, Granmèt”. Se pou kè
kontan nou nan Granmèt la tounen yon fòs pou nou nan Pak sa a epi pandan tout
lavi nou, se pou nou kapab kouri al pataje kè kontan sa a ak frè ak sè nou yo!
LAPRIYÈ: Granmèt Jezi,
tanpri ede mwen dekouvri klète limyè prezans ou nan mitan fènwa difikilte,
tristès ak angwas ki vlope lavi mwen.
PWOPOZISYON:
Dekouvri prezans Bondye nan lavi mwen, adore
li nan Sakreman Lekaristi a, fè jefò pou mwen kapab tounen yon moun ki trè
akeyan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario